< Egzòd 32 >

1 Alò, lè pèp la te wè ke Moïse te fè reta sòti nan mòn nan, pèp la te rasanble vè Aaron e yo te di li: “Vini, fè pou nou yon dye ki va ale devan nou; pwiske, Moïse sila a, nonm ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li.”
Vida pak lid, že by prodléval Mojžíš sstoupiti s hůry, sebrali se proti Aronovi a řekli jemu: Vstaň, udělej nám bohy, kteříž by šli před námi; nebo Mojžíšovi, muži tomu, kterýž vyvedl nás z země Egyptské, nevíme, co se přihodilo.
2 Aaron te di yo: “Chire retire zanno lò ki nan zòrèy a Madanm nou yo, fis nou yo, ak fi nou yo, e pote yo ban mwen.”
I řekl jim Aron: Odejměte náušnice zlaté, kteréž jsou na uších žen vašich, synů vašich i dcer vašich, a přineste ke mně.
3 Epi tout pèp la te chire zanno lò ki te nan zòrèy pa yo. Yo te pote yo bay Aaron.
Tedy strhl všecken lid náušnice zlaté, kteréž byly na uších jejich, a přinesli k Aronovi.
4 Li te pran yo nan men yo; li te fè desen li avèk yon zouti pou grave, e li te fonn li pou fè yon jèn towo. Konsa yo te di: “Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou sòti nan peyi Égypte la.”
Kteréžto vzav z rukou jejich, dal je do formy, a udělal z nich tele slité. I řekli: Tito jsou bohové tvoji, Izraeli, kteříž tě vyvedli z země Egyptské.
5 Alò, lè Aaron te wè sa, li te bati yon lotèl devan li. Epi Aaron te fè yon pwoklamasyon e te di: “Demen va yon fèt pou SENYÈ a.”
Což vida Aron, vzdělal oltář před ním. I volal Aron, a řekl: Slavnost Hospodinova zítra bude.
6 Epi nan jou ki te vini an, yo te leve bonè. Yo te ofri ofrann brile a, e yo te pote ofrann lapè yo. Konsa, pèp la te chita pou manje, pou bwè, e yo te leve pou jwe.
A nazejtří vstavše velmi ráno, obětovali zápaly, a přivedli oběti pokojné. I sedl lid, aby jedl a pil, potom vstali, aby hrali.
7 Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: “Desann koulye a, paske pèp ou a, ke ou te mennen monte nan peyi Égypte la, gen tan vin konwonpi.
Mluvil pak Hospodin k Mojžíšovi: Jdi, sstup, nebo porušil se lid tvůj, kterýž jsi vyvedl z země Egyptské.
8 Yo vire byen vit kite chemen ke Mwen te pase lòd ba yo a. Yo fè pou yo menm yon jèn towo fonn, yo adore li, yo fè sakrifis bay li, e yo di: ‘Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou monte kite peyi Égypte la!’”
Sešli brzo s cesty, kterouž jsem přikázal jim. Udělali sobě tele slité, a klaněli se mu, a obětovali jemu, řkouce: Tito jsou bohové tvoji, Izraeli, kteříž tě vyvedli z země Egyptské.
9 SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen wè pèp sa, e gade byen, se yon pèp tèt di.
Řekl také Hospodin Mojžíšovi: Viděl jsem lid tento, a aj, lid jest tvrdé šíje.
10 Koulye a alò, kite Mwen sèl, pou kòlè Mwen kapab briye kont yo, e pou M kapab detwi yo; epi Mwen va fè nan ou menm yon gran nasyon.”
Protož nyní nech mne, abych v hněvě prchlivosti své vyhladil je, tebe pak učiním v národ veliký.
11 Men Moïse te priye SENYÈ a Bondye li a, e te di: “O SENYÈ poukisa kòlè ou briye kont pèp Ou a, ke Ou te fè sòti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon men pwisan an?
I modlil se Mojžíš Hospodinu Bohu svému, a řekl: Pročež, ó Hospodine, rozněcuje se prchlivost tvá na lid tvůj, kterýž jsi vyvedl z země Egyptské v síle veliké a v ruce mocné?
