< Ezekyèl 13 >
1 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:
2 “Fis a lòm, pwofetize kont pwofèt Israël ki pwofetize. Di a sila kap pwofetize pawòl ki soti nan pwòp enspirasyon pa yo, ‘Koute pawòl SENYÈ a:
-Nonm o! Denonse pwofèt pèp Izrayèl yo. Denonse moun sa yo k'ap bay mesaj yo menm yo fè. Di yo: Manyè koute pawòl Seyè a.
3 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malè a pwofèt san konprann k ap swiv pwòp lespri pa yo, e ki pa t vrèman wè anyen.
Men mesaj Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di: Madichon pou bann pwofèt egare sa yo! Se yo menm ki fè mesaj y'ap bay la. Yo pa janm fè ankenn vizyon vre.
4 O Israël, pwofèt nou yo te tankou rena pami pil mazi ki fin kraze.
Moun Izrayèl yo, koute: Pwofèt nou yo p'ap sèvi nou anyen, se tankou chat mawon k'ap viv nan vye kay kraze.
5 Nou pa t antre nan brèch yo, ni nou pa t bati yon miray pou antoure lakay Israël pou l ta ka kanpe nan batay nan jou SENYÈ a.
Yo pa t' moute lagad kote miray la te make kraze a, ni yo pa t' rebati miray yo. Konsa, moun Izrayèl yo pa gen defans lè lagè va pete jou jijman Seyè a.
6 Yo wè tout sa ki fo, ak divinò k ap bay manti yo, k ap di: ‘Pawòl SENYÈ a deklare’, lè se pa SENYÈ a ki te voye yo. Malgre sa, yo gen espwa ke pawòl yo va vin akonpli.
Vizyon y'ap fè yo se pou twonpe moun, mesaj y'ap bay yo se manti. Yo pretann di se mesaj Bondye y'ap bay. Men, se pa mwen menm ki janm pale ak yo. Lèfini, yo konprann pou m' fè sa yo di k'ap rive a rive vre.
7 Èske nou pa t fè yon fo vizyon, e pale ak lang ki t ap bay manti lè nou te di: ‘SENYÈ a deklare’, men se pa Mwen ki te pale a?”’”
Mwen tou di yo: Vizyon y'ap fè yo se tèt yo y'ap twonpe. Mesaj y'ap bay yo se manti. Y'ap plede di men mesaj Bondye bay. Men, mwen pa t' janm pale ake yo.
8 Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te pale sa ki fo, e te wè yon manti; akoz sa, gade byen, Mwen kont nou,” deklare Senyè BONDYE a.
Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di yo: Se twonpe n'ap twonpe moun ak pawòl nou yo. Tout vizyon nou yo se manti. Se poutèt sa m'ap leve dèyè nou tou! Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa.
9 “Konsa, men Mwen va kont pwofèt yo ki fè fo vizyon yo; ki pale divinasyon ki manti yo. Yo p ap gen plas nan konsèy a pèp Mwen an ni yo p ap ekri nan rejis lakay Israël yo. Ni yo p ap antre nan peyi Israël la. Konsa, nou ka konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”
Mwen pral pini pwofèt k'ap fè vizyon pou twonpe moun, k'ap bay mesaj ki pa laverite. p'ap gen plas pou yo lè pèp la va reyini. Yo p'ap gen non yo sou lis fanmi pèp Izrayèl yo. Yo p'ap janm tounen nan peyi a ankò. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye sèl Mèt la.
10 “‘Akoz, anverite yo te egare pèp Mwen an lè yo te di: “Lapè,” lè pa t gen lapè. Lè nenpòt moun bati yon miray, gade byen, yo fè l randwi ak lacho.
Pwofèt yo ap woule pèp mwen an. Anyen p'ap mache nan peyi a. Yo menm menm, y'ap plede di tout bagay ap mache byen. Pèp la ap moute yon miray wòch san mòtye, pwofèt yo menm vini, yo blanchi l' ak dlo lacho.
11 Donk, pale a sila ki randwi li ak lacho yo, ke li va tonbe. Yon inondasyon lapli va vini, e nou menm, o gran lagrèl, va tonbe. Yon van vyolan va pete l.
Di moun k'ap pase dlo lacho sou miray la: Miray la pral tonbe. Mwen pral voye yon gwo lapli. Lagrèl pral tonbe, yon gwo van tanpèt pral soufle.
12 Gade byen, lè miray la fin tonbe, èske yo p ap mande nou: “Kote lacho ke nou te sèvi nan randwi li a?”
Lè miray la fin tonbe, y'a mande yo kisa dlo lacho a te fè pou miray la.
13 “‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: “Mwen va fè yon van vyolan vin pete nan kòlè Mwen. Anplis, va genyen nan mekontantman Mwen, yon inondasyon lapli ak lagrèl pou konsonmen li nèt ak gwo laraj.
Enben, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral fè yon sèl kòlè, m'ap voye yon gwo van tanpèt, yon gwo lapli ak lagrèl ki pral tonbe pou kraze miray la.
