< Ezekyèl 10 >
1 Answit, mwen te gade e vwala, nan gran espas ouvri ki te sou tèt a cheriben yo, yon bagay tankou yon wòch safì ki pa aparans, te sanble yon twòn ki te parèt anlè yo.
И видел я, и вот на своде, который над главами Херувимов, как бы камень сапфир, как бы нечто, похожее на престол, видимо было над ними.
2 Li te pale ak nonm abiye an len an e te di: “Antre nan mitan wou k ap vire vit fè wonn anba cheriben an, plen men nou ak chabon tou limen ki antre cheriben yo e gaye yo toupatou nan vil la.” Konsa, li te antre pou m te ka wè l.
И говорил Он человеку, одетому в льняную одежду, и сказал: войди между колесами под Херувимов и возьми полные пригоршни горящих угольев между Херувимами, и брось на город; и он вошел в моих глазах.
3 Alò, cheriben yo te kanpe bò dwat a tanp lan lè nonm nan te antre ladann nan e nwaj la te plen lakou enteryè a.
Херувимы же стояли по правую сторону дома, когда вошел тот человек, и облако наполняло внутренний двор.
4 Epi glwa a SENYÈ a te leve monte soti nan cheriben yo, jis rive nan papòt tanp lan. Tanp lan te plen ak nwaj la e lakou a te plen ak ekla a glwa SENYÈ a.
И поднялась слава Господня с Херувима к порогу дома, и дом наполнился облаком, и двор наполнился сиянием славы Господа.
5 Anplis, bri a zèl cheriben yo te vin tande jis rive nan lakou eksteyè a, tankou vwa SENYÈ Pwisan an lè L pale.
И шум от крыльев Херувимов слышен был даже на внешнем дворе, как бы глас Бога Всемогущего, когда Он говорит.
6 Li te vin rive lè Li te kòmande nonm abiye an len an e te di: “Pran dife soti nan mitan wou k ap vire vit fè wonn yo, soti antre cheriben yo”. Epi li te antre e te kanpe akote yon wou.
И когда Он дал повеление человеку, одетому в льняную одежду, сказав: “возьми огня между колесами, между Херувимами”, и когда он вошел и стал у колеса,
7 Konsa, cheriben an te lonje men l soti antre cheriben kote dife ki te antre cheriben yo, pran ladann pou mete nan men a sila ki te abiye an len an, ki te pran l e te sòti deyò.
тогда из среды Херувимов один Херувим простер руку свою к огню, который между Херувимами, и взял и дал в пригоршни одетому в льняную одежду. Он взял и вышел.
8 Fòm men a yon moun te parèt isit nan cheriben nan anba zèl yo.
И видно было у Херувимов подобие рук человеческих под крыльями их.
9 Alò, mwen te gade e vwala, kat wou akote cheriben yo, yon wou akote chak cheriben. Aparans a wou yo te tankou ekla a pyè krizolit.
И видел я: и вот четыре колеса подле Херувимов, по одному колесу подле каждого Херувима, и колеса по виду как бы из камня топаза.
10 Selon aparans yo, toule kat te sanble menm jan, konsi se te yon wou ki te anndan yon lòt wou.
И по виду все четыре сходны, как будто бы колесо находилось в колесе.
11 Lè yo te deplase yo, yo te ale nan kat direksyon pa yo, san vire pandan yo t ap prale a. Yo te toujou swiv direksyon kote yo te fikse a, san vire pandan yo t ap prale a.
Когда шли они, то шли на четыре свои стороны; во время шествия своего не оборачивались, но к тому месту, куда обращена была голова, и они туда шли; во время шествия своего не оборачивались.
12 Tout kò yo, do yo, men yo, zèl yo e wou yo te plen zye toutotou, wou ki t ap sèvi pou toule kat yo.
И все тело их, и спина их, и руки их, и крылья их, и колеса кругом были полны очей, все четыре колеса их.
13 Wou yo te rele nan zòrèy mwen, kon wou toubiyon.
К колесам сим, как я слышал, сказано было: “галгал”.
14 Yo chak te gen kat figi. Premye figi a te figi a yon cheriben, dezyèm figi a te figi a yon nonm, twazyèm figi a te figi yon lyon e katriyèm figi a te figi a yon èg.
И у каждого из животных четыре лица: первое лице - лице херувимово, второе лице - лице человеческое, третье лице львиное и четвертое лице орлиное.
15 Konsa, cheriben yo te leve monte. Yo se kreyati vivan ke m te wè akote rivyè Kebar a.
Херувимы поднялись. Это были те же животные, которых видел я при реке Ховаре.
16 Lè cheriben yo te deplase, wou yo ta ale bò kote yo; anplis, lè cheriben yo te leve zèl yo pou leve atè a, wou yo pa t vire pou kite bò kote yo.
И когда шли Херувимы, тогда шли подле них и колеса; и когда Херувимы поднимали крылья свои, чтобы подняться от земли, и колеса не отделялись, но были при них.
17 Lè cheriben yo te kanpe an plas, wou yo ta kanpe an plas. Lè yo te leve, wou yo ta leve avèk yo, paske lespri a kreyati vivan an te nan yo.
Когда те стояли, стояли и они; когда те поднимались, поднимались и они; ибо в них был дух животных.
18 Epi glwa SENYÈ a te kite papòt tanp lan, e te kanpe anwo cheriben yo.
И отошла слава Господня от порога дома и стала над Херувимами.
19 Lè cheriben yo te pati, yo te leve zèl yo pou te monte leve kite tè a devan zye m avèk wou yo bò kote yo. Konsa, yo te kanpe dyanm nan antre a pòtay lès lakay SENYÈ a; e glwa a Bondye Israël la te tann sou yo.
И подняли Херувимы крылья свои, и поднялись в глазах моих от земли; когда они уходили, то и колеса подле них; и стали у входа в восточные врата Дома Господня, и слава Бога Израилева вверху над ними.
20 Sa yo se kreyati vivan ke m te wè anba Bondye Israël la akote rivyè Kebar a; konsa, mwen te konnen ke se cheriben yo te ye.
Это были те же животные, которых видел я в подножии Бога Израилева при реке Ховаре. И я узнал, что это Херувимы.
21 Chak te gen kat figi, chak te gen kat zèl, e anba zèl yo, se te fòm men moun.
У каждого по четыре лица, и у каждого по четыре крыла, и под крыльями их подобие рук человеческих.
22 Selon sa figi yo te sanble, yo te gen menm figi yo aparans ke mwen te wè akote rivyè Kebar a. Yo chak te ale tou dwat devan.
А подобие лиц их то же, какие лица видел я при реке Ховаре, - и вид их, и сами они. Каждый шел прямо в ту сторону, которая была перед лицом его.