< Egzòd 37 >

1 Alò Betsaléel te fè lach la an bwa akasya. Longè li se te de koude edmi, e lajè li se te yon koude edmi.
And Bezalel made the ark of hard wood, two and a half cubits long, a cubit and a half wide and a cubit and a half high;
2 Li te kouvri li avèk lò pi ni anndan, ni deyò, e li te fè yon bòdi an lò pou antoure l.
Plating it inside and out with the best gold, and putting an edge of gold all round it.
3 Li te fonde kat wondèl yo an lò sou kat pye li yo; de wondèl menm sou yon bò, e de wondèl sou lòt bò li.
And he made four gold rings for its four angles, two on one side and two on the other,
4 Li te fè poto yo an bwa akasya, e li te kouvri yo avèk yon kouch lò.
And rods of the same wood plated with gold.
5 Li te pase poto yo nan wondèl yo ki te tache sou kote lach la pou pote li.
These rods he put in the rings at the sides of the ark, for lifting it.
6 Li te fè yon chèz pwopyatwa avèk lò pi; de koude edmi nan longè, e yon koude edmi nan lajè.
And he made the cover all of gold, two and a half cubits long and a cubit and a half wide.
7 Li te fè de cheriben yo avèk lò. Li te fè yo nan de pwent a chèz pwopyatwa yo;
And he made two winged ones, hammered out of one bit of gold, for the two ends of the cover;
8 yon cheriben nan yon pwent, e yon cheriben nan lòt pwent lan. Li te fè cheriben yo kòm yon sèl pyès avèk chèz pwopyatwa a nan de pwent yo.
Placing one at one end and one at the other; the winged ones were part of the cover.
9 Cheriben yo te gen zèl yo ouvri pa anlè, e yo te kouvri chèz pwopyatwa a avèk zèl yo, avèk figi pa yo youn anvè lòt. Figi Cheriben yo te anvè chèz pwopyatwa a.
And their wings were stretched out over the cover; the faces of the winged ones were opposite one another and facing the cover.
10 Alò, li te fè tab la avèk bwa akasya. Longè li te de koude, lajè li te yon koude, e yon koude edmi nan wòte.
And he made the table of hard wood, two cubits long, a cubit wide and a cubit and a half high;
11 Li te kouvri avèk yon kouch lò, e li te fè yon bòdi an lò toutotou li.
Plating it with the best gold and putting a gold edge all round it.
12 Li te fè yon rebò pou li, lajè a yon epann (yon men byen ouvri), ki antoure l nèt, e li te fè yon bòdi lò ki te antoure tab la.
And he made a frame all round it about as wide as a man's hand, edged with gold all round.
13 Li te fonde kat wondèl an lò pou li tab la, e li te mete wondèl yo nan kat kwen ki te sou kat pye li yo.
And he made four gold rings, and put the rings at the angles of its four feet.
14 Byen pre rebò a se te wondèl yo, soutyen pou poto yo pou pote tab la.
The rings were fixed under the frame to take the rods with which the table was to be lifted.
15 Li te fè poto yo avèk bwa akasya. Li te kouvri yo avèk yon kouch lò, pou pote tab la.
The rods for lifting the table he made of hard wood plated with gold.
16 Li te fè bagay itil yo ki te sou tab la, asyèt avèk kiyè, bòl, ak krich yo pou vide ofrann bwason yo avèk lò pi a.
And all the table-vessels, the plates and spoons and basins and the cups for liquids, he made of the best gold.
17 Epi li te fè chandelye a avèk lò pi. Li te fè chandelye a, avèk lò ki bat. Baz ak tij li, tas li yo, boujon avèk flè yo te fèt nan yon sèl pyès, ansanm avèk li.
Then he made the support for the lights, all of the best gold; its base and its pillar were of hammered gold; its cups and buds and flowers were all made out of the same metal:
18 Te gen sis branch ki te sòti bò kote li yo; twa branch chandelye yo nan yon bò li, e twa branch chandelye nan lòt bò li;
It had six branches coming out from its sides, three from one side and three from the other;
19 twa tas fòme tankou flè zanmann, yon boujon, yon flè nan yon branch, ak twa tas ki fòme tankou flè zanmann nan lòt tij, yon boujon avèk yon flè—menm jan an nan sis branch ki sòti nan chandelye yo.
Every branch having three cups made like almond flowers, every cup with a bud and a flower on all the branches;
20 Nan chandelye a te gen kat tas ki fòme tankou flè zanmann, boujon li yo, ak flè li yo;
And on its pillar, four cups like almond flowers, every one with its bud and its flower;
21 epi yon boujon te anba premye pè branch li yo ki sòti nan li, e yon boujon anba dezyèm pè branch li yo ki sòti nan li, jis pou sis branch yo ki sòti nan chandelye a.
And under every two branches a bud, made with the branch, for all six branches of it.
22 Boujon yo, ak branch yo te yon sèl pyès avèk li; se te yon sèl pyès an lò ki bat.
The buds and the branches were made of the same metal, all together one complete work of the best hammered gold.
23 Li te fè sèt lanp li yo avèk etoufè yo, ak vaz pou sann yo avèk lò pi.
And he made the seven vessels for the lights, and all the necessary instruments for it, of gold.
24 Li te fè li e tout bagay itil li yo avèk yon talan (swasann kenz liv) lò pi.
A talent of the best gold was used for the making of it and its vessels.
25 Epi li te fè lotèl lansan an avèk bwa akasya: yon koude nan longè, yon koude nan lajè, kare, ak de koude nan wotè. Kòn li te yon sèl pyès avèk li.
And he made the altar for the burning of spices, using the same hard wood; it was square, a cubit long and a cubit wide and two cubits high; the horns made of the same.
26 Li te kouvri li nèt avèk lò pi, tèt li e tout kote li yo, tou antoure, ak kòn li yo. Konsa, li te fè yon bòdi lò antoure li nèt.
The top and the sides and the horns were all plated with the best gold; and he put an edge of gold all round it.
27 Li te fè de wondèl an lò pou li anba bòdi li, sou de kote ki opoze yo kòm soutyen pou poto ki t ap pote l yo.
And he made two gold rings, placing them on the two opposite sides under the edge, to take the rods for lifting it.
28 Li te fè poto yo an bwa akasya e li te kouvri yo avèk yon kouch lò.
The rods he made of the same hard wood, plating them with gold.
29 Epi li te fè lwil sen pou onksyone a, ak lansan santi bon an avèk epis yo, èv a yon mèt ouvriye ki konn fè melanj pafen.
And he made the holy oil and the perfume of sweet spices for burning, after the art of the perfume-maker.

< Egzòd 37 >