< Egzòd 33 >

1 Alò SENYÈ a te pale ak Moïse: “Pati, ale monte soti isit la, ou menm avèk pèp ke ou te mennen monte sòti nan peyi Égypte la, vè yon peyi ke Mwen te sèmante a Abraham, Issac, e a Jacob lè M te di yo: ‘A desandan nou yo Mwen va bay li.’
I mluvil Hospodin k Mojžíšovi: Jdi, vstup odsud, ty i lid, kterýž jsi vyvedl z země Egyptské do země, kterouž jsem přisáhl Abrahamovi, Izákovi a Jákobovi, řka: Semeni tvému dám ji,
2 Mwen va voye yon zanj devan ou, e Mwen va mete Kananeyen yo deyò, Amoreyen yo, Evetyen yo, Ferezyen yo, Etyen yo, ak Jebisyen yo.
(A pošli před tebou anděla, a vyženu Kananea, Amorea, Hetea, Ferezea, Hevea a Jebuzea, )
3 Monte vè yon peyi ki koule lèt ak siwo myèl; men Mwen p ap monte nan mitan nou, pwiske nou se yon pèp tèt di, e Mwen ta kapab petèt detwi nou nan chemen an.”
Do země oplývající mlékem a strdí. Neboť sám nevstoupím s tebou, proto že lid tvrdé šíje jsi, abych nezahubil tebe na cestě.
4 Lè pèp la te tande pawòl tris sa yo, yo te antre nan gwo doulè, e pèsòn pa t abiye avèk òneman yo.
A uslyšav lid řeč tuto přezlou, zámutek nesli, aniž vzal kdo okrasy své na sebe.
5 Paske SENYÈ a te di a Moïse: “Di a fis Israël yo: ‘Nou se yon pèp tèt di; si M ta monte nan mitan nou pandan yon moman, Mwen ta detwi nou. Koulye a, pou sa, retire òneman yo sou nou menm, pou M kapab konnen kisa ke M ta dwe fè avèk nou.’”
Nebo byl řekl Hospodin Mojžíšovi: Mluv synům Izraelským: Vy jste lid tvrdé šíje; jakž jen jedinou vstoupím mezi vás, zahladím vás. Protož již, slož okrasu svou s sebe, a zvím, co učiniti mám s tebou.
6 Konsa, soti Mòn Horeb pou rive pi lwen, fis Israël yo te retire tout òneman yo nèt sou yo menm.
I svlékli s sebe synové Izraelští okrasy své u hory Oréb.
7 Alò Moïse te abitye pran tant lan, li te monte li deyò kan an, yon bon distans a kan an, e li te rele li “Tant Reyinyon an”. Epi tout moun ki t ap chache SENYÈ a te konn ale nan tant reyinyon ki te deyò kan an.
Mojžíš pak vzav stánek, rozbil jej sobě vně za stany, vzdáliv se od táboru, a nazval jej stánkem úmluvy. Tedy kdokoli hledal Hospodina, ven choditi musil k stánku úmluvy, kterýž byl vně za stany.
8 Epi li te rive ke nenpòt lè ke Moïse te sòti deyò tant lan, ke tout pèp la ta leve kanpe, chak moun nan antre a tant pa yo a, e gade vè Moïse jiskaske li te vin retounen nan tant lan.
K tomu také, když vycházel Mojžíš k stánku, povstával všecken lid a stál každý u dveří stanu svého, a hleděli za Mojžíšem, dokudž nevšel do stánku.
9 Nenpòt lè Moïse te antre nan tant lan, pilye a nwaj la te konn desann e kanpe nan antre tant lan; epi SENYÈ a ta pale avèk Moïse.
Bývalo pak toto, že když vcházíval Mojžíš do stánku, sstupoval sloup oblakový, a stával u dveří stánku, a mluvil s Mojžíšem.
10 Lè tout pèp la te wè pilye a nwaj la ki te kanpe nan antre tant lan, tout pèp la te leve adore, chak moun depi nan antre a tant pa li a.
A všecken lid vida sloup oblakový, an stojí u dveří stánku, povstávali všickni, a klaněli se každý u dveří stanu svého.
11 Konsa SENYÈ a te konn pale avèk Moïse fasafas, menm jan ke yon moun pale avèk zanmi li. Lè Moïse te retounen nan kan an, sèvitè li a, Josué, fis a Nun nan, yon jennonm, ta refize sòti nan mitan tant lan.
