< Ezekyèl 18 >
1 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
上主的話傳給我說:「
2 “Kisa sa vle di lè ou sèvi pwovèb sa a konsènan peyi Israël e di: ‘Papa yo manje rezen si yo, epi dan timoun yo va kanpe apik’?
在以色列地區內,你們有這樣流行的俗話說:『祖先吃了酸葡萄,而子孫的牙酸倒』這話有什麼意思﹖
3 “Jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “nou p ap itilize pwovèb sa a an Israël ankò.
我指著我的生命起誓──吾主上主的斷語──在以色列決不能再容許這俗話流行。
4 Gade byen, tout nanm yo se pa M yo ye. Nanm a papa a ansanm ak nanm a fis la se pa M. Nanm ki peche a, se li k ap mouri.
所有的生命都屬於我,祖先的生命與子孫的生命全屬於我;誰犯罪,誰喪亡。
5 “Men si yon nonm dwat e li aji ak jistis ak ladwati,
一個人若正義,必行公道正義的事。
6 pou l pa manje nan lotèl mòn yo, ni leve zye li vè zidòl lakay Israël yo, ni souye ak madanm vwazen li, ni pwoche yon fanm pandan lè règ li—
他不上山吃祭物,不舉目瞻仰以色列家族的偶像,不污辱近人的妻子,不接近經期中的婦女,
7 Si yon nonm pa oprime okenn moun, men remèt a sila ki te prete li sa li te pwomèt, epi pa fè vòl, men bay pen li a sila ki grangou e kouvri moun toutouni ak rad,
不欺壓任何人,清還債戶的抵押,不搶劫,施給饑餓者食物,給赤身者衣穿,
8 si li pa prete moun lajan ak enterè, ni pran plis, si li gade men l pou l pa fè inikite, e egzekite yon vrè jistis antre moun ak moun,
不放重利,不取息金,使自己的手遠避邪惡,在人與人之間執行公正的審斷,
9 si li mache nan règleman Mwen yo, ak lòd Mwen yo pou l aji ak fidelite; li se yon moun dwat, e anverite, li va viv,” deklare Senyè BONDYE a.
遵行我的法度,謹守我的誡命,行事忠信:這樣的人纔是正義的,必得生存──吾主的斷語──
10 “Alò, li kapab gen yon fis ki volè, ki vèse san, e ki fè nenpòt nan bagay sa yo,
倘若這人生了一個兒子,性暴好殺,只行這類的事;
11 o malgre li pa t fè okenn nan bagay sa yo, men li konn manje kote lotèl mòn yo e souye ak madanm a vwazen li,
對上述的事不但不作,反而上山吃祭物,污辱近人的妻子,
12 Oprime malere ak endijan, te fè vòl desepsyon an, pa remèt sa li pwomèt, epi te leve zye li a zidòl, te komèt abominasyon,
欺壓貧窮無告的人,搶劫,不清還抵押,舉目瞻仰偶像,行醜惡之事,
13 te prete lajan sou enterè pou l pran benefis sou malere; èske l ap viv? Li p ap viv! Li te komèt tout abominasyon sila yo; anverite, li va mouri. San li va tonbe sou pwòp tèt li.
放重利,取利息:這樣的人決不能生存,因為他行了這些醜事,必要喪亡,他的血債必由他自己來負。
14 “Alò, gade byen, si li gen yon fis ki te wè tout peche papa l te komèt, e lè l wè sa, li fè lakrent pou l pa fè menm jan.
倘若這人生了一個兒子,這兒子雖看見了他父親所行的一切罪過,但考慮之後,卻未依照去做;
15 “Li pa manje nan lotèl mòn yo ni leve zye li a zidòl lakay Israël yo, ni souye ak madanm vwazen li,
不在山上吃祭物,不舉目瞻仰以色列家族的偶像,不污辱近人的妻子,
16 Ni oprime okenn moun, ni refize remèt sa li te pwomèt pou l te fè, ni pa vòlè, men li bay pen li a moun grangou yo e kouvri sila ki toutouni yo ak rad,
不欺壓,不索取抵押,不搶劫,施給饑餓者食物,給赤身者衣穿,
17 Li retire men li sou malere a, li pa egzije enterè, ni pwofi, men li fè règleman Mwen yo e mache nan lòd mwen yo; li p ap mouri pou inikite a papa li. Anverite, li va viv.
使自己的手戒絕邪惡,不取重利和利息,謹守我的法律,遵行我的法度:這人必不因他父親的罪而喪亡,必得生存。
18 Alò, pou papa li, akoz li te pratike opresyon, te vòlè frè li, e te fè sa ki pa t bon pami pèp li a, gade byen, li va mouri nan inikite li a.