12 Poukisa Ejipsyen yo ta dwe pale pou di: ‘Avèk mechanste Li te fè yo sòti, pou touye yo nan mòn yo e pou detwi yo sou fas tè a?’” “Vire kite kòlè Ou k ap briye a, e vire kite ide Ou sou entansyon Ou, pou fè pèp Ou mal la.
A proč mají mluviti Egyptští, řkouce: Lstivě je vyvedl, aby zmordoval je na horách, a aby vyhladil je se svrchku země? Odvrať se od hněvu prchlivosti své, a lituj zlého, kteréžs uložil uvésti na lid svůj.
13 Sonje Abraham, Isaac, ak Israël, sèvitè ou yo, ke Ou te sèmante pa Ou menm, pou di yo: ‘Mwen va miltipliye desandan nou yo tankou zetwal nan syèl yo, e tout peyi ke M te pale yo, Mwen va bay a desandan nou yo, e yo va eritye li jis pou tout tan.’”
Rozpomeň se na Abrahama, Izáka a Izraele, služebníky své, jimž jsi zapřisáhl skrze sebe samého a mluvil jsi jim: Rozmnožím símě vaše jako hvězdy nebeské, a všecku zemi tuto, o kteréž jsem mluvil, dám semeni vašemu, a dědičně obdržíte ji na věky.
14 Konsa, SENYÈ a te chanje ide li sou mal ke Li te di Li t ap fè a pèp Li a.
I litoval Hospodin zlého, kteréž řekl, že učiní lidu svému.
15 Alò, Moïse te vire desann mòn nan avèk de tablèt temwayaj yo nan Men l; tablèt ki te ekri nan toude fas yo.
A obrátiv se Mojžíš, sstoupil s hůry, dvě dsky svědectví maje v rukou svých, dsky po obou stranách psané; s jedné i s druhé strany byly popsané.
16 Tablèt yo se te zèv Bondye yo te ye. Ekriti la se te ekriti Bondye menm ki grave sou tablèt yo.
A dsky ty dílo Boží byly; písmo také písmo Boží bylo vyryté na dskách.
17 Alò, lè Josué te tande bwi a pèp la pandan yo t ap rele fò, li te di Moïse: “Gen son lagè nan kan an”.
Uslyšev pak Jozue hlas lidu křičícího, řekl Mojžíšovi: Hřmot boje v táboru jest.
18 Men li te di yo: “Se pa son a yon kri viktwa, ni se pa son ke y ap pèdi batay; men se son chante ke m tande.”
Kterýžto odpověděl: Není to křik vítězících, ani křik poražených, hlas zpívajících já slyším.
19 Li te vin rive ke depi Moïse te pwoche kan an, li te wè jèn towo a ak tout dans yo. Konsa, kòlè te briye nan Moïse. Li te jete tablèt ki te nan men li yo atè, e li te kraze yo nan baz mòn nan.
I stalo se, když se přiblížil k stanům, že uzřel tele a tance. A rozhněvav se Mojžíš velmi, povrhl z rukou svých dsky, a rozrazil je pod Horou.
20 Li te pran jèn towo ke yo te fè a; li te brile li avèk dife. Li te kraze l fè poud, e li te gaye li sou tout sifas dlo a. Konsa, li te fè fis Israël yo bwè li.
Vzal také tele, kteréž byli udělali, a spálil je v ohni, a setřel je až na prach, a vsypav na vodu, dal píti synům Izraelským.
21 Moïse te di a Aaron: “Kisa pèp sa te fè ou la a, pou ou ta mennen yon si tèlman gwo peche sou yo?”
A řekl Mojžíš Aronovi: Coť učinil lid tento, že jsi uvedl na něj hřích veliký?
22 Aaron te di: “Pa kite kòlè a mèt mwen briye. Ou konnen pèp sa a ou menm, ke yo toujou panche vè lemal.
Odpověděl Aron: Nehněvej se, pane můj. Ty víš, že lid tento k zlému nakloněn jest.
23 Paske yo te di mwen: ‘Fè yon dye pou nou ki va ale devan nou. Paske Moïse sila a, mesye ki te mennen nou monte sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li.’”
Nebo řekli mi: Udělej nám bohy, kteříž by šli před námi; nebo Mojžíšovi, muži tomu, kterýž vyvedl nás z země Egyptské, nevíme, co se stalo.
