< Egzòd 5 >

1 Apre, Moïse avèk Aaron te vin di a Farawon: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘Kite pèp mwen an ale pou yo kapab selebre yon fèt pou Mwen nan dezè a.’”
و بعد از آن موسی و هارون آمده، به فرعون گفتند: «یهوه خدای اسرائیل چنین می‌گوید: قوم مرا رها کن تا برای من در صحرا عیدنگاه دارند.»۱
2 Men Farawon te di: “Kilès SENYÈ a ye pou m ta obeyi vwa Li, pou kite Israël ale? Mwen pa konnen SENYÈ a, e anplis, mwen p ap kite Israël ale.”
فرعون گفت: «یهوه کیست که قول او را بشنوم و اسرائیل را رهایی دهم؟ یهوه رانمی شناسم و اسرائیل را نیز رها نخواهم کرد.»۲
3 Yo te di: “Bondye a Ebre yo te reyini avèk nou. Souple, kite nou ale fè yon vwayaj twa jou nan dezè a pou nou kapab fè yon sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an; otreman, Li va vin tonbe sou nou ak gwo maladi, oubyen nepe.”
گفتند: «خدای عبرانیان ما را ملاقات کرده است، پس الان سفر سه روزه به صحرا برویم، ونزد یهوه، خدای خود، قربانی بگذرانیم، مبادا مارا به وبا یا شمشیر مبتلا سازد.»۳
4 Men wa a Égypte la te di yo: “Moïse avèk Aaron, poukisa nou ap rale pèp la kite travay li? Ale retounen nan travay nou.”
پس پادشاه مصربدیشان گفت: «ای موسی و هارون چرا قوم را ازکارهای ایشان بازمی دارید؟ به شغلهای خودبروید!»۴
5 Ankò Farawon te di: “Gade, pèp la nan peyi a koulye a vin anpil, e nou ta vle fè yo sispann fè travay yo!”
و فرعون گفت: «اینک الان اهل زمین بسیارند، و ایشان را از شغلهای ایشان بیکارمی سازید.»۵
6 Alò menm jou a, Farawon te kòmande chèf kòve ki te sou pèp la avèk fòmann pa yo. Li te di yo:
و در آن روز، فرعون سرکاران و ناظران قوم خود را قدغن فرموده، گفت:۶
7 “Nou p ap bay pèp la pay ankò pou fè brik jan nou te konn fè a. Kite yo ale ranmase pay pou kont yo.
«بعد از این، کاه برای خشت سازی مثل سابق بدین قوم مدهید. خود بروند و کاه برای خویشتن جمع کنند.۷
8 “Menm fòs brik yo te konn fè avan an, fòk nou egzije yo fè l. Nou pa pou redwi li menm. Paske yo se parese! Se pou sa y ap kriye a: ‘Kite nou ale fè sakrifis a Bondye nou an.’
وهمان حساب خشتهایی را که پیشتر می‌ساختند، برایشان بگذارید، و از آن هیچ کم مکنید، زیراکاهلند، و از این‌رو فریاد می‌کنند و می‌گویند: برویم تا برای خدای خود قربانی گذرانیم.۸
9 Kite travay la vin pi lou pou mesye yo. Kite yo travay pou yo pa swiv fo pawòl sa yo ankò.”
وخدمت ایشان سخت‌تر شود تا در آن مشغول شوند، و به سخنان باطل اعتنا نکنند.»۹
10 Konsa, chèf kòve a pèp yo avèk fòmann pa yo te ale deyò pou te pale avèk pèp la. Li te di: “Konsa pale Farawon: ‘Mwen p ap bannou okenn pay.
پس سرکاران و ناظران قوم بیرون آمده، قوم را خطاب کرده، گفتند: «فرعون چنین می‌فرماید که من کاه به شما نمی دهم.۱۰
11 Nou menm, ale chache pay nou pou kont nou nenpòt kote nou kab jwenn nan, men pou fòs travay nou oblije fè a, li p ap redwi.’”
خود بروید و کاه برای خود ازهرجا که بیابید بگیرید، و از خدمت شما هیچ کم نخواهد شد.»۱۱
12 Konsa, pèp la te gaye nan tout peyi Égypte la pou ranmase tij sereyal pou sèvi kòm pay.
پس قوم در تمامی زمین مصر پراکنده شدند تا خاشاک به عوض کاه جمع کنند.۱۲
13 Chèf Kòve yo te peze yo rèd. Yo te di: “Konplete menm fòs travay jounen ke nou te bannou an, menm jan ke lè nou te gen pay la.”
