< Ezekyèl 21 >

1 Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote Mwen. Li te di:
E veio a mim a palavra do Senhor, dizendo:
2 “Fis a lòm, ranje figi ou vè Jérusalem. Pale kont sanktyè yo e pwofetize kont peyi Israël:
Filho do homem, dirige o teu rosto contra Jerusalém, e derrama as tuas palavras contra os santuários, e profetiza contra a terra de Israel.
3 Di a peyi Israël la: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen vin kont nou. Mwen va rale nepe Mwen nan fouwo, e Mwen va koupe retire de nou moun dwat yo ak mechan yo.
E dize à terra de Israel: Assim diz o Senhor: Eis me aqui contra ti, e tirarei a minha espada da sua bainha, e exterminarei do meio de ti o justo e o ímpio.
4 Konsa, lè M ap koupe retire nèt de nou, moun dwat yo ansanm ak mechan yo, nan menm fwa, nepe M va rale soti nan fouwo li, kont tout chè soti nan sid jis rive nan nò.
E, porquanto hei de exterminar do meio de ti o justo e o ímpio, por isso sairá a minha espada da sua bainha contra toda a carne, desde o sul até ao norte.
5 Konsa, tout chè va konnen ke Mwen, SENYÈ a, te rale nepe Mwen sòti nan fouwo. Li p ap remete nan fouwo ankò.”’
E saberá toda a carne que eu, o Senhor, tirei a minha espada da sua bainha: nunca mais voltará a ela.
6 “Pou ou menm, fis a lòm, plenn fò nan gòj ou ak kè kase, ak doulè òrib. Plenn nan gòj devan zye yo, ak kè kase, byen amè.
Tu, porém, ó filho do homem, suspira; suspira aos olhos deles, com quebrantamento dos lombos e com amargura.
7 Konsa, lè yo mande ou, ‘Poukisa w ap plenn nan?’ ou va di: ‘Akoz nouvèl k ap vini an! Tout kè va fann, tout men va vin pèdi fòs, nanm a tout moun va vin fennen e tout jenou yo va vin fèb tankou dlo. Gade byen, sa ap vini e sa va fèt’, deklare Senyè BONDYE a.’”
E será que, quando eles te disserem: Porque suspiras tu? dirás: Pela fama, porque já vem; e todo o coração desmaiará, e todas as mãos se enfraquecerão, e todo o espírito se angustiará, e todos os joelhos se desfarão em águas; eis que já vem, e se fará, diz o Senhor Jehovah.
8 Ankò, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
E veio a mim a palavra do Senhor, dizendo:
9 “Fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Yon nepe! Yon nepe! Li file e anplis, klere!
Filho do homem, profetiza, e dize: Assim diz o Senhor: dize: A espada, a espada está afiada, e também açacalada.
10 File pou fè yon masak, klere pou tire kon kout loray! Èske se konsa nou dwe fè kè kontan? Baton fis Mwen an, kondannen denyè pyebwa a.
Para matar com grande matança está afiada, para reduzir está açacalada: alegrar-nos-emos pois? a vara de meu filho é que despreza todo o madeiro.
11 Li fèt pou li ta poli, pou yo kab manyen li. Nepe a file e poli, pou plase nan men a sila k ap touye a.
E a deu a açacalar, para usar dela com a mão: esta espada está afiada, e está açacalada, para a meter na mão do que está para matar.
12 Kriye fò e rele anmwey, fis a lòm; paske li kont pèp Mwen an, li kont tout prens Israël yo. Yo vin livre a nepe a avèk pèp Mwen an. Akoz sa, frape kwis ou.
Grita e uiva, ó filho do homem, porque esta será contra o meu povo, será contra todos os príncipes de Israel: espantos terá o meu povo por causa da espada; portanto bate na coxa.
13 “Paske gen yon tribinal. Kisa pou di si menm baton ki kondanen an pa la ankò?” deklare Senyè BONDYE a.
Quando se fez a prova que havia então? porventura também não haveria vara desprezadora? diz o Senhor Jehovah.
14 “Pou sa, ou menm, fis a lòm, pwofetize e bat men ou ansanm. Kite nepe a vin double pou twazyèm fwa a, nepe pou tout sila ak blesi fatal yo. Se nepe pou gran la ki pote yon blesi fatal. Nan chanm yo l ap antre.
Tu pois, ó filho do homem, profetiza, e bate com as mãos uma na outra; porque a espada até à terceira vez se dobrará: a espada é dos atravessados grandes, que entrará a eles até nas recâmaras.
15 Pou kè yo ka fann, e anpil moun tonbe sou pòtay yo, Mwen te plase nepe klere a devan tout potay yo. Ah! Li fèt pou frape tankou loray; li byen pwenti ak lentansyon fè masak.
Para que desmaie o coração, e se multipliquem os tropeços, contra todas as suas portas pus a ponta da espada, a que foi feita para reduzir, e está reservada para matar!
16 Rasanble nou menm. Ale adwat! Pozisyone ou byen alinye! Ale agoch, nenpòt kote ou gade.
Ó espada, reune-te, vira-te para a direita; prepara-te, vira-te para a esquerda, para onde quer que o teu rosto se dirigir.
17 Anplis, Mwen va bat men M ansanm; Mwen va satisfè chalè kòlè Mwen. Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale li.”
E também eu baterei com as minhas mãos uma na outra, e farei descançar a minha indignação: eu, o Senhor, o falei.
