< Ezekyèl 22 >

1 Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
Opět stalo se slovo Hospodinovo ke mně, řkoucí:
2 “Epi ou menm, fis a lòm, èske ou va jije? Èske ou jije vil sanglan an? Alò, fè l konnen tout abominasyon li yo.
Ty pak synu člověčí, zastával-li bys, zastával-liž bys toho města vražedlného? Raději mu oznam všecky ohavnosti jeho,
3 Ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon vil k ap vèsè san nan mitan li, pou tan pa li ka vini e ki fè zidòl kont enterè li, pou l ka vin souye!
A rci: Takto praví Panovník Hospodin: Přicházíť čas města toho, jenž prolévá krev u prostřed sebe, a dělá ukydané bohy proti sobě, aby se poškvrňovalo.
4 Ou te vin koupab pa san ke ou te vèse yo e vin souye pa zidòl ke ou te fè yo. Konsa, ou te mennen jou ou a vin pre, e ou fin rive nan ane ou yo. Akoz sa a, Mwen te fè ou vin yon repwòch pou nasyon yo, e yon vye rizib pou tout peyi yo.
Ty krví svou, kterouž jsi prolilo, zavinivší, a ukydanými bohy svými, jichž jsi nadělalo, sebe poškvrnivší, to jsi způsobilo, že se přiblížili dnové tvoji, a přišlo jsi k letům svým. Protož vydám tě v pohanění národům, a ku posměchu všechněm zemím.
5 Sila ki pre ak sila ki lwen ou yo va moke ou, ou menm ak move repitasyon, plen twoub.
Blízké i daleké od tebe budou se tobě posmívati, ó zlopověstné a různic plné.
6 “‘“Gade byen, chèf Israël yo, yo chak selon fòs pouvwa yo, te nan ou ak bi pou vèse san an.
Aj, knížata Izraelská jeden každý vší silou na to se vydali, aby krev v tobě prolévali.
7 Nan ou yo te trete papa ak manman a lejè. Etranje yo te oprime nan mitan ou. Òfelen ak vèv yo te maltrete nan ou.
Otce i matku zlehčují v tobě, pohostinnému činí nátisk u prostřed tebe, sirotka a vdovu utiskují v tobě.
8 Ou te meprize bagay sen Mwen yo, e ou pwofane Saba Mwen yo.
Svatými věcmi mými zhrdáš, a sobot mých poškvrňuješ.
9 Mesye medizan yo te anndan ou nan bi pou yo ta ka vèse san. Nan ou, yo te manje sou lotèl mòn yo. Nan mitan ou, yo te komèt zak ki tèlman lèd.
Utrhači jsou v tobě, aby prolévali krev, a na horách jídají v tobě; nešlechetnost páší u prostřed tebe.
10 Nan ou, yo te dekouvri nidite a papa yo. Nan ou, yo te imilye fanm ki pa t pwòp akoz règ yo.
Nahotu otce syn odkrývá v tobě, a nečisté v oddělení ponižují v tobě.
11 Youn te komèt abominasyon ak madanm a vwazen li, e yon lòt, nan yon zak byen lèd, te souye bèlfi li. Epi yon lòt, nan ou, te imilye sè li, pitit a papa li.
Jiný pak s ženou bližního svého páše ohavnost, a jiný s nevěstou svou poškvrňuje se nešlechetností, a jiný sestry své, dcery otce svého, ponižuje v tobě.
12 Nan ou, yo te touche anba tab pou yo ta vèse san. Ou te pran enterè ak pwofi, ou te fè donmaj a vwazen ou yo pou ou kab vin genyen pa opresyon, e ou te bliye Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.
Dar berou v tobě, aby krev prolili; lichvu a úrok béřeš, a zisku hledáš s útiskem bližního svého, na mne se pak zapomínáš, dí Panovník Hospodin.
13 “‘“Alò, gade byen, Mwen frape men M kont pwofi malonèt ou, ke ou te vin genyen nan vèse san moun pami ou.
Protož aj, já tleskl jsem rukama svýma nad ziskem tvým, jehož dobýváš, i nad tou krví, kteráž byla u prostřed tebe.
14 Èske kè ou kapab sipòte, oswa èske men ou kapab gen fòs nan jou ke Mwen va regle ou a? Mwen menm, SENYÈ a, te pale e Mwen va aji.
Zdali ostojí srdce tvé? Zdaž odolají ruce tvé dnům, v nichž já budu zacházeti s tebou? Já Hospodin mluvil jsem i učiním.
15 Mwen va gaye ou pami nasyon yo, Mwen va dispèse ou nan tout peyi yo, e Mwen va fè disparèt sa ki pa pwòp pami ou.
Nebo rozptýlím tě mezi pohany, a rozženu tě po krajinách, a do konce vyprázdním nečistotu tvou z tebe.
16 Ou va pwofane tèt ou devan zye a tout nasyon yo, e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
A zavrženo jsuc před očima pohanů, poznáš, že já jsem Hospodin.