وسرکاران، ایشان را شتابانیده، گفتند: «کارهای خود را تمام کنید، یعنی حساب هر روز را درروزش، مثل وقتی که کاه بود.»۱۳
14 Anplis de sa, fòmann yo, fis Israël yo, ke chèf kòve Farawon yo te mete sou yo a, te pran kou. Konsa yo te mande yo: “Poukisa nou pa t konplete sa ke nou te gen pou fè a, ni ayè, ni jodi a nan fè brik yo menm jan tankou avan an?”
و ناظران، بنی‌اسرائیل را که سرکاران فرعون بر ایشان گماشته بودند، می‌زدند و می‌گفتند: «چرا خدمت معین خشت سازی خود را در این‌روزها مثل سابق تمام نمی کنید؟»۱۴
15 Epi fòmann sou fis Israël yo te vin kriye devan Farawon. Yo te di: “Poukisa ou aji konsa avèk sèvitè ou yo?
آنگاه ناظران بنی‌اسرائیل آمده، نزد فرعون فریاد کرده، گفتند: «چرا به بندگان خود چنین می‌کنی؟۱۵
16 Yo pa bay pay a sèvitè yo, men yo kontinye di nou: ‘fè brik!’ E gade byen, sèvitè ou yo pran kou, men se fot pwòp pèp pa w la.”
کاه به بندگانت نمی دهند و می‌گویند: خشت برای مابسازید! و اینک بندگانت را می‌زنند و اما خطا ازقوم تو می‌باشد.»۱۶
17 Men li te di: “Nou se parese! Nou pa travay menm! Se pou sa nou di: ‘Kite nou ale fè sakrifis a SENYÈ a.’
گفت: «کاهل هستید. شماکاهلید! از این سبب شما می‌گویید: برویم و برای خداوند قربانی بگذرانیم.۱۷
18 Alò koulye a, al travay! Paske nou p ap resevwa pay, men fòk nou konplete fòs kantite brik ke nou gen pou fè yo.”
اکنون رفته، خدمت بکنید، و کاه به شما داده نخواهد شد، و حساب خشت را خواهید داد.»۱۸
19 Fòmann nan fis Israël yo te wè ke yo te gen gwo pwoblèm, paske li te di yo: “Nou pa pou redwi fòs kantite brik pa jou yo.”
و ناظران بنی‌اسرائیل دیدند که در بدی گرفتار شده‌اند، زیرا گفت: «ازحساب یومیه خشتهای خود هیچ کم مکنید.»۱۹
20 Lè yo te kite prezans Farawon, yo te rankontre Moïse avèk Aaron paske yo t ap tann yo.
و چون از نزد فرعون بیرون آمدند، به موسی وهارون برخوردند، که برای ملاقات ایشان ایستاده بودند.۲۰
21 Yo te di yo: “Ke Bondye kapab gade sa nou fè a, e jije nou, paske nou te fè nou vin rayisab devan zye Farawon, e devan zye tout sèvitè li yo. Konsa nou mete yon nepe nan men yo pou yo kab touye nou.”
و بدیشان گفتند: «خداوند بر شما بنگردو داوری فرماید! زیرا که رایحه ما را نزد فرعون وملازمانش متعفن ساخته‌اید، و شمشیری به‌دست ایشان داده‌اید تا ما را بکشند.»۲۱
22 Alò, Moïse te retounen vè SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, poukisa ou pote mal a pèp sa a? Poukisa menm ou te voye mwen an?
آنگاه موسی نزد خداوند برگشته، گفت: «خداوندا چرا بدین قوم بدی کردی؟ و برای چه مرا فرستادی؟۲۲
23 Depi mwen te vin kote Farawon pou pale nan non Ou a, li te fè mechanste a pèp sila a. Ni Ou pa t delivre pèp Ou a ditou.”
زیرا از وقتی که نزد فرعون آمدم تا به نام تو سخن گویم، بدین قوم بدی کرده است و قوم خود را هرگز خلاصی ندادی.»۲۳

< Egzòd 5 >