< Ezekyèl 20 >

1 Alò, nan setyèm ane, nan senkyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, kèk nan ansyen Israël yo te vin mande SENYÈ a konsèy. Yo te chita devan m.
七年五月十日,有些以色列長老前來求問上主,他們坐在我面前。
2 Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
上主的話傳給我說:「
3 “Fis a lòm, pale ak ansyen Israël yo pou di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Èske nou vini la pou mande M konsèy? Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Nou p ap vin mande M konsèy.’”
人子,你要向以色列長老發言,對他們說:吾主上主這樣說:你們是為求問我而來的嗎﹖我指著我的生命起誓:我決不讓你們求問──吾主上主的斷語──
4 “Èske ou va jije yo, fis a lòm? Èske ou va jije yo? Fè yo konnen abominasyon a papa yo.
人子,你應開庭審問他們,叫他們知道他們祖先的醜惡。
5 Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan jou ke M te chwazi Israël la, e te sèmante a desandan a lakay Jacob yo, pou te revele Mwen menm a yo menm nan peyi Égypte la, lè M te sèmante a yo menm, e te di: ‘Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an,’
你向他們說:吾主上主這樣說:在我揀選以色列之日,便向雅各伯的後裔舉手起誓,並在埃及地顯示給他們,向他們舉手起誓說:我是上主,你們的天主。
6 nan jou sa a, Mwen te sèmante a yo menm pou mennen fè yo sòti nan peyi Égypte, pou antre nan yon peyi ke M te chwazi pou yo, ki koule lèt avèk siwo myèl, ki se glwa a tout peyi yo.
在那一天,我曾向他們舉手起誓,要領他們出離埃及地,到我早給他們揀選的流奶流蜜的地方去,那是普世最肥美的地方。
7 Mwen te di a yo menm: ‘Voye jete, nou chak, bagay abominab a zye nou yo, e pa souye tèt nou ak zidòl Égypte yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’
那時我向他們說:你們每人都該拋棄自己最喜愛的偶像,不要為埃及的神像所玷污:我是上主,你們的天主;
8 “‘“Men yo te fè rebèl kont Mwen, e yo pa t dakò koute Mwen. Yo pa t voye jete bagay abominab a zye yo, ni yo pa t abandone zidòl a Égypte yo. Konsa, Mwen te detèmine pou vide gwo chalè kòlè Mwen sou yo, pou akonpli kòlè Mwen sou yo nan mitan peyi Égypte la.
但他們竟背棄我,不肯聽從我,沒有人拋棄自己所喜愛的偶像,也沒有人丟開埃及的神像。那時我本想在他們身上發洩我的憤怒,在埃及地域向他們盡洩我的怒氣。
9 Men Mwen te aji pou koz non Mwen, pou li pa ta vin degrade nan zye a nasyon pami sila yo te rete yo, nan zye a sila Mwen te fè Mwen menm rekonèt a yo, lè M te fè yo sòti nan peyi Égypte la.
然而我為了我的名沒有這樣作,免得我的名在異民眼前,即在他們居留的地方,受到褻瀆,因為我曾在他們眼前顯示給他們,要領我的百姓離開埃及地。
10 Konsa, Mwen te retire yo nan peyi Égypte pou te mennen yo nan dezè a.
我引他們離開埃及地,領他們到了曠野,
11 Mwen te bay yo lalwa Mwen yo, e te fè yo rekonèt règleman Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv nan yo.
給他們頒佈了我的誡命,給他們啟示了我的法律:凡遵守那些法律的,便可賴以生存。
12 Anplis, Mwen te bay yo Saba Mwen yo pou vin yon sign antre Mwen menm ak yo, pou yo ta ka konnen ke Mwen se SENYÈ ki sanktifye yo a.
我還給他們規定了我的安息日,作為我與他們中間的記號,為承認我就是祝聖他們的上主。
13 “‘“Men lakay Israël te fè rebèl kont Mwen, nan dezè a. Yo pa t mache nan lalwa Mwen yo, e yo te refize règleman Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv nan yo. Epi Saba Mwen yo, yo te vin pwofane nèt. Konsa, Mwen te pran desizyon pou vide chalè kòlè Mwen sou yo nan dezè a, pou manje yo nèt.
