< Egzòd 9 >
1 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Ale bò kote Farawon e pale avèk li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.
Tada Jahve reče Mojsiju: “Idi k faraonu i reci mu: 'Ovako poručuje Jahve, Bog Hebreja: Pusti moj narod da ode i da mi štovanje iskaže.
2 Paske si ou refize kite yo ale, e kontinye kenbe yo,
Ako ga ne pustiš, nego ga i dalje budeš zadržavao,
3 gade byen, men Bondye va vini avèk yon epidemi byen sevè sou bèt ki nan chan ou yo, sou cheval yo, sou bourik yo, sou chamo yo, sou twoupo yo, ak sou bann mouton yo.
ruka Jahvina udarit će strašnim pomorom po tvome blagu što je u polju: po konjima, magaradi, devama, krupnoj i sitnoj stoci.
4 Men SENYÈ a va distenge antre bèt Israël yo avèk bèt Ejipsyen yo, pou okenn pa mouri nan sa ki pou fis Israël yo.’”
Razlikovat će Jahve stoku Izraelaca od stoke Egipćana, tako da ništa što pripada Izraelcima neće stradati.'”
5 SENYÈ a te etabli yon tan detèmine, e Li te di: “Demen SENYÈ a va fè bagay sa a nan peyi a.”
Jahve je odredio i vrijeme, rekavši: “Sutra će Jahve izvesti ovo u zemlji.”
6 Alò, SENYÈ a te fè bagay sa a nan jou ki te vini an, e tout bèt Égypte yo te mouri; men pou bèt fis Israël yo, pa gen youn ki te mouri.
Sutradan Jahve tako i učini. Sva stoka Egipćana ugine, a od stoke Izraelaca nije uginulo ni jedno grlo.
7 Farawon te voye, e gade byen, pa menm youn nan bèt Israël yo pa t mouri. Men kè Farawon te vin di, e li pa t kite pèp la ale.
Faraon je istraživao i uvjerio se da od izraelske stoke nije uginulo ni jedno grlo. Ali je srce faraonovo ipak otvrdlo i nije pustio naroda.
8 Alò SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron: “Pran kèk men plen avèk poud chabon ki sòti nan fou kanari yo, e kite Moïse voye li vè syèl la devan zye a Farawon.
Reče Jahve Mojsiju i Aronu: “Zagrabite pune pregršti pepela iz peći, pa neka ga Mojsije pred faraonovim očima baci prema nebu.
9 Li va vin fè yon poud fen ki kouvri tout peyi Égypte la, e li va devni gwo bouton k ap pete tankou maleng ni sou moun ni sou bèt.”
Od toga će nastati sitna prašina po svoj zemlji egipatskoj, i na ljudima će i na životinjama izazivati otekline i stvarati čireve s kraja na kraj Egipta.”
10 Alò yo te pran chabon ki sòti nan fou kanari yo, e yo te kanpe devan Farawon; epi Moïse te voye li vè syèl la, e li te devni gwo bouton k ap pete tankou maleng ni sou moun, ni sou bèt.
Tako oni uzeše pepela iz peći i dođoše pred faraona. Onda Mojsije rasu pepeo prema nebu, a otekline s čirevima prekriše ljude i životinje.
11 Majisyen yo pa t kab kanpe devan Moïse akoz bouton yo, paske bouton yo te sou majisyen yo menm jan ak tout Ejipsyen yo.
Ni čarobnjaci se nisu mogli pojaviti pred Mojsijem, jer su i čarobnjaci, kao i ostali Egipćani, bili prekriveni čirevima.
12 Men SENYÈ a te fè kè Farawon vin di, e li pa t koute yo, jan ke SENYÈ a te di a Moïse la.
Ali je Jahve otvrdnuo srce faraonu, pa on ne posluša Mojsija i Arona, kako je Jahve Mojsiju i rekao.
13 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten e kanpe devan Farawon pou di li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.
Tada Jahve reče Mojsiju: “Podrani ujutro, iziđi pred faraona i reci mu: 'Ovako poručuje Jahve, Bog Hebreja: Pusti narod da ode i da mi štovanje iskaže.
14 Paske fwa sa a, Mwen va voye tout fleyo Mwen yo sou kè ou, avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a, pou ou kab konnen ke nanpwen lòt tankou Mwen sou tout latè.
Ako ih ne pustiš, sva zla svoja navalit ću ovaj put na te, na tvoje službenike i tvoj puk, tako da spoznaš da nema nikoga na svoj zemlji kao što sam ja.
15 “‘Paske si Mwen te deja lonje men M pou frape ou ak pèp ou a avèk epidemi, nou t ap deja disparèt sou latè.
Da sam ruku svoju spustio i udario tebe i tvoj puk pomorom, nestalo bi te sa zemlje.
16 Men vrèman, pou rezon sa a, Mwen kite nou la jiska prezan: pou M kapab montre nou pouvwa Mwen e pwoklame pouvwa Mwen sou tout latè.
Poštedio sam te da ti pokažem svoju moć i da se hvali moje ime po svoj zemlji.
17 Malgre sa, ou toujou monte tèt ou kont pèp Mwen an, lè ou refize kite yo ale.
Ali se ti previše uzdižeš nad mojim narodom i priječiš mu da ode.
18 “‘Gade byen, vè lè sa a demen, Mwen va voye lagrèl byen gwo, tankou yo pa janm wè an Égypte depi lè li te fonde, jiska prezan.
Sutra u ovo doba pustit ću tuču tako strašnu kakve u Egiptu još nije bilo otkad je postao do sada.
