< Ezekyèl 11 >

1 Anplis, Lespri a te leve m monte e te mennen mwen nan pòtay lès lakay SENYÈ a ki te anfas vè lès. Epi gade byen, venn-senk mesye nan antre pòtay la e pami yo, mwen te wè Jaazania, fis a Azzur a ak Pelathia, fis a Benaja a, chèf yo a pèp la.
靈將我舉起,帶到耶和華殿向東的東門。誰知,在門口有二十五個人,我見其中有民間的首領押朔的兒子雅撒尼亞和比拿雅的兒子毗拉提。
2 Li te di mwen: “Fis a lòm, sila yo se mesye yo ki fè plan inikite e ki bay move konsèy nan vil sa a,
耶和華對我說:「人子啊,這就是圖謀罪孽的人,在這城中給人設惡謀。
3 ka p di: ‘Tan pou bati kay yo pa pwòch. Vil sa a se chodyè a e nou se chè a.’
他們說:『蓋房屋的時候尚未臨近;這城是鍋,我們是肉。』
4 Akoz sa, pwofetize kont yo, fis a lòm. Se pou ou pwofetize!”
人子啊,因此你當說預言,說預言攻擊他們。」
5 Lespri SENYÈ a te tonbe sou mwen e Li te di mwen: “Pale konsa, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Konsa ou reflechi, o lakay Israël, paske Mwen konnen panse nou yo.
耶和華的靈降在我身上,對我說:「你當說,耶和華如此說:以色列家啊,你們口中所說的,心裏所想的,我都知道。
6 Nou te miltipliye moun ki touye yo nan vil sa a, e plen ri yo nèt avèk yo.”
你們在這城中殺人增多,使被殺的人充滿街道。
7 “‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: “Moun touye nou yo ke nou te fè kouche nan mitan vil la, se chè a, e vil la se chodyè a; men nou va mennen sòti ladann.
所以主耶和華如此說:你們殺在城中的人就是肉,這城就是鍋;你們卻要從其中被帶出去。
8 Nou te pè yon nepe. Pou sa, mwen va mennen yon nepe rive sou nou,” deklare Senyè BONDYE a.
你們怕刀劍,我必使刀劍臨到你們。這是主耶和華說的。
9 “Epi Mwen va mennen nou sòti nan mitan vil la. Mwen va delivre nou nan men a etranje yo, e egzekite jijman kont nou.
我必從這城中帶出你們去,交在外邦人的手中,且要在你們中間施行審判。
10 Nou va tonbe pa nepe. Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
你們必倒在刀下;我必在以色列的境界審判你們,你們就知道我是耶和華。
11 Vil la p ap yon chodyè pou nou, ni nou p ap chè nan mitan l. Men Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la.
這城必不作你們的鍋,你們也不作其中的肉。我必在以色列的境界審判你們,
12 Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, paske nou pa t mache nan règleman Mwen yo. Ni nou pa t swiv lalwa Mwen yo, men nou te aji selon lalwa a nasyon sila ki antoure nou yo.”’”
你們就知道我是耶和華;因為你們沒有遵行我的律例,也沒有順從我的典章,卻隨從你們四圍列國的惡規。」
13 Alò, li te vin rive ke pandan mwen t ap pwofetize a, ke Pelathia, fis a Benaja a, te mouri. Epi mwen te tonbe sou figi mwen, mwen te kriye fò ak yon gwo vwa e mwen te di: “Anmwey, Senyè BONDYE! Èske Ou va mennen retay Israël la pou fin detwi nèt?”
我正說預言的時候,比拿雅的兒子毗拉提死了。於是我俯伏在地,大聲呼叫說:「哎!主耶和華啊,你要將以色列剩下的人滅絕淨盡嗎?」
14 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
耶和華的話臨到我說:
15 “Fis a lòm, frè ou yo, fanmi ou yo, egzile parèy ou yo ak tout lakay Israël la, yo tout, se moun a sila abitan Jérusalem yo te di: ‘Ale lwen SENYÈ a; peyi sa a te bay a nou kon posesyon.’”
「人子啊,耶路撒冷的居民對你的弟兄、你的本族、你的親屬、以色列全家,就是對大眾說:『你們遠離耶和華吧!這地是賜給我們為業的。』
16 “Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Byenke mwen te deplase yo byen lwen pami nasyon yo e byenke mwen te gaye yo pami peyi yo, malgre mwen va yon abri pou yo pou yon ti tan nan peyi kote yo rive yo.”’
所以你當說:『耶和華如此說:我雖將以色列全家遠遠遷移到列國中,將他們分散在列邦內,我還要在他們所到的列邦,暫作他們的聖所。』
17 “Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va ranmase nou soti nan pèp yo, Mwen va rasanble nou sòti nan peyi pami sila nou te gaye yo, e Mwen va bannou peyi Israël la.”
你當說:『主耶和華如此說:我必從萬民中招聚你們,從分散的列國內聚集你們,又要將以色列地賜給你們。』
18 “‘Lè yo vini la, yo va retire tout bagay abominab li yo ak tout abominasyon li yo sòti ladann.
他們必到那裏,也必從其中除掉一切可憎可厭的物。
19 Konsa, Mwen va bay yo yon sèl kè e Mwen va mete yon lespri nèf anndan yo. Epi Mwen va retire kè wòch ki nan chè yo a, e Mwen va bay yo yon kè ki fèt ak chè,
我要使他們有合一的心,也要將新靈放在他們裏面,又從他們肉體中除掉石心,賜給他們肉心,
20 pou yo ka mache nan règleman Mwen yo e kenbe lalwa Mwen yo pou fè yo. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo.
使他們順從我的律例,謹守遵行我的典章。他們要作我的子民,我要作他們的上帝。
21 Men pou sila ak kè k ap swiv bagay abominab yo ak abominasyon yo, Mwen va mennen kondwit yo desann sou tèt yo,” deklare “Senyè BONDYE a.”
至於那些心中隨從可憎可厭之物的,我必照他們所行的報應在他們頭上。這是主耶和華說的。」
22 Epi cheriben yo te leve zèl yo ak wou akote yo e glwa a Bondye Israël la te vin pann sou yo.
於是,基路伯展開翅膀,輪子都在他們旁邊;在他們以上有以色列上帝的榮耀。
23 Glwa SENYÈ a te monte soti nan mitan vil la e te kanpe anwo mòn ki nan pati lès vil la.
耶和華的榮耀從城中上升,停在城東的那座山上。
24 Epi Lespri a te fè m leve e te mennen mwen nan yon vizyon pa Lespri Bondye a, bò kote egzile Chaldée yo. Se konsa vizyon mwen te wè a, te kite mwen.
靈將我舉起,在異象中藉着上帝的靈將我帶進迦勒底地,到被擄的人那裏;我所見的異象就離我上升去了。
25 Epi mwen te di egzile yo tout bagay ke SENYÈ a te montre mwen.
我便將耶和華所指示我的一切事都說給被擄的人聽。

< Ezekyèl 11 >