但是以色列家族在曠野中背棄了我,沒有奉行我的法度,輕視了我的法律,即遵行的人可賴以生存的法律,並對我的安息日大加褻瀆;那時我本想在他們身上發洩我的憤怒,在曠野中消滅他們。
14 Men Mwen te aji pou koz non Mwen, pou li pa ta degrade nan zye a nasyon yo, devan zye a sila Mwen te fè yo sòti yo.
然而我為了我的名,沒有這樣作,免得我的名在異民前受褻瀆,因為我曾在異民眼前將他們引領出來。
15 Anplis, Mwen te sèmante a yo nan dezè a pou Mwen pa ta mennen yo antre nan peyi ke M te bay a, yo menm nan, peyi ki t ap koule ak siwo myèl, ki se glwa a tout peyi yo,
甚至在曠野中我也親自向他們舉手起過誓,不再領他們進入我曾賜給他們那流奶流蜜之地,即普世最肥美的地方;
16 akoz yo te rejte règleman Mwen yo e pou lalwa Mwen yo, yo pa t mache ladan yo. Menm Saba Mwen yo, yo te pwofane yo, paske kè yo te tout tan ap mache dèyè zidòl yo.
因為他們拋棄了我的法律,沒有奉行我的法度,並且褻瀆了我的安息日,因為他們的心隨從了他們的偶像;
17 Malgre sa, zye M te epanye yo olye de detwi yo e Mwen pa t detwi yo nèt nan dezè a.
但是我的眼睛還憐視了他們,沒有擊殺他們,也沒有在曠也中消滅他們。
18 Mwen te di a pitit yo nan dezè a: ‘Pa mache nan règleman a papa nou yo, ni swiv règleman yo oswa souye tèt nou ak zidòl yo.
以後,我在曠野中向他們的後代說:你們不要追隨你們祖先的習慣,不要遵行他們的慣例,也不要為他們的偶像所玷污。
19 Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Mache nan règleman Mwen yo e swiv òdonans Mwen yo pou fè yo.
我是上主你們的天主;你們應奉行我的法度,謹守我的法律,要一一履行;
20 Sanktifye Saba Mwen yo. Konsa, yo va vin yon sign antre Mwen menm ak nou, pou nou ka konnen ke Mwen se SENYÈ Bondye nou an.’
要聖化我的安息日,作為我與你們之間的記號,承認我是上主,你們的天主。
21 “‘“Men pitit yo te fè rebèl kont Mwen. Yo pa t mache nan règleman Mwen yo, ni yo pa t fè atansyon pou swiv òdonans Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv la. Yo te pwofane Saba Mwen yo. Konsa, mwen te pran desizyon pou vide chalè kòlè Mwen sou yo, pou akonpli kòlè Mwen kont yo nan dezè a.
然而他們的後代也背棄了我,沒有奉行我的法度,也沒有遵守我的法律,即遵行的人可賴以生存的法律,並且也褻瀆了我的安息日。我本想在他們身上發洩我的憤怒,在曠野中盡洩我的怒氣,
22 Men Mwen te ralanti men M. Konsa, Mwen te aji pou koz non Mwen, pou li pa ta vin degrade devan zye a nasyon yo devan zye sila Mwen te fè yo sòti yo.
但是為了我的名我縮回了手,沒有那樣作,免得我的名在異民前受到褻瀆,因為我剛由他們面前將他們領出來。
23 Anplis, Mwen te sèmante a yo menm nan dezè a pou Mwen ta gaye yo pami nasyon yo, e dispèse yo nan tout peyi yo,
並且在曠野中我也親自向他們舉手起過誓,要將他們分散在異民中,將他們放逐在各國中;
24 akoz yo pa t swiv òdonans Mwen yo, men te refize tout règleman Mwen yo, te pwofane Saba Mwen yo, e zye yo te sou zidòl a papa zansèt yo.
因為他們沒有遵行我的法律,且輕視了我的法度,褻瀆了我的安息日,他們的眼目轉向了他們的祖先的偶像。
25 Mwen te bay yo anplis, règleman ki pa t bon ak òdonans yo sou sila yo pa t ka viv.
為此,我容許他們有不良的法度,和不能賴以生存的法律;
26 Mwen te deklare yo pa pwòp akoz de sakrifis yo. Yo te koze tout premye ne yo pase nan dife, pou Mwen ta fè yo vin sanzespwa; konsa, pou yo ta konnen ke se Mwen menm ki SENYÈ a.”’
