< Egzòd 3 >

1 Alò, Moïse t ap swiv bann mouton Jétro a, bòpè li, prèt Madyan an. Li te mennen bann mouton an vè fas lwès nan dezè a, e li te vini Horeb, sou mòn Bondye a.
Mojžíš pak pásl dobytek Jetry tchána svého, kněze Madianského, a hnav stádo po poušti, přišel až k hoře Boží Oréb.
2 Zanj Bondye a te parèt kote li nan yon flanm dife ki t ap brile nan mitan yon ti bwa. Li te gade, e vwala, ti bwa a t ap fè flanm dife, men brile a pa t fè l disparèt.
Tedy ukázal se mu anděl Hospodinův v plameni ohně z prostředku kře. I viděl, a aj, keř hořel ohněm, a však neshořel.
3 Alò, Moïse te di: “Se fò pou m vire akote koulye a pou m al wè bagay etonan sila a, poukisa ti bwa a pa brile nèt.”
Protož řekl Mojžíš: Půjdu nyní, a spatřím vidění toto veliké, proč neshoří keř.
4 Lè SENYÈ a te wè ke li te vire akote pou gade, Bondye te rele li depi nan mitan ti bwa a, e te di: “Moïse, Moïse!” Li te di: “Men Mwen.”
Vida pak Hospodin, že jde, aby pohleděl, zavolal naň Bůh z prostředku kře, a řekl: Mojžíši, Mojžíši! Kterýžto odpověděl: Aj, teď jsem.
5 Li te di: “Pa vin pre isit la. Retire sapat nan pye ou, paske plas kote ou kanpe a se tè sen.”
I řekl: Nepřistupuj sem, szuj obuv svou s noh svých; nebo místo, na kterémž ty stojíš, země svatá jest.
6 Li te di anplis: “Mwen se Bondye a zansèt ou yo, Bondye Abraham nan, Bondye a Isaac, e Bondye a Jacob la.” Moïse te kache figi li, paske li te pè gade Bondye.
A řekl: Já jsem Bůh otce tvého, Bůh Abrahamův, Bůh Izákův, a Bůh Jákobův. I zakryl Mojžíš tvář svou, (nebo se bál), aby nepatřil na Boha.
7 SENYÈ a te di: “Mwen vrèman te wè soufrans a pèp Mwen an ki an Égypte la, e Mwen te reponn a kri pa yo, akoz sila yo k ap peze yo, paske Mwen konnen soufrans yo.
Jemužto řekl Hospodin: Zřetelně viděl jsem trápení lidu mého, kterýž jest v Egyptě; a křik jejich pro přísnost úředníků jeho slyšel jsem; nebo znám bolesti jeho.
8 Konsa, Mwen te desann pou delivre yo anba pouvwa Ejipsyen yo, pou mennen yo monte kite peyi sa a pou rive nan yon bon peyi byen vast, yon peyi k ap koule lèt ak myèl, nan plas kote Kananeyen yo avèk Etyen yo, Amoreyen yo avèk Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo.
Protož jsem sstoupil, abych vysvobodil jej z ruky Egyptských, a vyvedl jej z země té do země dobré a prostranné, do země oplývající mlékem a strdí, na místa Kananejského a Hetejského, a Amorejského a Ferezejského, a Hevejského a Jebuzejského.
9 Alò, gade byen kri fis Israël yo gen tan rive devan M. Anplis, Mwen te wè avèk ki opresyon Ejipsyen yo ap oprime yo a.
Nebo nyní, aj, křik synů Izraelských přišel ke mně; viděl jsem také i ssoužení, jímž je ssužují Egyptští.
10 Pou sa, vin koulye a, e Mwen va voye ou kote Farawon, pou ou kapab mennen fis Israël yo soti an Égypte.”
Protož, nyní poď a pošli tě k Faraonovi; a vyvedeš lid můj, syny Izraelské z Egypta.
11 Men Moïse te di Bondye: “Kilès mwen ye, pou mwen ta ale kote Farawon, e pou m ta mennen fis Israël yo soti an Égypte?”
I řekl Mojžíš Bohu: Kdo jsem já, abych šel k Faraonovi, a abych vyvedl syny Izraelské z Egypta?
12 Li te di: “Anverite, Mwen va avèk ou. Men sign a ou menm ke se Mwen ki te voye ou; lè ou fin mete pèp la deyò Égypte, ou va adore Bondye sou mòn sila a.”
I odpověděl: Však budu s tebou; a toto budeš míti znamení, že jsem já tě poslal: Když vyvedeš lid ten z Egypta, sloužiti budete Bohu na hoře této.
