< Egzòd 4 >

1 Moïse te di: “Men kisa si yo pa kwè m, ni koute sa ke mwen di a?” Paske yo ka petèt di: “SENYÈ a pa t parèt kote ou.”
Moses answered, “But what if they do not believe me or listen to me but say instead, 'Yahweh has not appeared to you'?”
2 SENYÈ a te di li: “Kisa sa ye nan men ou la a?” Epi li te di: “Yon baton.”
Yahweh said to him, “What is that in your hand?” Moses said, “A staff.”
3 Li te di: “Jete l atè.” Moïse te jete l atè, e li te vin tounen yon sèpan; epi Moïse te kouri kite l.
Yahweh said, “Throw it on the ground.” Moses threw it on the ground, and it became a snake. Moses ran back from it.
4 Men SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou e kenbe l nan ke l.” Li te lonje men l, li te kenbe l nan ke l, e li te tounen yon baton nan men li.
Yahweh said to Moses, “Reach out and take it by the tail.” So he reached out and took hold of the snake. It became a staff in his hand again.
5 “Pou yo ta kapab kwè ke SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, ak Bondye Jacob la te parèt a ou.”
“This is so they may believe that Yahweh, the God of their ancestors, the God of Abraham, the God of Isaac, and the God of Jacob, has appeared to you.”
6 SENYÈ a anplis te di l: “Alò, fouye men ou antre kot kè ou.” Konsa, li te mete men l anndan sou kè li, e lè l te rale l deyò, li te devni lèp tankou lanèj.
Yahweh also said to him, “Now put your hand inside your robe.” So Moses put his hand inside his robe. When he brought it out, behold, his hand was leprous, as white as snow.
7 Li te di l: “Mete men ou antre kot kè ou ankò.” Li te mete men l antre kot kè l ankò, e lè l te rale l, konsa, li te vin nèf tankou rès chè li.
Yahweh said, “Put your hand inside your robe again.” So Moses put his hand inside his robe, and when he brought it out, he saw that it was made healthy again, like the rest of his flesh.
8 “Si yo pa kwè ou ni resevwa temwayaj premye sign lan, yo ka petèt kwè temwayaj dènye sign lan.
Yahweh said, “If they do not believe you—if they do not pay attention to the first sign of my power or believe in it, then they will believe the second sign.
9 Men si yo pa kwè menm de sign sa yo ni koute sa ou di a, alò, ou va pran kèk dlo nan lariviyè Nil lan, e vide li sou tè sèch la; epi dlo ke ou pran nan Nil lan va vin tounen san sou tè sèch la.”
If they do not believe even these two signs of my power, or listen to you, then take some water from the river and pour it on the dry land. The water that you take will become blood on the dry land.”
10 Moïse te di a SENYÈ a: “Souple, SENYÈ, mwen pa t janm yon moun ki fò nan pale, ni nan tan sa a, ni nan tan pase, ni depi Ou te pale a Sèvitè ou a, paske mwen lan nan pale, e mwen lan nan langaj.”
Then Moses said to Yahweh, “Lord, I have never been eloquent, neither in the past nor since you spoke to your servant. I am slow of speech and slow of tongue.”
11 SENYÈ a te di li: “Kilès ki te fè bouch a lòm? Oswa kilès ki te fè l bebe, (oswa) soud, oswa pou l wè oswa pou li pa wè. Èske se pa Mwen, SENYÈ a?
Yahweh said to him, “Who is it who made man's mouth? Who makes a man mute or deaf or seeing or blind? Is it not I, Yahweh?
12 Alò ale, e Mwen menm, Mwen va avèk bouch ou, pou enstwi ou nan kisa ou gen pou di.”
So now go, and I will be with your mouth and teach you what to say.”
13 Men li te di: “Souple, Senyè, koulye a voye mesaj la pa nenpòt lòt moun ke ou pito.”
But Moses said, “Lord, please send anyone else, anyone whom you wish to send.”
14 Konsa, lakòlè SENYÈ a te brile kont Moïse, e Li te di: “Èske pa gen frè ou a, Aaron, Levit la? Mwen konnen ke li konn pale avèk fasilite. E anplis de sa, gade, l ap vin rankontre ou. Lè li wè ou, kè li va kontan.
Then Yahweh became angry with Moses. He said, “What about Aaron, your brother, the Levite? I know that he can speak well. Moreover, he is coming to meet you, and when he sees you, he will be glad in his heart.
15 “Ou gen pou pale avèk li, e mete pawòl yo nan bouch li. Mwen va avèk bouch pa w ak bouch pa l, e Mwen va enstwi ou kisa ou gen pou fè.
