< Egzòd 6 >

1 SENYÈ a te di a Moïse: “Alò, koulye a ou va wè kisa mwen va fè a Farawon. Paske anba yon men pwisan, li va lage yo, e anba yon men pwisan, li va pouse yo sòti nan peyi li a.”
耶和华对摩西说:“现在你必看见我向法老所行的事,使他因我大能的手容以色列人去,且把他们赶出他的地。”
2 Bondye te pale plis avèk Moïse e te di li: “Mwen se SENYÈ a.
神晓谕摩西说:“我是耶和华。
3 Mwen te parèt a Abraham, Isaac, avèk Jacob, kòm Bondye Toupwisan an, men pa pwòp non Mwen, SENYÈ a, Mwen pa t janm fè yo rekonèt Mwen.
我从前向亚伯拉罕、以撒、雅各显现为全能的 神;至于我名耶和华,他们未曾知道。
4 Mwen te anplis etabli akò Mwen avèk yo, pou bay yo peyi Canaran an, peyi kote yo te rete kon etranje.
我与他们坚定所立的约,要把他们寄居的迦南地赐给他们。
5 Anplis de sa, Mwen tande kri fis Israël yo, akoz Ejipsyen yo k ap kenbe yo nan esklavaj, e Mwen sonje akò Mwen an.”
我也听见以色列人被埃及人苦待的哀声,我也记念我的约。
6 “Pou sa, di a fis Israël yo: ‘Mwen menm se SENYÈ a. Mwen va mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo, e Mwen va delivre nou anba esklavaj pa yo a. Mwen va anplis delivre nou avèk yon bra byen lonje, e avèk gwo jijman.
所以你要对以色列人说:‘我是耶和华;我要用伸出来的膀臂重重地刑罚埃及人,救赎你们脱离他们的重担,不做他们的苦工。
7 “‘Alò, Mwen va pran nou kòm pèp pa m, e Mwen va Bondye pa nou; epi nou va konnen ke Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa nou an, ki te mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo.
我要以你们为我的百姓,我也要作你们的 神。你们要知道我是耶和华—你们的 神,是救你们脱离埃及人之重担的。
8 Mwen va mennen nou nan peyi ke M te sèmante pou bay a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen va bannou li kòm posesyon. Mwen menm se SENYÈ a.’”
我起誓应许给亚伯拉罕、以撒、雅各的那地,我要把你们领进去,将那地赐给你们为业。我是耶和华。’”
9 Alò Moïse te pale konsa avèk fis Israël yo, men yo pa t koute Moïse akoz dekourajman avèk esklavaj di a.
摩西将这话告诉以色列人,只是他们因苦工愁烦,不肯听他的话。
10 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
耶和华晓谕摩西说:
11 “Ale pale Farawon, wa Égypte la, pou kite fis Israël yo sòti deyò peyi li a.”
“你进去对埃及王法老说,要容以色列人出他的地。”
12 Men Moïse te pale devan SENYÈ a e te di: “Gade byen, fis Israël yo pa t koute mwen. Alò, kijan Farawon ap koute mwen, paske mwen manke swa nan pale?”
摩西在耶和华面前说:“以色列人尚且不听我的话,法老怎肯听我这拙口笨舌的人呢?”
13 Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse avèk Aaron. Li te bay yo yon lòd pou fis Israël yo ak pou Farawon, wa Égypte la pou mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la.
耶和华吩咐摩西、亚伦往以色列人和埃及王法老那里去,把以色列人从埃及地领出来。
14 Sa yo se te chèf an tèt yo pou lakay papa yo. Fis Ruben yo, premye ne a Israël la: Hénoc, Pallu, Hetsron avèk Carmi.
以色列人家长的名字记在下面。以色列长子吕便的儿子是哈诺、法路、希斯伦、迦米;这是吕便的各家。
15 Fis Siméon yo: Jemuel, Jamin, Ohad, Jakin, ak Tsochar; epi Saül, fis a yon fanm Canaran. Sa yo se fanmi Siméon yo.
西缅的儿子是耶母利、雅悯、阿辖、雅斤、琐辖,和迦南女子的儿子扫罗;这是西缅的各家。
16 Men non a fis Lévi yo avèk posterite pa yo: Guerschon, Kehath, ak Merari. Ane ke Lévi te viv yo se te san-trant-sèt ane.