13 Epi Moïse te reponn Bondye: “Gade byen, lè m ale kote fis Israël yo, e Mwen va di yo: ‘Bondye a zansèt nou yo te voye mwen vè nou.’ Alò, yo kab petèt di mwen: ‘Kòman yo rele Li?’ Kisa m ap di yo?”
I řekl Mojžíš Bohu: Aj, já půjdu k synům Izraelským a dím jim: Bůh otců vašich poslal mne k vám. Řeknou-li mi: Které jest jméno jeho? co jim odpovím?
14 Bondye te di a Moïse: “Mwen Se ke Mwen Ye!” epi Li te di: “Konsa ou va pale a fis Israël yo: ‘Mwen Se te voye mwen kote nou.’”
I řekl Bůh Mojžíšovi: JSEM, KTERÝŽ JSEM. Řekl dále: Takto díš synům Izraelským: JSEM poslal mne k vám.
15 Bondye, anplis ke sa te di a Moïse: “Konsa ou va di a fis Israël yo, ‘SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, e Bondye a Jacob la, te voye mwen vin kote nou.’ Sa se non Mwen pou tout tan, e sa se non Mwen k ap nan memwa a tout jenerasyon yo.
Řekl ještě Bůh Mojžíšovi: Takto díš synům Izraelským: Hospodin, Bůh otců vašich, Bůh Abrahamův, Bůh Izákův, a Bůh Jákobův poslal mne k vám; toť jest jméno mé na věčnost, a tať jest památka má po všecky věky.
16 ‘Ale rasanble tout ansyen an Israël yo ansanm e di yo: SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, te parèt kote mwen e te di: “Mwen anverite te vizite nou menm, e Mwen te wè sa k ap fèt a nou menm an Égypte la.
Jdi, a shromáždě starší Izraelské, mluv jim: Hospodin Bůh otců vašich ukázal mi se, Bůh Abrahamův, Bůh Izákův, a Bůh Jákobův, řka: Rozpomínaje, rozpomenul jsem se na vás, a na to, co se vám dálo v Egyptě.
17 “‘Epi Mwen te di: ‘Mwen va mennen nou soti deyò pou kite afliksyon Égypte la, pou rive nan peyi ki pou Kananeyen yo, Etyen yo, Amoreyen yo ak Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo nan yon peyi ki koule lèt ak myèl.’”
Protož jsem řekl: Vyvedu vás z trápení Egyptského do země Kananejského, a Hetejského, a Amorejského, a Ferezejského, a Hevejského, a Jebuzejského, do země oplývající mlékem a strdí.
18 “Yo va koute sa ke ou di yo a. Konsa, ou menm avèk ansyen an Israël yo va vin kote wa Égypte la, e nou va di li: ‘SENYÈ a, Bondye a Ebre yo, te rankontre ansanm avèk nou. Pou sa, souple, kite nou fè yon vwayaj distans a twa jou nan dezè a, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an.’
I poslechnou hlasu tvého. Půjdeš pak ty a starší Izraelští k králi Egyptskému, a díte jemu: Hospodin Bůh Hebrejský potkal se s námi; protož nyní, nechť medle jdeme cestou tří dnů na poušť, abychom obětovali Hospodinu Bohu našemu.
19 Men Mwen konnen ke wa Égypte la p ap kite nou ale, sof ke pa lafòs.
Ale já vím, žeť vám nedopustí král Egyptský jíti; leč v ruce silné.
20 “Pou sa Mwen va lonje men M pou frape Égypte avèk tout zèv etonan ke Mwen va fè nan mitan tout sa. Epi apre sa, li va kite nou ale.
Protož vztáhnu ruku svou, a bíti budu Egypt divnými věcmi svými, kteréž činiti budu u prostřed něho; a potom propustí vás.
21 “Mwen va bay favè a pèp sa a devan zye Ejipsyen yo, e sa va fè ke lè nou prale, nou p ap soti men vid.
A dám milost lidu tomuto před očima Egyptských. I stane se, že když půjdete, neodejdete prázdní.
22 Men chak fanm va mande a vwazen li ak fanm ki rete lakay li a pou bay li kèk bagay ki fèt an ajan, avèk kèk bagay ki fèt an lò avèk rad yo. Nou va mete yo sou fis nou ak fi nou yo. Se konsa nou va piyaje Ejipsyen yo.’”
Ale vypůjčí žena od sousedy své, a od hospodyně domu svého klínotů stříbrných, a klínotů zlatých a roucha; i vložíte to na syny a na dcery své, a tak obloupíte Egypt.

< Egzòd 3 >