17 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
Potom stalo se slovo Hospodinovo ke mně, řkoucí:
18 “Fis a lòm, lakay Israël la te vin dechè pou Mwen. Yo tout se bwonz, fè blan, fè ak plon nan fou. Yo se dechè ajan.
Synu člověčí, obrátili se mi dům Izraelský v trůsku, všickni napořád jsou měď, cín, železo a olovo u prostřed peci, trůsky stříbra jsou.
19 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz nou tout te vin dechè, pou sa, gade byen, Mwen pral rasanble nou nan mitan Jérusalem.
Pročež takto praví Panovník Hospodin: Proto že jste vy všickni obrátili se v trůsky, protož aj, já shromáždím vás do Jeruzaléma.
20 Jan yo rasanble ajan, bwonz, fè, plon, ak fè blan nan fou pou soufle dife sou li pou fann li, konsa, Mwen va rasanble nou nan mekontantman Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, e la, Mwen va depoze nou pou fann nou.
Jakž se shromažďuje stříbro a měď, železo, olovo i cín do prostřed peci, k rozdmýchání ohně vůkol něho a k rozpouštění: tak shromáždím v hněvě a v prchlivosti své, a slože, rozpouštěti vás budu.
21 Mwen va rasanble nou pou soufle sou nou avèk dife kòlè Mwen, e nou va vin fann nèt nan mitan li.
Sberu vás, pravím, a rozdmýchám okolo vás oheň prchlivosti své, i rozpustíte se u prostřed města.
22 Tankou ajan fann nan founo, se konsa nou va fann nan mitan li. Konsa, nou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te vide chalè kòlè Mwen sou nou.’”
Jakž se stříbro rozpouští v peci, tak se rozpustíte u prostřed něho, i zvíte, že já Hospodin vylil jsem prchlivost svou na vás.
23 Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
Ještě stalo se slovo Hospodinovo ke mně, řkoucí:
24 “Fis a lòm, di a fi a: ‘Ou se peyi ki pa pwòp la, ki p ap gen lapli nan jou kòlè a.’
Synu člověčí, rci: Ty země jsi nečistá, nebudeš deštěm svlažena v den rozhněvání.
25 Gen konplo a pwofèt nan mitan li yo, kon yon lyon voras k ap dechire bèt pou li manje. Yo fin devore nanm moun. Yo te pran trezò presye ak tout bagay chè yo. Yo te fè anpil vèv nan mitan li.
Spiknutí proroků jejích u prostřed ní, jsou podobni lvu řvoucímu, uchvacujícímu loupež, duše žerou, bohatství a věci drahé berou, a činí mnoho vdov u prostřed ní.
26 Prèt li yo te fè vyolans kont lalwa Mwen an, e te pwofane bagay sen Mwen yo. Yo pa t fè okenn separasyon antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, ni yo pa t ansegne distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp. Yo kache zye yo devan Saba Mwen yo, e Mwen vin pwofane pami yo.
Kněží její natahují zákona mého, a svaté věci mé poškvrňují, mezi svatým a poškvrněným rozdílu nečiní, a mezi nečistým a čistým nerozeznávají. Nadto od sobot mých skrývají oči své, tak že zlehčován bývám mezi nimi.
27 Prens ki anndan li yo tankou lou k ap dechire bèt pou yo manje, k ap vèse san e detwi lavi pou fè benefis malonèt.
Knížata její u prostřed ní jsou jako vlci uchvacující loupež, vylévajíce krev, hubíce duše, aby sháněli mrzký zisk.
28 Pwofèt li yo blanchi tout bagay ak lacho pou yo, nan fè fo vizyon ak divinasyon manti pou yo; divinasyon k ap di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a’, lè SENYÈ a pa t pale.
Proroci pak jejich obmítají jim vápnem ničemným, předpovídají marné věci, a hádají jim lež, říkajíce: Takto praví Panovník Hospodin, ješto Hospodin nemluvil.
29 Pèp peyi a te pratike opresyon ak vòl, yo te vòlè malere ak endijan yo, e te oprime sila ki rete pami yo san jistis.
Lid této země činí nátisk, a cizí věci mocí béře, chudému a nuznému ubližují, a pohostinného utiskují nespravedlivě.
30 “Mwen te chache pami yo yon nonm ki pou ta bati miray la, e kanpe nan brèch la devan Mwen pou peyi a, pou M pa ta detwi li, men Mwen pa t jwenn pèsòn.
Hledaje pak někoho z nich, kterýž by udělal hradbu, a postavil se v mezeře před tváří mou za tuto zemi, abych jí nezkazil, žádného nenacházím.
31 Pou sa, Mwen fin vide chalè a kòlè Mwen sou yo. Mwen te konsonmen yo nèt ak dife a chalè kòlè Mwen. Chemen pa yo, Mwen te fè l desann sou tèt yo,” deklare Senyè BONDYE a.
Protož vyleji na ně rozhněvání své, ohněm prchlivosti své konec jim učiním, cestu jejich jim na hlavu obrátím, praví Panovník Hospodin.

< Ezekyèl 22 >