14 Konsa, Mwen va demoli miray ke nou te kouvri ak randisaj la jis rive atè, jis fondasyon li yo fin ekspoze nèt. Epi lè l tonbe, nou va vin manje nan mitan li. Epi nou va vin konprann ke se Mwen ki SENYÈ a.
M'ap lage miray nou te blanchi ak lacho a atè, m'ap kraze l' ratè, wòch fondasyon yo pral parèt deyò. Miray la ap tonbe sou nou, l'ap kraze nou. Lè sa a, nou tout va konnen se mwen menm ki Seyè a.
15 Se konsa, Mwen va pase kòlè Mwen sou miray la ak sou sila ki te fè randisaj ak lacho sou li yo. Mwen va di nou, ‘Miray la pa la ankò, ni bòs randisaj yo pa la ankò.
Mwen pral move sou miray la ansanm ak tout moun ki te blanchi l' ak lacho a. Lè m'a fin fè yo sa m' gen pou m' fè yo a, m'a di nou: Miray la pa la ankò, ni bann moun ki te blanchi l' ak lacho a,
16 Konsa ak pwofèt Israël sa yo ki pwofetize a Jérusalem yo, ki te fè vizyon lapè pou li yo, lè pat gen lapè a,’” deklare Senyè BONDYE a.
bann pwofèt pèp Izrayèl yo k'ap bay bèl mesaj pou lavil Jerizalèm lan. Anyen p'ap mache nan peyi a, epi yo menm y'ap plede di yo fè vizyon tout bagay ap mache byen. Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa.
17 Alò, ou menm, fis a lòm, mete figi ou kont fi a pèp ou yo, k ap pwofetize apati pwòp enspirasyon yo. Se pou ou pwofetize kont yo,
Seyè a di ankò: -Nonm o! Koulye a, vire tèt ou gade nan direksyon medam k'ap fè mesaj yo yo menm! Yo pran pòz pwofèt yo nan mitan pèp Izrayèl la! Denonse yo!
18 pou di: “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Malè a fanm ki koud braslè kon wanga sou tout ponyèt yo e fè vwal yo pou tèt moun tout wotè, pou fè lachas moun! Èske nou va chase nanm a pèp Mwen an, men konsève nanm a lòt yo pou nou menm?
Lèfini, di yo men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, voye di yo: Madichon pou nou, medam! N'ap mare kòd wanga nan ponyèt tout moun. N'ap moute mouchwa tèt pou tout kalite moun pou yo ka gen pouvwa pran nanm moun. Nou dèyè pou nou gen pouvwa fè sa nou vle ak nanm lòt moun san anyen pa rive nou.
19 Pou yon men ki plen ak lòj ak kèk grenn pen, nou te degrade Mwen a pèp Mwen an, pou fè lantre nan lanmò kèk nanm ki pa ta dwe mouri, e kenbe vivan lòt ki pa ta dwe viv, nan fè manti ou a pèp Mwen an ki koute manti.’”
N'ap derespekte mwen devan pèp mwen an. Pou kèk ponyen grenn lòj ak kèk moso pen n'ap touye moun ki pa merite mouri, n'ap sove moun ki pa merite viv ankò. N'ap bay pèp mwen an yon bann manti. Yo menm, yo byen kontan kwè nou.
20 Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont braslè wanga nou yo, avèk sila nou chache lavi moun, tankou se zwazo yo. Mwen va rache yo nan bra nou. Epi Mwen va lage nanm sa yo lib, menm nanm de sila ke nou kapte, tankou se zwazo yo.
Enben! Men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di: Mwen pa vle wè kòd wanga nan ponyèt nou yo. Se ak yo nou sèvi pou nou pran nanm lòt moun tankou zwezo nan pèlen. M'ap rache yo nan ponyèt nou. M'ap delivre moun nou te pran nan pèlen yo pou y' al fè wout yo.
21 Anplis, Mwen va chire vwal nou yo, Mwen va delivre pèp Mwen an soti nan men nou, e yo p ap nan men nou ankò pou fè viktim lachas. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
M'ap rache mouchwa tèt nou yo, m'ap sove pèp mwen an anba men nou. Nou p'ap ka fè sa nou vle ak yo ankò. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
22 Akoz nou te dekouraje moun ladwati a lè Mwen pa t fè yo trist; epi nou te ankouraje mechan an pou l pa kite mechanste li, pou l sove,
Mwen pa ta renmen anyen rive bon moun yo. Men nou menm, avèk manti n'ap bay yo, n'ap dekouraje yo. N'ap ankouraje mechan yo pou yo pa chanje. Nou pa ba yo chans sove lavi yo.
23 pou sa, nou p ap fè fo vizyon ankò, ni pratike divinasyon. Mwen va delivre pèp Mwen an sòti nan men nou. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
Enben! Se poutèt sa koulye a, nou p'ap fè vizyon pou twonpe moun ankò, ni nou p'ap ba yo manti sou sa ki pral rive yo. Mwen pral sove pèp mwen an anba men nou. Konsa, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.