並使他們因自己的祭獻成為不潔,讓他們將頭胎所生的,予以焚化祭祀,為使他們滅絕;如此,他們要承認我是上主。
27 “Pou sa, fis a lòm, pale ak lakay Israël pou di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malgre nan sa, papa zansèt nou yo te blasfeme Mwen lè yo te enfidel a lalwa M.
人子,為此你應告訴以色列家族,向他們說:吾主上主這樣說:你們的祖先,連在這事上也褻瀆了我,對我背信違約:
28 Lè Mwen te mennen yo nan peyi ke M te sèmante pou bay yo a, yo te vin wè tout kolin wo ak tout bwa ki plen fèy yo. La, yo te ofri sakrifis yo, e la, yo te prezante ofrann ki te fè M fache nèt. La, yo te fè monte odè santi bon, e la, yo te vide ofrann bwason yo.
當我引領他們進入曾向他舉手誓許要賜給他們的地域時,他們無論看見那一座高丘,那一棵密茂的樹木,就在那裏祭殺犧牲,在那裏獻上甘飴的馨香,並在那裏行奠酒禮。
29 Konsa, Mwen te di yo: ‘Kisa wo plas kote nou prale a ye?’ Pou sa, yo rele non plas sa a “Bama “jis rive jou sa a.”’
我曾向他們說:「高丘」算是什麼﹖你們竟往那裏去;直到今日人還叫那地方為「巴瑪。」
30 “Akoz sa, pale ak lakay Israël: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Èske nou va souye tèt nou menm, swiv abitid papa zansèt nou yo e jwe pwostitiye apre bagay abominab yo?
為此你要告訴以色列家族:吾主上主這樣說:你們仍追隨你們祖先的行徑而玷污自己,仍同他們的邪神犯姦淫;
31 Lè nou ofri ofrann nou yo, lè nou fè fis nou yo pase nan dife, nou ap souye tèt nou ak tout zidòl yo jis rive nan jou sa a. Epi èske nou ta dwe vin mande Mwen konsèy, O lakay Israël? Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a, Mwen p ap kite nou mande M anyen.
你們仍奉獻供物,火化你們的子女,為了你們的一切偶,像使自己受玷污直到今日。以色列家族,我還能讓你們求我嗎﹖我指著我的生命起誓:──吾主上主的斷語──我決不讓你們求問。
32 “‘“Sa ki vini nan lespri nou an, se pa sa k ap rive vrè, lè nou di: ‘Nou va tankou lòt nasyon yo, tankou fanmi a peyi yo, k ap sèvi bwa ak wòch yo.’
你們幻想說:我們要像異民,像各地的的人民一樣敬拜木石,你們心中所想的決不能成功!
33 Jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Anverite, ak yon men pwisan, ak yon bra lonje e avèk chalè a kòlè Mwen vide deyò, Mwen va vin wa sou nou.
我指著我的生命起誓:──吾主上主的斷語──我必以強力的手,伸出的臂,暴發怒氣,統治你們。
34 Mwen va mennen nou soti nan tout pèp yo, rasanble nou soti nan peyi kote nou gaye yo, ak yon men pwisan, ak yon bra lonje e ak chalè kòlè Mwen vide nèt.
我必以強力的手,伸出的臂,暴發的怒氣,把你們由萬民中領出,由你們所散居的各地聚集起來;
35 Epi Mwen va mennen nou antre nan dezè a pèp yo, e la Mwen va antre nan jijman avèk nou fasafas.
把你們引領到異民的曠野中,在那裏面對面地懲罰你們。
36 Jan Mwen te antre nan jijman ak papa zansèt nou yo nan dezè an Égypte la, konsa Mwen va antre nan jijman avèk nou”, deklare Senyè BONDYE a.
我怎樣在埃及地的曠野中,懲罰了你們的祖先,也怎樣懲罰你們──吾主上主的斷語──
37 “Mwen va fè nou pase anba baton, e Mwen va mennen nou antre anba angajman akò a.
