< Egzòd 29 >
1 “Alò, se sa nou va fè a yo menm pou konsakre yo pou fè sèvis kòm prèt Mwen: pran yon jèn towo avèk de belye san defo,
你為祝聖他們作我的司祭,應行以下的事:牽一頭公牛犢和兩隻無殘疾的公綿羊,
2 epi pen san ledven avèk gato san ledven. Mele yo avèk lwil, ak galèt san ledven ki kouvri avèk lwil. Ou va fè yo avèk farin fen.
準備無酵餅,油調的無酵糕,油抹的無酵薄餅:這些都應用細麥麵做成,
3 Ou va mete yo nan yon panyen, e prezante yo nan panyen an ansanm avèk towo a avèk de belye yo.
放在籃子內,連籃子也帶來,並將那頭公牛和兩隻綿羊牽來;
4 “Konsa, ou va mennen Aaron avèk de fis li yo vè pòtay tant reyinyon an, e lave yo avèk dlo.
然後領亞郎和他的兒子們到會幕門口,先叫他們沐浴,
5 Ou va pran vètman yo. Ou va mete sou Aaron tinik lan avèk manto efòd la, efòd avèk pyès lestomak la, e ou va mare senti li avèk bann trese byen fen ki sou efòd la.
以後拿過服裝來,給亞郎穿上長衣,和掛厄弗得的無袖長袍,佩上厄弗得和胸牌,繫上厄弗得帶子,
6 Ou va mete tiban an sou tèt li, e mete kouwòn sen an sou tiban an.
把禮冠戴在他頭上,將金牌繫在禮冠上。
7 Epi ou va pran lwil onksyon an, ou va vide li sou tèt li pou onksyone li.
再拿傅禮用的油倒在他頭上,給他傅油。
8 Ou va mennen fis li yo, e mete tinik yo sou yo.
以後叫他的兒子們前來,給他們穿上長衣,
9 Ou va mete sentiwon pou yo, ni Aaron ni fis li yo, e ou va mare chapo yo sou tèt yo. Yo va genyen pozisyon prèt la, kòm yon lòd k ap pou tout tan san fen.
給他們束上腰帶,纏上頭巾;如此,使他們盡司祭之職,成為永遠的規律:你要這樣授與亞郎和他兒子們聖職。祝聖司祭的祭獻
10 “Konsa, ou va mennen towo a devan tant reyinyon an, e Aaron avèk fis li yo va poze men yo sou tèt towo a.
以後把牛犢牽到會幕前邊,亞郎和他的兒子們按手在牛犢頭上。
11 Ou va touye towo a devan SENYÈ a nan pòtay tant reyinyon an.
你要在上主前,在會幕門口宰殺那牛犢,
12 Ou va pran kèk nan san towo a, e ou va mete sou kòn lotèl la avèk dwèt ou; epi ou va vide tout san an nan baz lotèl la.
取些牛血,用你的手指抹在祭壇的各角上,把其餘的血倒在祭壇腳前。
13 Ou va pran tout grès ki kouvri zantray yo, avèk gwo mas grès ki sòti nan fwa a, de ren yo ak grès ki sou yo a, e ou va ofri yo anlè nan lafimen sou lotèl la.
再取出遮蓋內臟的一切脂肪、肝葉、兩腎和兩腎上的脂肪,放在祭壇上焚燒,使煙昇起。
14 Men chè towo a avèk po li ak watè li, ou va brile yo avèk dife andeyò kan an. Li menm se yon ofrann peche.
牛犢的肉、皮和糞,應在營外用火焚化,因為這是贖罪祭。
15 “Ou va anplis pran belye sa a, e Aaron avèk fis li yo va poze men yo sou tèt belye a.
以後把公綿羊牽來,亞郎和他的兒子們按手在羊頭上。
16 Ou va touye belye a e ou va pran san li pou flite li toutotou lotèl la.
然後你宰殺這羊,取些羊血洒在祭壇周圍。
17 Ou va koupe belye a an mòso, lave zantray li yo avèk janm li yo, e mete yo avèk mòso li yo avèk tèt li.
再把羊切成碎塊,把內臟和腿洗淨,放在肉塊與羊頭上,
18 Ou va ofri anlè nan lafimen tout belye a sou lotèl la; li se yon ofrann brile a SENYÈ a; li se yon sant ki dous; yon sakrifis pa dife pou SENYÈ a.
在祭壇上焚燒整個公綿羊,使煙昇起;這是獻給上主的全燔祭,是中悅上主的馨香火祭。
19 “Alò ou va pran lòt belye a, e Aaron avèk fis li yo va poze men yo sou tèt belye a.