19 Alò, pou sa, mennen bèt nou yo avèk nenpòt sa nou gen nan chan an anba pwoteksyon. Chak moun oswa bèt ki twouve yo nan chan an, e ki pa mennen lakay yo, lè lagrèl la vin desann sou yo, yo va mouri.’”
Zato naredi da pod krov utjeraju tvoje blago i sve što je vani, na otvorenu. Sve što se nađe u polju, bilo čovjek bilo živinče, ne bude li uvedeno unutra, poginut će kad tuča zaspe po njima.'”
20 Sèman sila pami sèvitè Farawon yo ki te krent pawòl SENYÈ a te fè pwòp sèvitè li yo avèk bèt li yo sove ale nan kay yo.
Faraonovi službenici, koji su se pobojali Jahvina govora, utjeraju svoje sluge i svoje blago unutra.
21 Men sila ki pa t okipe sa yo, te kite sèvitè li yo avèk bèt li yo nan chan an.
Oni koji nisu marili za Jahvinu prijetnju ostave vani i svoje sluge i stoku.
22 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou vè syèl la, pou lagrèl kapab tonbe sou tout tè Égypte la, sou moun, sou bèt, e sou chak plan nan chan tout kote nan peyi Égypte la.”
Onda rekne Jahve Mojsiju: “Pruži ruku prema nebu da udari tuča po svoj zemlji egipatskoj: po ljudima, životinjama i svemu bilju u zemlji egipatskoj.”
23 Moïse te lonje baton li vè syèl la, e SENYÈ a te voye zeklè, loray avèklagrèl, avèk gwo kout dife ki te kouri rive jis atè. Konsa, SENYÈ a te fè lagrèl desann sou tout tè Égypte la.
Mojsije diže svoj štap prema nebu. Jahve zagrmje i pusti tuču i munje sastavi sa zemljom. Sipao je Jahve tuču po zemlji Egipćana.
24 Alò te gen lagrèl, avèk dife ki te lanse, ki t ap vòltije tout tan nan mitan lagrèl la, byen sevè, jan peyi Égypte la pa t janm wè depi li te devni yon nasyon.
Tuča je mlatila, kroz nju munje parale. Strahota se takva nije oborila na zemlju egipatsku otkako su ljudi u njoj.
25 Lagrèl la te frape tout sa ki te nan chan nan tout pati an Égypte, ni moun, ni bèt. Lagrèl la te frape osi chak plan nan chan an epi te chire an mòso chak bwa nan chan an.
Tuča pobi po svem Egiptu sve što je ostalo vani, ljude i životinje; uništi sve bilje po poljima i sva stabla poljska polomi.
26 Sèlman nan peyi Gosen an, kote fis Israël yo te ye a, pa t gen lagrèl la.
Samo u gošenskom kraju, gdje su živjeli Izraelci, nije bilo tuče.
27 Alò, Farawon te voye kote Moïse avèk Aaron, e te di yo: “Mwen te peche fwa sa a. SENYÈ a se sila ki dwat la, epi mwen avèk pèp mwen an se nou ki mechan.
Faraon posla po Mojsija i Arona pa im reče: “Ovaj put priznajem da sam kriv. Jahve ima pravo, a ja i moj narod krivo.
28 Fè lapriyè bay SENYÈ a, paske te gen kont tonnè avèk lagrèl. Mwen va kite nou ale, e nou p ap rete ankò.”
Molite Jahvu da ustavi gromove i tuču, a ja ću vas pustiti da idete. Nećete više dugo ostati.”
29 Moïse te di li: “Depi mwen kite vil la, m ap ouvri men m bay SENYÈ a. Tonnè a va sispann, e p ap gen lagrèl ankò, pou ou kapab konnen ke tè a se pou SENYÈ a.
“Kad iziđem iz grada”, reče mu Mojsije, “dići ću ruke prema Jahvi, pa će gromovi prestati, a ni tuče više neće biti, tako da znaš da zemlja pripada Jahvi.
30 Men pou ou menm, avèk sèvitè ou yo, mwen konnen ke nou poko krent SENYÈ Bondye a.”
Ali ni ti ni tvoji dvorani, znam ja, još se ne bojite Boga Jahve.”
31 Alò pye koton swa yo avèk lòj la te gate, paske lòj la te fè gwo tèt, e koton swa a t ap boujonnen.
I tako propade lan i ječam: jer ječam bijaše u klasu, a lan u cvatu.
32 Men ble a avèk pitimi a pa t gate paske yo te vin mi pita.
Pšenica i raž nisu nastradali jer su ozima žita.
33 Alò, Moïse te kite vil la sòti devan Farawon, e li te lonje men li vè SENYÈ a; epi tonnè avèk lagrèl la te sispann, e lapli pa t tonbe sou latè ankò.
Otišavši od faraona, Mojsije iziđe iz grada i podigne ruke prema Jahvi. Prestane grmljavina i tuča, a ni kiša više nije padala na zemlju.
34 Men lè Farawon te wè ke lapli avèk tonnè a te sispann, li te peche ankò, e li te andisi kè l, li menm avèk sèvitè li yo.
Kad je faraon vidio da je prestala grmljavina, tuča i kiša, opet padne u grijeh: i on i njegovi službenici opet otvrdnu srcem.
35 Kè Farawon te vin di, e li pa t kite fis Israël yo ale, jan SENYÈ a te pale ak Moïse la.
Otvrdnu srce faraonu i ne pusti on Izraelce, kako je Jahve i prorekao preko Mojsija.