< Ezekyèl 12 >
1 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
Opet mi dođe riječ Jahvina:
2 Fis a lòm, ou rete nan mitan yon kay rebèl, ki gen zye pou wè, men yo pa wè, e zòrèy pou tande, men yo pa tande; paske se kay rebèl yo ye.
“Sine čovječji! Ti boraviš u rodu odmetničkom koji ima oči, a ne vidi, uši ima, a ne čuje, jer su rod odmetnički.
3 “Pou sa, fis a lòm, prepare valiz ou menm pou ou ekzile e antre an egzil nan mitan jounen an kote yo ka wè l byen klè. Nan egzil, ou va deplase yon kote pou rive yon lòt kote devan zye yo. Petèt yo va konprann, malgre se yon kay rebèl yo ye.
Zato, sine čovječji, spremi izgnanički zavežljaj i njima na oči obdan se seli: seli se iz svojega mjesta u drugo, ne bi li uvidjeli da su rod odmetnički.
4 Mete bagaj ou deyò devan zye yo, kon bagaj pou egzil. Konsa, ou va sòti deyò nan aswè devan zye yo, tankou sila ki prale an egzil yo.
Obdan, njima na oči, iznesi zavežljaj, zavežljaj izgnanički, a iziđi obnoć na njihove oči kao što se odlazi u izgnanstvo.
5 Fouye yon twou nan miray la devan zye yo, e sòti ladann pou vin deyò.
Njima na oči prokopaj zid i kroza nj izađi.
6 Mete bagaj ou sou zepòl ou devan yo pou yo wè e pote li sòti deyò nan aswè. Ou va kouvri figi ou pou ou pa ka wè peyi a, paske Mwen plase ou kon yon sign pou lakay Israël.”
I njima na oči vrgni zavežljaj na ramena i po mrkloj noći iziđi. Pokrij lice da ne vidiš zemlju, jer te postavih kao znamenje domu Izraelovu!”
7 Mwen te fè sa konsa jan mwen te kòmande a. Nan lajounen, mwen te mennen bagaj mwen deyò, tankou bagaj a yon egzile. Epi nan aswè, mwen te fouye yon twou nan miray la ak men m. Mwen te sòti deyò nan fènwa a e te pote li sou zepòl mwen pou yo ta ka wè l.
Učinih kako mi bijaše zapovjeđeno: obdan iznesoh zavežljaj, zavežljaj izgnanički, a obnoć prokopah zid rukama i njima na oči po mrkloj noći vrgoh zavežljaj na ramena.
8 Nan maten, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di:
Ujutro mi dođe riječ Jahvina:
9 “Fis a lòm, èske lakay Israël, kay rebèl sa a, pa t di ou: ‘Kisa w ap fè la a?’
“Sine čovječji, zapita li te dom Izraelov, dom odmetnički: 'Što to radiš?'
10 “Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Fado sa a se pou prens Jérusalem nan, li menm ak tout lakay Israël ki ladann nan.”’
ti mu reci: 'Ovako govori Jahve Gospod! Ovo je proroštvo knezu jeruzalemskom i svemu domu Izraelovu koji je u Jeruzalemu.'
11 “Di yo: ‘Mwen se yon sign pou nou. Jan mwen te fè, se konsa l ap vin rive nou. Konsa, yo va ale an egzil, an kaptivite.
Reci: 'Ja sam vam znamenje! Kako ja uradih, tako će biti njima: svi ćete se morati seliti u izgnanstvo!
12 “‘Prens ki pami yo a va chaje bagaj li sou zepòl li nan aswè pou sòti. Yo va fouye yon twou nan miray la pou fè l sòti. Li va kouvri figi li pou li pa wè peyi a ak pwòp zye li.
Knez njihov morat će vrći zavežljaj na ramena i po mrkloj noći izaći. Prokopat će zid da izađe kroza nj i lice će pokriti rukama da očima ne vidi zemlje.
13 Anplis, Mwen va voye filè Mwen sou li e li va vin kenbe nan pèlen Mwen. Konsa, Mwen va mennen li Babylone, nan peyi a Kaldeyen yo. Men li p ap wè l; malgre sa, se la l ap mouri.
Ja ću mu razapeti mrežu, i uhvatit će se u moju zamku, i odvest ću ga u Babilon, u zemlju kaldejsku. Ali je on neće ugledati i ondje će život ostaviti.