再把另一隻公綿羊牽來,亞郎和他的兒子們按手在羊頭上。
20 Ou va touye belye a, ou va pran kèk nan san li e mete li sou tèt zòrèy adwat Aaron, sou tèt zòrèy dwat a fis li yo, sou pous men dwat yo, nan gwo zòtèy pye dwat yo, e flite rès san an toutotou lotèl la.
此後你宰殺這羊,取一些血,抹在亞郎和他兒子們的右耳垂上,抹在他們的右手拇指和右腳大趾上,其餘的血洒在祭壇周圍。
21 Ou va pran kèk nan san ki sou lotèl la ak kèk nan lwil onksyon an, e ou va flite li sou Aaron ak sou vètman li yo, sou fis li yo ak sou vètman ki pou fis li yo avèk li. Konsa li menm va vin konsakre; li menm, avèk vètman li yo avèk fis li yo, ak vètman a fis li yo.
以後取祭壇上的一點血和傅禮的油,洒在亞郎和他的衣服上,洒在他的兒子們和他們的衣服上:這樣他和他的衣服,他們和他們的衣服,都成了聖的。
22 “Ou va anplis pran grès belye a, grès ki nan ke a, ak grès ki kouvri zantray li yo, gwo mas grès ki sòti nan fwa a, de ren yo avèk grès ki sou yo a ak grès ki sou kwis dwat la (akoz ke se yon belye pou òdonasyon an),
再從公綿羊身上取出脂肪、肥尾,遮蓋內臟的脂肪、肝葉,兩腎和兩腎上的脂肪以及右後腿,─因為這是授聖職時所獻的公綿羊;
23 Epi yon gato pen avèk yon gato nan pen ki mele avèk lwil la, ak yon galèt ki sòti nan panyen pen san ledven an ki devan SENYÈ a.
然後從擺在上主前的無酵餅籃內,拿出一個圓餅,一個油調的餅,一個薄餅,
24 Ou va mete tout sa yo nan men Aaron ak men a fis li yo, e ou va balanse yo anlè tankou yon ofrann balanse devan SENYÈ a.
都放在亞郎和他兒子們手上,在上主前行奉獻的搖禮;
25 Ou va pran yo sòti nan men pa yo, e ou va ofri yo anlè nan lafimen sou lotèl la, tankou yon bagay ki santi bon devan SENYÈ a: li se yon ofrann pa dife pou SENYÈ a.
以後從他們的手裏接過來,在祭壇上按全燔祭的禮儀焚燒,使煙昇起,作為上主悅納的馨香:這是獻給上主的火祭。
26 “Epi ou va pran vyann pwatrin belye a ki pou òdonasyon Aaron an, e ou va balanse li anlè tankou yon ofrann balanse devan SENYÈ a. Li va pòsyon pa w.
以後你把亞郎受聖職時所獻的公綿羊的胸部拿來,在上主前行奉獻的搖禮,它就成了你的一分。
27 “Ou va konsakre pwatrin ofrann balanse a, kwis ofrann ki te voye anlè a, ki te balanse e ki te ofri kòm belye òdonasyon an, sila ki te pou Aaron an, ak sila ki te pou fis li yo.
你要聲明搖過的胸,舉過的腿,即亞郎和他兒子們受聖職時,所搖過的公綿羊的胸和所舉過的腿是聖的。
28 Li va pou Aaron avèk fis li yo kòm pòsyon pa yo jis pou tout tan; li va sòti nan fis Israël yo, paske se yon ofrann voye anlè ke li ye. Li va yon ofrann voye anlè sòti nan fis Israël yo, sòti nan sakrifis ofrann lapè pa yo, menm ofrann anlè bay SENYÈ a.
這是亞郎和他的兒子們在以色列子民中永遠所享的權利,因為是舉過的祭品;舉過的祭品,就是從以色列子民所獻的和平祭品中,取出舉獻於上主的一部份。
29 “Vètman sen ki pou Aaron yo va pou fis li yo apre li, ke nan yo, yo kapab onksyone e òdone.
亞郎的聖衣應傳給他的子孫,他們穿上這些聖衣才能接受傅油,接受聖職。
30 Pandan sèt jou sila pami fis li yo ki vin prèt nan plas li, li va mete yo sou li lè l ap antre nan tant reyinyon an pou fè sèvis nan lye sen an.