A mluvíval Hospodin k Mojžíšovi tváří v tvář, tak jako mluví člověk s přítelem svým. Potom navracel se do táboru, ale služebník jeho Jozue, syn Nun, mládenec, neodcházel z stánku.
12 Alò, Moïse te di a SENYÈ a: “Ou wè, Ou di mwen, ‘Monte avèk pèp sa a, men Ou menm ou pa kite m konnen kilès Ou va voye avèk mwen.’ Anplis, Ou te di m: ‘Mwen te konnen ou pa non Ou, e ou osi twouve favè nan zye M.’
I řekl Mojžíš Hospodinu: Pohleď, ty velíš mi, abych vedl lid tento, a neoznámils mi, koho pošleš se mnou, ještos pravil: Znám tě ze jména, k tomu také nalezl jsi milost přede mnou.
13 Alò, pou sa, mwen priye Ou, si mwen twouve favè nan zye Ou, kite mwen konnen chemen pa Ou yo, pou m kapab konnen Ou, pou m kab jwenn favè nan zye Ou. Konsidere tou, ke nasyon sila a se pèp pa Ou.”
Již tedy, jestliže jsem jen nalezl milost před tebou, oznam mi, prosím, cestu svou, abych tě poznal, a abych nalezl milost před tebou; a pohleď, že národ tento jest lid tvůj.
14 Konsa, Li te di: “Prezans Mwen va ale avèk ou, e Mwen va bay ou repo.”
I odpověděl: Tvář má předcházeti vás bude, a dámť odpočinutí.
15 Epi Moïse te di Li: “Si prezans Ou p ap prale avèk nou, pa mennen nou monte isit la.
I řekl: Nemá-liť předcházeti nás tvář tvá, nevyvozuj nás odsud.
16 Paske kijan pèp sa ka konnen ke mwen te twouve favè nan zye Ou, mwen avèk pèp Ou a? Èske se pa lè ou ale avèk nou, ke nou, mwen menm avèk pèp Ou a, kapab distenge pami tout lòt pèp ki rete sou fas tè a?”
Nebo po čem poznáno bude zde, že jsem nalezl milost před tebou, já i lid tvůj? Zdali ne po tom, když půjdeš s námi, a když odděleni budeme, já a lid tvůj, ode všeho lidu, kterýž jest na tváři země?
17 SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen va osi fè bagay sa ke ou te pale a; paske ou twouve favè nan zye M, e Mwen konnen ou pa non Ou.”
I řekl Hospodin Mojžíšovi: I tu také věc, kterouž jsi pravil, učiním; nebo jsi nalezl milost přede mnou, a znám tě ze jména.
18 Konsa, Moïse te di: “Mwen priye Ou, montre m glwa Ou!”
Řekl opět: Okažiž mi, prosím, slávu svou.
19 Epi Li te reponn li: “Mwen menm va fè tout bonte Mwen pase devan ou, e Mwen va pwoklame non SENYÈ a devan ou. Konsa, Mwen va fè gras a sa ke M vle fè gras yo, e Mwen va montre mizerikòd a sa ke M vle montre mizerikòd yo.”
Kterýž odpověděl: Já způsobím to, aby šlo mimo tebe před tváří tvou všecko dobré mé, a zavolám ze jména: Hospodin před tváří tvou. Smiluji se, nad kýmž se smiluji, a slituji se, nad kýmž se slituji.
20 Men Li te di: “Ou p ap kapab wè figi Mwen, paske okenn moun pa ka wè M pou l viv!”
Řekl také: Nebudeš moci viděti tváři mé; neboť neuzří mne člověk, aby živ zůstal.
21 SENYÈ a te di: “Gade byen, gen yon plas bò kote Mwen. Ou va kanpe la sou wòch la.
I to řekl Hospodin: Aj, místo u mne, a staneš na skále.
22 Epi li va rive ke pandan glwa Mwen ap pase, Mwen va mete ou nan twou wòch la. E Mwen va kouvri ou avèk men M pou jiskaske M fin pase.
A když tudy půjde sláva má, postavím tě v rozsedlině skály, a přikryji tě rukou svou, dokudž nepřejdu.
23 Alò, Mwen va retire men M, e ou va wè do Mwen, men figi M p ap vizib.”
Potom odejmu ruku svou, i uzříš hřbet můj, ale tvář má nebude spatřína.

< Egzòd 33 >