利未众子的名字按着他们的后代记在下面:就是革顺、哥辖、米拉利。利未一生的岁数是一百三十七岁。
17 Fis Guerschon yo: Libni e Schimeï selon fanmi pa yo.
革顺的儿子按着家室是立尼、示每。
18 Fis Kehath yo: Amram, Jitsehar, Hébron, avèk Uziel. Ane Kehath te viv yo te de-san-trann-twa ane.
哥辖的儿子是暗兰、以斯哈、希伯伦、乌薛。哥辖一生的岁数是一百三十三岁。
19 Fis Merari yo: Machli avèk Muschi. Sa yo se fanmi Lévi yo, avèk posterite pa yo.
米拉利的儿子是抹利和母示;这是利未的家,都按着他们的后代。
20 Amram te pran pou fanm Jokébed, tant li an; epi li te fè Aaron avèk Moïse. Ane ke Amram te viv yo te de-san-trann-sèt ane.
暗兰娶了他父亲的妹妹约基别为妻,她给他生了亚伦和摩西。暗兰一生的岁数是一百三十七岁。
21 Fis Jitsehar yo: Koré, Népheg avèk Zicri.
以斯哈的儿子是可拉、尼斐、细基利。
22 Fis Uziel yo: Mischaël, Eltsaphan ak Sithri.
乌薛的儿子是米沙利、以利撒反、西提利。
23 Aaron te pran pou fanm Élischéba, fi ki pou Amminidab la, sè Nachschon an; epi li te fè pou li Nadab, Abihu, Éléazar avèk Ithamar kòm pitit.
亚伦娶了亚米拿达的女儿,拿顺的妹妹,以利沙巴为妻,她给他生了拿答、亚比户、以利亚撒、以他玛。
24 Fis Koré yo; Assir, Elkana, avèk Abiasaph. Sa yo se fanmi tribi Korit yo.
可拉的儿子是亚惜、以利加拿、亚比亚撒;这是可拉的各家。
25 Éléazar, fis Aaron an, te marye ak youn nan fi Puthiel yo, e li te fè Phinées kòm pitit. Sa yo se chèf an tèt Levit yo selon fanmi pa yo.
亚伦的儿子以利亚撒娶了普铁的一个女儿为妻,她给他生了非尼哈。这是利未人的家长,都按着他们的家。
26 Se tout sa yo ke Senyè te pale lè l te di Aaron avèk Moïse: “Mennen fis Israël yo deyò nan peyi Égypte la selon chèf lame pa yo.”
耶和华说:“将以色列人按着他们的军队从埃及地领出来。”这是对那亚伦、摩西说的。
27 Se te menm sa yo ki te pale avèk Farawon, wa Égypte la, pou fè yo mennen fis Israël yo sòti an Égypte. Se te menm Moïse avèk Aaron sa a.
对埃及王法老说要将以色列人从埃及领出来的,就是这摩西、亚伦。
28 Alò li te vin rive nan jou ke SENYÈ a te pale ak Moïse nan peyi Égypte la,
当耶和华在埃及地对摩西说话的日子,
29 ke SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: “Mwen se SENYÈ a. Pale ak Farawon, wa Égypte la, tout sa ke M pale ak ou yo.”
他向摩西说:“我是耶和华;我对你说的一切话,你都要告诉埃及王法老。”
30 Men Moïse te di devan SENYÈ a: “Gade byen, lèv mwen yo pa sikonsi. Konsa, kijan Farawon va koute mwen?”
摩西在耶和华面前说:“看哪,我是拙口笨舌的人,法老怎肯听我呢?”

< Egzòd 6 >