他的子孫中凡接位當司祭,進會幕在聖所行禮的,應七天之久穿這些聖衣。
31 “Ou va pran belye òdonasyon an e ou va bouyi chè li nan yon lye sen.
你要拿受聖職時所獻的公綿羊,在聖處煮牠的肉。
32 “Aaron avèk fis li yo va manje chè belye a ak pen ki nan panyen ki nan pòtay tant reyinyon an.
亞郎同他的兒子們須要在會幕門口吃這羊肉和籃中的餅,
33 Konsa yo va manje bagay sa yo pa sa ke ekspyasyon te fèt nan òdonasyon ak konsekrasyon yo; men yon etranje pa pou manje yo, paske yo sen.
只許他們吃授聖職和祝聖他們時所獻的贖罪祭品,外人不許吃,因為是聖物。
34 Si yon bagay nan chè òdonasyon an oswa, yon pen rete jis rive nan maten, ou va brile rès la avèk dife. Li p ap manje, akoz li sen.
授聖職時所獻的祭肉和餅,若到早晨還有剩下的,應把剩下的用火焚化,不准再吃,因為是聖物。
35 “Konsa ou va fè pou Aaron ak fis li yo, selon tout sa ke Mwen te kòmande ou yo. Ou va òdone yo pandan sèt jou.
你應照我吩咐你的,向亞郎和他的兒子們行這一切:七天之久給他們行授職典禮。祝聖全燔祭壇
36 “Chak jou ou va ofri yon towo kòm ofrann ekspyasyon pou peche. Ou va pirifye lotèl la lè ou fè ekspyasyon pou li. E ou va onksyone li pou l kab vin konsakre.
每天你應獻一隻牛犢當贖罪祭,為贖罪;你應在祭壇上行贖罪祭,使祭壇潔淨,而且要給祭壇傅油,使之為聖。
37 Pandan sèt jou ou va fè ekspyasyon sou lotèl la, e ou va konsakre li. Konsa lotèl la va pi sen, e nenpòt sa ki touche li va sen.
要七天之久為祭壇行潔淨禮,使之為聖:如此祭壇就成了至聖;凡觸摸祭壇的,也成為聖的。每日的全燔祭
38 “Alò, se sa ke ou va ofri sou lotèl la: de jèn mouton avèk laj de zan, chak jou san rete.
你每天應照常在祭壇上奉獻兩隻一歲的羔羊:
39 Premye jèn mouton an, ou va ofri li nan maten e lòt jèn mouton an, ou va ofri li nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa;
早晨獻一隻,傍晚獻一隻。
40 epi va genyen yon dizyèm efa (22 lit) farin fen, mele avè l yon ka in (22 lit) nan lwil ki bat, ak yon ka nan in (22 lit) diven kòm yon ofrann bwason avèk yon jèn mouton.
與頭一隻羊同獻的,還有十分之一「厄法」細麵,調和上四分之一「辛」榨得的油,和四分之一「辛」的酒作奠祭。
41 Lòt jèn mouton an, ou va ofri li nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa. Ou va ofri avèk li menm ofrann sereyal, e menm ofrann bwason tankou nan maten an pou yon bagay ki santi bon, yon ofrann pa dife vè SENYÈ a.
與傍晚那一隻同獻的,如早晨的素祭和奠祭一樣,作為上主悅納的一種馨香火祭。
42 “Li va yon ofrann brile nan tout tan pou tout jenerasyon nou yo, nan pòtay tant reyinyon an devan SENYÈ a, kote Mwen va reyini avèk nou, pou pale avèk nou la a.
這是你們世世代代,在會幕門口,在上主前應不斷獻的全燔祭;我要在那裏與你會晤,在那裏向你講話。
43 “Mwen va reyini la avèk fis Israël yo, e li va vin konsakre akoz glwa Mwen.
我也要在那裏與以色列子民會晤,此地要因我的光榮被尊為聖。
44 Mwen va konsakre tant reyinyon an ak lotèl la. Mwen va osi konsakre Aaron ak fis li yo pou sèvi kòm prèt pou Mwen.
我要祝聖會幕和祭壇,也要祝聖亞郎和他的兒子們,使他們成為我的司祭。
45 “Mwen va vin rete pami fis Israël yo e Mwen va Bondye pa yo.
我要住在以色列子民中,作他們的天主。
46 Yo va konnen ke Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa yo ki te fè yo sòti nan peyi Égypte la, pou M ta kapab rete pami yo: Mwen se SENYÈ a, Bondye pa yo a.”
他們要承認我上主是他們的天主,領他們出離了埃及地,為住在他們中間:我上主是他們的天主。