< Egzòd 31 >
1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
И сказал Господь Моисею, говоря:
2 “Gade, Mwen te rele Betsaléel pa non li, fis Uri a, nan tribi Juda.
смотри, Я назначаю именно Веселеила, сына Уриева, сына Орова, из колена Иудина;
3 Mwen te ranpli li avèk Lespri Bondye nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo,
и Я исполнил его Духом Божиим, мудростью, разумением, ведением и всяким искусством,
4 pou fè desen pou travay avèk lò, avèk ajan, e avèk bwonz,
работать из золота, серебра и меди, из голубой, пурпуровой и червленой шерсти и из крученого виссона,
5 epi nan koupe pyè bijou pou monti, ak nan fè desen sou bwa, pou li kapab fè tout kalite mendèv.
резать камни для вставливания и резать дерево для всякого дела;
6 “Epi gade byen, Mwen menm te nonmen ansanm avèk li Oholiab, fis Ahisamach la, nan tribi Dan lan; epi osi nan kè tout moun ki ranpli avèk kapasite, Mwen te mete kapasite sa a, pou yo ta kapab fè tout sa ke M te kòmande ou yo:
и вот, Я даю ему помощником Аголиава, сына Ахисамахова, из колена Данова, и в сердце всякого мудрого вложу мудрость, дабы они сделали все, что Я повелел тебе:
7 “Pou tant reyinyon an, lach temwayaj la, chèz pwopyatwa a sou li, ak tout mèb tant lan,
скинию собрания и ковчег откровения и крышку на него, и все принадлежности скинии,
8 tab la osi avèk tout bagay itil li yo, chandelye an lò pi avèk tout bagay itil li yo, ak lotèl lansan an,
и стол и все принадлежности его, и светильник из чистого золота и все принадлежности его, и жертвенник курения,
9 lotèl ofrann ki brile yo, osi avèk tout bagay itil li yo, e basen lave a avèk baz li,
и жертвенник всесожжения и все принадлежности его, и умывальник и подножие его,
10 epi vètman tise yo tou, vètman sen pou Aaron yo, prèt la, ak vètman pou fis li yo, pou ranpli kapasite prèt la;
и одежды служебные и одежды священные Аарону священнику, и одежды сынам его, для священнослужения,
11 lwil onksyon an osi, ak lansan santi bon pou lye sen an. Yo va fèt selon tout sa ke M te kòmande ou yo.”
и елей помазания и курение благовонное для святилища: все так, как Я повелел тебе, они сделают.
12 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
И сказал Господь Моисею, говоря:
13 “Men pou ou menm, pale a fis Israël yo. Di yo: ‘Nou va vrèman obsève Saba Mwen yo. Paske sa se yon sign antre Mwen ak nou pandan tout jenerasyon pa nou yo, pou nou kapab konnen ke Mwen se SENYÈ ki fè nou sen an.
скажи сынам Израилевым так: субботы Мои соблюдайте, ибо это - знамение между Мною и вами в роды ваши, дабы вы знали, что Я Господь, освящающий вас;
14 “‘Pou sa, nou gen pou obsève Saba a, paske li sen pou nou. Tout sila ki vyole li yo va vrèman vin mete a lanmò. Paske nenpòt moun ki fè okenn travay nan li, moun sa a va koupe retire de pèp li yo.
и соблюдайте субботу, ибо она свята для вас: кто осквернит ее, тот да будет предан смерти; кто станет в оную делать дело, та душа должна быть истреблена из среды народа своего;
15 “‘Pandan sis jou nou kapab travay, men nan setyèm jou a, gen yon Saba repo konplè, ki sen a SENYÈ a. Nenpòt moun ki fè okenn travay nan jou sa a va vrèman vin mete a lanmò.
шесть дней пусть делают дела, а в седьмой - суббота покоя, посвященная Господу: всякий, кто делает дело в день субботний, да будет предан смерти;
16 Konsa, fis Israël yo va obsève Saba a, pou selebre Saba a pandan tout jenerasyon pa yo kòm yon akò ki p ap janm sispann.
и пусть хранят сыны Израилевы субботу, празднуя субботу в роды свои, как завет вечный;
17 Li se yon sign antre Mwen avèk fis Israël yo pou tout tan. Paske nan sis jou SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, men nan setyèm jou a Li te pran repo, e Li te vin rafrechi Li.’”
это - знамение между Мною и сынами Израилевыми навеки, потому что в шесть дней сотворил Господь небо и землю, а в день седьмой почил и покоился.
18 “Lè Li te fin pale avèk li sou Mòn Sinai a, Li te bay Moïse de tablèt temwayaj la. Tablèt yo te fèt an wòch, e yo te ekri pa dwèt SENYÈ a.”
И когда Бог перестал говорить с Моисеем на горе Синае, дал ему две скрижали откровения, скрижали каменные, на которых написано было перстом Божиим.