18 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
E veio a mim a palavra do Senhor, dizendo:
19 “Pou ou menm, fis a lòm, fè de wout pou nepe wa Babylone nan kapab vini. Toulède va sòti nan yon sèl peyi. Epi fè yon endikasyon sou poto bwa. Fè l nan tèt wout pou antre nan vil la.
Tu pois, ó filho do homem, propõe dois caminhos, por onde venha a espada do rei de Babilônia: ambos procederão de uma mesma terra, e escolhe uma banda; no cimo do caminho da cidade o escolhe.
20 Ou va trase wout la pou nepe a vin rive nan Rabbath a fis a Ammon yo, e vè Juda, nan Jérusalem fòtifye a.
Um caminho proporás, por onde virá a espada contra Rabba dos filhos de Ammon, e contra Judá, em Jerusalém, a fortificada.
21 Paske wa Babylone nan te kanpe nan kote wout yo divize a, nan tèt a de wout yo, pou fè sèvis divinò. Li te souke flèch yo, li konsilte zidòl lakay yo, li egzamine fwa a.
Porque o rei de Babilônia parará na encruzilhada, no cimo dos dois caminhos, para usar de adivinhações: aguçará as suas flechas, consultará os terafins, atentará para o fígado
22 Sou men dwat li, oso a an te parèt; ‘Jérusalem,’ pou monte ak gwo moso bwa long pou kraze pòtay yo, pou ouvri bouch pou masak la, pou leve vwa gwo kri batay la, pou mete gwo bout bwa long yo kont pòtay yo, pou monte ran syèj yo, pou bati yon miray syèj.
Á sua direita estará a adivinhação sobre Jerusalém, para ordenar os arietes, para abrir a boca à matança, para levantar a voz com júbilo, para pôr os arietes contra as portas, para levantar uma tranqueira, para edificar um baluarte.
23 Epi sa va pou yo kon yon fo divinasyon nan zye yo. Yo te fè sèman solanèl, men li mennen inikite nan memwa yo, pou yo ka vin sezi yo.
Isto será aos olhos deles como adivinhação vã, porquanto foram ajuramentados com juramentos entre eles; porém ele se lembrará da maldade, para que sejam apanhados.
24 “Akoz sa”, pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz nou te mennen inikite nan memwa nou, nan sa, transgresyon nou yo vin dekouvri nèt. Konsa, pou tout zak nou yo, peche nou vin parèt—akoz nou vin sonje yo, men lan va vin sezi nou.
Portanto assim diz o Senhor Jehovah: Porquanto me fazeis lembrar da vossa maldade, descobrindo-se as vossas prevaricações, aparecendo os vossos pecados em todos os vossos tratos, porquanto viestes em memória, sereis apanhados na mão.
25 “‘Epi ou menm, O nonm mechan an ak blesi fatal la, prens Israël la, ou menm ak jou ki rive a, nan moman pinisyon final lan.
E tu, ó profano e ímpio príncipe de Israel, cujo dia virá no campo da extrema maldade,
26 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Retire mouchwa sou tèt ou a, e retire kouwòn nan. Sa p ap menm ankò. Leve sa ki ba e bese sa ki wo.
Assim diz o Senhor Jehovah: Tira para fora o diadema, e levanta de ti a coroa; esta não será a mesma; exalta ao humilde, e humilha ao soberbo.
27 Mwen va boulvèse, boulvèse, boulvèse tout sa a. Sa tou p ap genyen li ankò jiskaske Sila ki gen dwa a, vini, e Mwen va bay li a Li menm.”’
Ao revéz, ao revéz, ao revéz porei aquela coroa, e ela mais não será, até que venha aquele a quem pertence de direito, e a ele a darei.
28 “Ou menm, fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan fis a Ammon yo e konsènan ‘repwòch’ yo: “Yon nepe, yon nepe fin rale! Li klere pou masak la, pou fè l konsonmen nèt, pou li kapab tankou loray.
E tu, ó filho do homem, profetiza, e dize: Assim diz o Senhor Jehovah acerca dos filhos de Ammon, e acerca do seu desprezo: dize pois: A espada, a espada está desembainhada, açacalada para a matança, para consumir, para reluzir;
29 Pandan yo wè pou ou fo vizyon yo, pandan yo devine manti pou ou, pou mete ou sou kou a mechan ki gen blesi fatal la, jou a sila ki fin rive a, nan lè pinisyon final la.
Entretanto que te veem vaidade, entretanto que te adivinham mentira, para te porém aos pescoços dos traspassados pelos ímpios, cujo dia virá no tempo da extrema maldade.
30 Remete li nan fouwo a. Nan plas kote ou te kreye a, nan pwòp peyi ou an, Mwen va jije ou.
Torna a tua espada à sua bainha: no lugar em que foste criado, na terra do teu nascimento, julgarei.
31 Mwen va vide kòlè Mwen sou ou. Mwen va soufle sou ou ak dife kòlè Mwen e Mwen va livre ou nan men a lezòm brital yo; sila ak gran kapasite pou detwi.
E derramarei sobre ti a minha indignação, assoprarei contra ti o fogo do meu furor, entregar-te-ei nas mãos dos homens fogosos, inventores de destruição.
32 Ou va vinbwa sèch pou dife a; san ou va vide nan mitan peyi a. Yo p ap sonje ou ankò; paske Mwen menm, SENYÈ a, fin pale.”’”
Para o fogo servirás de pasto: o teu sangue será no meio da terra: não virás em memória; porque eu, o Senhor, o falei.

< Ezekyèl 21 >