You will speak to him and put the words to say into his mouth. I will be with your mouth and with his mouth, and I will show you both what to do.
16 “Anplis de sa, li va pale a pèp la pou ou. Li va tankou bouch ou, e ou va tankou Bondye pou li.
He will speak to the people for you. He will be your mouth, and you will be to him like me, God.
17 Ou va pran nan men ou baton sila a; avèk li ou va fè sign yo.”
You will take in your hand this staff. With it you will do the signs.”
18 Konsa, Moïse te pati e te retounen vè Jéthro, bòpè li a. Li te di li: “Souple, kite mwen ale pou mwen kapab retounen bò kote frè m yo an Égypte, pou wè si yo toujou vivan.” Jéthro te di a Moïse: “Ale anpè.”
So Moses went back to Jethro his father-in-law and said to him, “Let me go so I may return to my relatives who are in Egypt and see if they are still alive.” Jethro said to Moses, “Go in peace.”
19 Alò SENYÈ a te di a Moïse nan Madian: “Ale retounen an Égypte, paske tout mesye ki t ap chache lavi ou yo gen tan mouri.”
Yahweh said to Moses in Midian, “Go, return to Egypt, for all the men who were trying to take your life are dead.”
20 Moïse te pran madanm li avèk fis li yo; yo te monte sou yon bourik e yo te retounen nan peyi Égypte la. Anplis, Moïse te pran baton Bondye a nan men l.
Moses took his wife and his sons and put them on a donkey. He returned to the land of Egypt, and he took the staff of God in his hand.
21 SENYÈ a te di a Moïse: “Lè ou retounen an Égypte, fè byen si ke ou fè tout mèvèy yo devan Farawon ke M te bay ou pouvwa fè yo. Men Mwen va fè kè l di pou li pa kite pèp la ale.
Yahweh said to Moses, “When you go back to Egypt, see that you do before Pharaoh all the wonders that I have put in your power. But I will harden his heart, and he will not let the people go.
22 Ou va di a Farawon: ‘Men kijan SENYÈ a pale: Israël se fis Mwen, premye ne Mwen an.
You must say to Pharaoh, 'This is what Yahweh says: Israel is my son, my firstborn,
23 Epi Mwen te di ou: Kite fis Mwen an ale pou l kapab sèvi M, men ou te refize kite l ale. Gade byen, Mwen va touye fis ou a, premye ne pa w la.’”
and I say to you, “Let my son go, so he may worship me.” But since you have refused to let him go, I will certainly kill your son, your firstborn.'”
24 Alò li te vin rive ke nan plas lojman an sou wout la SENYÈ a te rankontre Moïse e Li te chache touye li.
Now on the way, when they stopped for the night, Yahweh met Moses and tried to kill him.
25 Konsa, Séphora te pran yon kouto wòch silèks, li te koupe prepis a fis li a; li te jete li devan pye a Moïse, e te di li: “Ou vrèman se yon mari pa san pou mwen menm.”
Then Zipporah took a flint knife and cut off the foreskin of her son, and touched it to his feet. Then she said, “Surely you are a bridegroom to me by blood.”
26 Epi li te kite li anpè. Nan moman sa a, li te di: “Ou se yon mari pa san —akoz sikonsizyon an.”
So Yahweh let him alone. She said, “You are a bridegroom of blood” because of the circumcision.
27 Alò SENYÈ a te di a Aaron: “Ale rankontre Moïse nan dezè a.” Konsa li te ale rankontre li nan mòn Bondye a e te bo li.
Yahweh said to Aaron, “Go into the wilderness to meet Moses.” Aaron went, met him at the mountain of God, and kissed him.
28 Moïse te di Aaron tout pawòl ke SENYÈ a te voye avèk li a, ak tout sign ke Li te bay li lòd fè yo.
Moses told Aaron all the words of Yahweh that he had sent him to say and about all the signs of Yahweh's power that he had commanded him to do.
29 Alò, Moïse avèk Aaron te ale e te reyini tout ansyen nan fis Israël yo.
Then Moses and Aaron went and gathered together all the elders of the Israelites.
30 Konsa, Aaron te pale tout mo ke SENYÈ a te pale bay Moïse yo. Epi li te fè tout sign yo devan zye a pèp la.
Aaron spoke all the words that Yahweh had spoken to Moses. He also displayed the signs of Yahweh's power in the sight of the people.
31 Alò pèp la te vin kwè, lè yo te tande ke SENYÈ a te gen kè pou fis Israël yo, e ke Li te vin wè afliksyon yo. Yo te bese ba, pou te adore Li.
The people believed. When they heard that Yahweh had observed the Israelites and that he had seen their oppression, then they bowed their heads and worshiped him.

< Egzòd 4 >