14 Mwen va gaye nan tout van, tout sila ki antoure li yo, moun k ap ede li yo ak tout sòlda li yo. Epi se nepe a Mwen va rale dèyè yo.
A sve one oko njega, pomagače i čete, raspršit ću u sve vjetrove i svoj mač ću trgnuti na njih.
15 “‘Pou yo ka konnen ke Mwen se SENYÈ a lè Mwen gaye yo pami nasyon yo e pwopaje yo pami peyi yo.
A kad ih raspršim među narode i rasijem po zemljama, znat će da sam ja Jahve.
16 Men Mwen va epanye kèk nan yo de nepe a, gwo grangou a, ak epidemi a, pou yo ka pale tout abominasyon yo pami nasyon kote yo prale yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
Ipak, ostavit ću nekolicinu koji će umaći maču, gladi i kugi, da među narodima kamo prispiju pripovijedaju svoje gadosti; neka se zna da sam ja Jahve.'”
17 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:
I dođe mi riječ Jahvina:
18 “Fis a lòm, manje pen ou ak tranbleman, e bwè dlo ou ak tranbleman e ak kè twouble.
“Sine čovječji, jedi kruha zabrinuto i pij vode sa zebnjom i sa strepnjom!
19 Di a pèp peyi a: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan moun ki rete Jérusalem yo nan peyi Israël la: “Yo va manje pen yo ak kè twouble e bwè dlo ak gwo laperèz, akoz peyi yo va depouye nèt de tout bonte li, akoz vyolans a tout moun ki demere ladann yo.
I reci puku zemlje: 'Ovako govori Jahve Gospod Jeruzalemcima u zemlji Izraelovoj: Zabrinuto će jesti kruha i sa strepnjom piti vode, jer će im zemlja opustjeti i ostat će bez igdje ičega s bezakonja žitelja svojih.
20 Vil kote moun rete yo va vin devaste nèt e peyi a va vin yon dezolasyon. Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
I svi gradovi, sada napučeni, bit će poharani, a sva zemlja opustošena. I znat će da sam ja Jahve!'”
21 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:
I dođe mi riječ Jahvina:
22 “Fis a lòm, ki pwovèb sa a, ke nou menm pèp la, gen konsènan peyi Israël, ki di: ‘Jou yo long e tout vizyon yo vin gate’?
“Sine čovječji, kakve su vam to priče o zemlji Izraelovoj? Govori se: 'Gle, prolaze dani, a od proroštva ništa!'
23 Pou sa, di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va fè pwovèb sa a sispann pou yo pa sèvi l ankò kon pwovèb an Israël.”’ Men di yo: “Jou yo ap apwoche ansanm ak lè pou tout vizyon yo akonpli.
Zato im reci: Ovako govori Jahve Gospod: 'Dokončat ću te priče i neće se više ponavljati u Izraelu.' Reci im: 'Bliže se već dani i sva će se proroštva moja ispuniti!
24 Paske p ap gen ankò okenn fo vizyon ni okenn divinasyon flatè anndan kay Israël la.
Jer neće više biti u domu Izraelovu varavih viđenja, ni lažnih proroštava kojima ljude bijahu zavodili.
25 Paske Mwen menm, SENYÈ a va pale e nenpòt pawòl ke M di, va vin acheve. Sa p ap pran reta ankò, paske nan jou ou yo, O lakay rebèl, Mwen va pale pawòl la e Mwen va akonpli li,” deklare Senyè BONDYE a.’”
Jer što ja, Jahve Gospod, govorim, to će i biti, i riječ se neće odgoditi! Da! Još za vaših dana, rode odmetnički, riječ ću izgovoriti i izvršiti.' Tako govori Jahve Gospod!”
26 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:
I dođe mi riječ Jahvina:
27 “Fis a lòm, gade byen, lakay Israël ap di: ‘Vizyon ke li fè a se pou anpil ane k ap vini e li pwofetize pou yon tan ki lwen.’
“Sine čovječji! Evo što se govori u domu Izraelovu: 'Viđenje što ga ovaj ugleda za dane je daleke! Prorokuje za daleka vremena!'
28 “Pou sa, di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Okenn nan pawòl Mwen yo p ap pran reta ankò. Nenpòt sa ke M pale, va vin akonpli,” deklare Senyè BONDYE a.’”
Zato im reci: Ovako govori Jahve Gospod: 'Nijedna riječ moja neće se više odgoditi! Što rekoh, rečeno je, i sve će se ispuniti!' - riječ je Jahve Gospoda.”