24 “Mwen te di yo: ‘Nenpòt moun ki gen nenpòt lò, ke yo chire retire li.’ Alò, yo te ban mwen li, mwen te jete li nan dife a, e ti towo sa a te parèt.”
Jimž jsem odpověděl: Kdo má zlato, strhněte je s sebe. I dali mi, a uvrhl jsem je do ohně, a udělalo se to tele.
25 Alò, lè Moïse te wè ke pèp la te pèdi kontwòl nèt—paske Aaron te kite yo pèdi kontwòl pou yo te kapab devni yon rizib pami lènmi yo—
A vida Mojžíš lid obnažený, že obnažil jej Aron ku potupě před nepřátely, kteříž povstati měli proti nim,
26 Alò, Moïse te vin kanpe nan pòtay kan an, e li te di: “Nenpòt moun ki pou SENYÈ a vin kote mwen!” Epi tout fis Levi yo te rasanble kote li.
Stoje v bráně táboru, řekl: Kdo jest Hospodinův, přistup ke mně. I shromáždili se k němu všickni synové Léví.
27 Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, chak moun nan nou mete nepe nou sou kwis nou. Ale tout kote pòtay sou pòtay nan kan an, e chak touye frè nou, chak zanmi nou, chak vwazen nou.”
Jimž řekl: Tak praví Hospodin Bůh Izraelský: Připaš jeden každý meč svůj k boku svému; přejděte sem i tam od brány táboru k bráně, a zabí jeden každý bratra svého, a každý přítele svého i bližního svého.
28 Konsa, fis a Levi yo te fè sa ke Moïse te enstwi yo a, e anviwon twa-mil moun nan pèp la te tonbe nan jou sa a.
I učinili synové Léví podlé řeči Mojžíšovy, a padlo jich v ten den z lidu na tři tisíce mužů.
29 Alò Moïse te di: “Konsakre nou nan menm jou sa a bay SENYÈ a—paske chak moun te kont fis li, e kont frè li—pou Li kapab beni nou jodi a.”
Nebo řekl byl Mojžíš: Posvěťtež dnes rukou svých Hospodinu, jeden každý na synu svém a na bratru svém, aby vám dal dnes požehnání.
30 Nan jou pwochen a, Moïse te di a pèp la: “Nou pou kont nou te komèt yon gwo peche. Koulye a mwen ap monte vè SENYÈ a. Petèt mwen kapab twouve padon pou peche nou yo.”
A když bylo nazejtří, řekl Mojžíš lidu: Vy jste zhřešili hříchem velikým. Protož nyní vstoupím k Hospodinu, zda bych ho ukrotil pro hřích váš.
31 Alò, Moïse te retounen vè Bondye, e te di: “Elas, pèp sa a komèt yon gwo peche. Yo te gen tan fè yon dye an lò pou yo menm.
Tedy navrátiv se Mojžíš k Hospodinu, řekl: Prosím, zhřešilť jest lid ten hříchem velikým; nebo udělali sobě bohy zlaté.
32 Men koulye a, si Ou va padone, padone peche yo—e si non, souple efase mwen nan liv ke Ou te ekri a!”
Nyní pak neb odpusť hřích jejich, a pakli nic, vymaž mne, prosím, z knihy své, kteroužs psal.
33 SENYÈ a te di a Moïse: “Nenpòt moun ki te peche kont Mwen, Mwen va efase li nan liv Mwen an.
I řekl Hospodin Mojžíšovi: Kdo zhřešil proti mně, toho vymaži z knihy své.
34 Men ale koulye a, mennen pèp la kote Mwen te di ou a. Veye byen, zanj Mwen va ale devan ou. Malgre sa, nan jou ke Mwen va pini an, Mwen va pini yo pou peche yo a.”
Protož nyní jdi, veď lid tento, kamž jsem rozkázal tobě. Aj, anděl můj půjde před tebou; v den pak navštívení mého navštívím i na nich hřích jejich.
35 Konsa, SENYÈ a te frape pèp la akoz sa yo te fè avèk jèn towo ke Aaron te fè a.
I bil Hospodin lid, proto že učinili tele, kteréž byl udělal Aron.

< Egzòd 32 >