< Ezekyèl 19 >
1 “Pou nou menm, komanse fè gwo lamantasyon pou prens Israël yo,
너는 이스라엘 방백들을 위하여 애가를 지어
2 Epi di: ‘Kisa manman ou te ye? Yon manman lyon pami lyon yo! Li te kouche pami jenn ti lyon yo; pami jenn lyon yo, li te leve pitit li yo.
부르기를 네 어미는 무엇이냐 암사자라 그가 사자들 가운데 엎드리어 젊은 사자 중에서 그 새끼를 기르는데
3 Lè l te fin leve youn nan pitit li yo, pitit la te devni yon lyon. Li te vin aprann jan pou li dechire bèt pou li manje; li te devore moun.
그 새끼 하나를 키우매 젊은 사자가 되어 식물 움키기를 배워 사람을 삼키매
4 Alò, nasyon yo te tande de li; li te vin kaptire nan twou fòs pa yo, e yo te mennen li ak kwòk, rive nan peyi Égypte.
이방이 듣고 함정으로 그를 잡아 갈고리로 꿰어끌고 애굽 땅으로 간지라
5 “‘Lè manman lyon an te wè ke li te tann, men ke espwa li te vin pèdi, li te pran yon lòt nan pitit li yo, e te fè l vin yon jenn ti lyon.
암사자가 기다리다가 소망이 끊어진 줄을 알고 그 새끼 하나를 또 취하여 젊은 사자가 되게 하니
6 Konsa, li te mache toupatou pami lyon yo. Li te devni yon jenn ti lyon. Li te aprann jan pou kenbe viktim li. Li te devore moun.
젊은 사자가 되매 여러 사자 가운데 왕래하며 식물 움키기를 배워 사람을 삼키며
7 Li te konnen gran palè yo, e li te devaste vil yo. Peyi a ak tout bèlte li te vin gate nèt, akoz son a gwonde li.
그의 궁실들을 헐고 성읍들을 훼파하니 그 우는 소리로 인하여 땅과 그 가득한 것이 황무한지라
8 Nasyon yo te atake li tout kote soti nan pwovens yo. Yo te ouvri filè yo sou li. Li te vin kaptire nan twou fòs yo.
이방이 둘려 있는 지방에서 그를 치러 와서 그의 위에 그물을 치고 함정에 잡아
9 Yo te mete li nan yon kalòj ak kwòk, e te mennen li kote wa Babylone nan. Yo te mennen li andedan fò yo pou vwa l pa tande menm ankò sou mòn Israël yo.
갈고리로 꿰고 철롱에 넣어 끌고 바벨론 왕에게 이르렀나니 그를 옥에 가두어서 그 소리로 다시 이스라엘 산에 들리지 않게 하려 함이니라
10 “‘Manman ou te tankou yon lyann nan san ou an. Li te plante bò kote dlo. Li te plen fwi ak anpil branch, akoz dlo an abondans.
네 피의 어미는 물 가에 심긴 포도나무 같아서 물이 많으므로 실과가 많고 가지가 무성하며
11 Li te gen branch ki dyanm, ki ta ka sèvi pou baton wa yo. Wotè li te leve pi wo nwaj yo pou moun ta ka wè l nan tout wotè li ak tout branch li yo.
그 가지들은 견강하여 권세 잡은 자의 홀이 될만한데 그 하나의 키가 굵은 가지 가운데서 높았으며 많은 가지 가운데서 뛰어나서 보이다가
12 Men li te vin rache ak kòlè. Li te jete atè nèt, epi van nan lès te seche fwi li yo. Gwo branch dyanm li yo te vin rache. Yo te fennen. Dife te manje yo nèt.
분노 중에 뽑혀서 땅에 던짐을 당하매 그 실과는 동풍에 마르고 그 견강한 가지들은 꺾이고 말라 불에 탔더니
13 Epi koulye a, li vin plante nan dezè a, nan yon peyi ki sèch e ki swaf.
이제는 광야, 메마르고 가물이 든 땅에 심긴바 되고
14 Dife a fin gaye nan tout branch li yo. Li te konsonmen boujon ak fwi li yo, jiskaske pa t gen ladann yon branch ki dyanm, pou fè baton pou wa a.’ Sa se yon lamantasyon. Konsa, li va sèvi kon yon lamantasyon.”
불이 그 가지 중 하나에서부터 나와서 그 실과를 태우니 권세 잡은 자의 홀이 될만한 견강한 가지가 없도다 이것이 애가라 후에도 애가가 되리라