至於他的父親,由於暴行,搶劫,在自己人民中從未行過善。看,他必因自己的罪而喪亡。
19 “Malgre sa, ou di: ‘Poukisa fis la pa pote pinisyon pou inikite a papa li? Lè fis la pratike jistis ak ladwati, swiv tout lòd Mwen yo e fè yo, anverite, li va viv.
你們或問:兒子為什麼不承當父親的罪過﹖因為兒子遵行法律和正義,謹守了我一切法度,而一一遵行,他必得生存。
20 Moun ki fè peche a va mouri. Fis la p ap pote pinisyon pou linikite a papa li, ni papa a p ap chaje ak pinisyon pou peche a fis la. Ladwati a moun ki dwat va sou pwòp tèt pa li e mechanste a mechan an va sou pwòp tèt li.
誰犯罪,誰就該喪亡;兒子不承當父親的罪過,父親不承當兒子的罪過;義人的正義歸於義人自己,惡人的邪惡也歸於惡人自己。
21 “Men si moun mechan an vire kite tout peche ke li te konn komèt yo pou vin swiv tout règleman Mwen yo, e pratike lajistis ak ladwati, anverite, li va viv, li p ap mouri.
若惡人悔改,遠離所犯的罪過,遵守我的法度,遵行我的法律和正義,必得生存,不至喪亡。
22 Tout transgresyon ke li te konn komèt yo, p ap sonje ankò kont li. Akoz ladwati ke li te vin pratike a, li va viv.
他所行的一切邪惡必被遺忘;他必因所行的正義而得生存。
23 Èske Mwen pran plezi nan lanmò a mechan yo?” deklare Senyè BONDYE a: “pou M pa pito ke li ta vire kite chemen li an pou viv?”
我豈能喜歡惡人的喪亡﹖──吾主上主的斷語──我豈不更喜歡他離開舊道而得生存﹖
24 “Men, lè yon nonm ladwati vire kite ladwati li a, komèt inikite e fè selon tout abominasyon ke yon nonm mechan konn fè, èske li va viv? Tout zèv ladwati ke li te konn fè yo, p ap sonje akoz trèt ke li te fè ak peche ke li te komèt la. Nan peche li ke li te peche a, li va mouri.
若義人離棄了正義而行惡,一如惡人所慣行的醜惡,他豈能生存﹖他行過的正義必被遺忘,因為他背信違約,犯了罪過,必要喪亡。
25 “Men nou di: ‘Wout Senyè pa dwat.’ Koute koulye a, O lakay Israël! Èske wout Mwen an pa dwat? Èske chemen Mwen pa nivo? Èske se pa chemen pa nou an ki pa nivo?
你們或說:上主的作法不公平! 以色列家族,請聽我說:是我的作法不公平嗎﹖豈不是你們的作法不公平﹖
26 Lè yon moun ladwati vire kite ladwati li, komèt inikite e mouri akoz li, pou inikite ke li te komèt la, li mouri nan inikite li te fè a.
若是義人離棄正義而行惡,因而喪亡,是因為他所行的惡而喪亡。
27 Ankò, lè yon nonm mechan vire kite mechanste ke li te komèt pou pratike lajistis ak ladwati, li va sove nanm li vivan.
若惡人遠離他所行的惡事,而遵行法律和正義,必能保全自己的生命,
28 Akoz li te konsidere, e te vire kite tout transgresyon ke li te konn komèt yo, li va anverite viv. Li p ap mouri.
因為他考慮之後,離棄了所行的一切惡事,他必生存,不至喪亡。
29 Men lakay Israël ap di: ‘Wout Senyè a pa dwat.’ Èske wout Mwen yo pa dwat, O lakay Israël? Èske se pa wout pa ou yo ki pa dwat?
若以色列家族還說:吾主的作法不公平。以色列家族! 是我的作法不公平嗎﹖豈不是你們的作法不公平﹖
30 “Akoz sa a, Mwen va jije nou, O lakay Israël, chak moun selon kondwit li,” deklare Senyè BONDYE a. “Repanti e vire kite tout transgresyon nou yo, pou inikite sa a pa devni yon wòch chite ki pou fè nou tonbe.
以色列家族! 我要照各人的行為裁判你們──吾主上主的斷語──你們應回心轉意,離開你們的一切罪惡,避免它們再做你們犯罪的絆腳石。
31 Jete lwen nou tout transgresyon ke nou konn komèt yo, epi fè pou tèt nou yon kè tounèf avèk yon lespri tounèf! Paske poukisa ou ta mouri, O lakay Israël?
由你們身上拋契一切得罪我的惡行罷! 你們應改造一個新心,一種新的精神! 以色列家族,為何你們偏要喪亡﹖
32 Paske Mwen pa pran plezi nan lanmò a okenn moun ki mouri,” deklare Senyè BONDYE a. “Akoz sa, repanti pou viv.”
因為我不喜歡任何人喪亡──吾主上主的斷語--你們回心轉意罷! 你們必得生存!