我要使你們在我的杖下經過,引你們受盟約的束縛。
38 Mwen va fè retire pami nou, rebèl ak sila ki transgrese kont Mwen yo. Mwen va mennen yo sòti nan peyi kote yo demere a, men yo p ap antre nan peyi Israël. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
我要從你們中分別出那些反叛和背棄我的人,我也要將他們由流徙之地領出,但是他們卻不得進入以色列地域;如此你們必承認我是上主。
39 “Pou nou menm, O lakay Israël,” deklare Senyè Bondye a: “Ale, nou chak sèvi zidòl pa nou; menm pi ta tou, si nou p ap koute M. Men nou p ap pwofane non sen M ankò ak ofrann ak zidòl nou yo.
你們以色列家族,吾主上主這樣說:你們每人去崇拜自己的偶像罷! 可是你們終於要聽從我,不再以你們的祭獻和偶像來褻瀆我的聖名,
40 Paske sou mòn sen Mwen an, sou wotè mòn Israël la,” deklare Senyè BONDYE a: “la, tout lakay Israël, yo tout, va sèvi Mwen nan peyi a. La Mwen va aksepte yo, e la, Mwen va egzije ofrann nou yo, avèk ofrann premyè fwi nou yo, ak tout bagay sen nou yo.
因為在我的聖山上,在以色列的高山上──吾主上主的斷語──凡住在本地的以色列家族,都要在那裏事奉我。我要在那裏悅納你們,在那裏等待你們的祭品,和你們一切聖物中最優美的祭物。
41 Kon yon odè santi bon, Mwen va aksepte nou lè Mwen mennen nou sòti nan pèp yo, e rasanble nou soti nan peyi kote nou te gaye yo. Epi Mwen va vin sen nan nou devan zye a tout nasyon yo.
當我把你們由異民中領出來,由你們所散居的各地聚集起來時,我要悅納你們,好像甘飴的馨香;如此,藉著你們,我在異民眼前顯為神聖。
42 Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè mwen mennen nou fè nou antre nan peyi Israël la, nan peyi ke M te sèmante pou bay a papa zansèt nou yo.
當我引領你們進入以色列地域時,即我舉手起誓要賜給你們祖先的那地方時,你們必承認我是上主。
43 La, nou va sonje chemen nou yo ak tout zèv yo avèk sila nou te souye tèt nou yo. Epi nou va rayi pwòp tèt nou nan pwòp zye nou pou tout bagay mal ke nou te fè yo.
在那裏你們記起你們的行為,及所有玷污自己的行事,你們自己對所作的一切醜惡,也必感到厭惡。
44 Konsa, nou va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a, lè Mwen fin regle avèk nou pou koz non Mwen, pa selon chemen mechan nou yo, ni selon zak konwonpi nou yo, O lakay Israël,” deklare Senyè BONDYE a.’”
以色列家族,為了我的名,我沒有照你們的惡行和敗壞的行為對待你們:如此,你們該承認我是上主──吾主上主的斷語。』
45 Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
上主的話傳給我說:「
46 “Fis a lòm, mete figi ou vè Théman. Pale fò kont tout sid la, e pwofetize kont peyi forè nan Negev la.
人子,你轉面向南,向南方發言,講預言攻斥乃革布地方的樹林,
47 Di a forè Negev la: ‘Koute pawòl SENYÈ a. Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen prèt pou limen yon dife nan nou, e li va konsonmen tout bwa vèt nan nou menm ak tout bwa sèch. Flanm dife sa a p ap etenn e tout sifas latè soti nan sid jis rive nan nò va brile pa li menm.
向乃革布的樹林說:你聽上主的話罷! 吾主上主這樣說:看,我要在你那裏點火,燒盡你那裏所有的綠樹和枯木;燃起的火燄決不熄滅,必由南方到北方燒盡一切。
48 Tout chè va wè ke Mwen menm, SENYÈ a, te limen li. Li p ap etenn.”’”
凡有血肉的人都看到這火是我上主點燃的,決不能撲滅。」
49 Epi mwen te di: “O Senyè BONDYE! Y ap di de mwen: ‘Èske se pa parabòl sèlman l ap pale?’”
我遂喊說:「哎,吾主上主啊! 他們評論我說:這人只會說寓言! 」

< Ezekyèl 20 >