< Egzòd 28 >

1 “Epi fè Aaron, frè ou a vin pre ou menm, avèk fis pa li yo avè l, pami fis Israël yo pou sèvi kòm prèt pou Mwen—Aaron, Nadab, avèk Abihu, Éléazar, ak Ithamar, fis Aaron yo.
“Ka sa a kawo maka Haruna ɗan’uwanka, tare da’ya’yansa Nadab da Abihu, Eleyazar da Itamar daga cikin Isra’ilawa, domin su yi mini hidima a matsayin firistoci.
2 “Ou va fè vètman sen pou Aaron, frè ou a, pou onore li, e pou l byen parèt.
Ka yi tufafi masu tsarki domin ɗan’uwanka Haruna, domin a girmama, a kuma ɗaukaka shi.
3 Ou va pale avèk tout moun ki kapab yo, sa yo ke M te bay yon lespri sajès, pou fè vètman Aaron yo pou konsakre li, pou li kapab sèvi Mwen kòm prèt.
Ka faɗa wa dukan gwanayen da na ba su hikima a irin abubuwan nan, cewa su yi tufafi saboda Haruna, don a tsarkakewarsa, domin yă yi mini hidima a matsayin firist.
4 “Sa yo se vètman ke yo va fè: yon pyès pou kouvri lestomak yo, yon efòd, avèk yon gwo manto, yon tinik avèk yon modèl kare, yon tiban pou tèt la, yon sentiwon ki fèt an twal. Yo va fè vètman sen yo pou Aaron, frè ou a ak fis li yo, pou li kapab sèvi kòm prèt pou Mwen.
Waɗannan su ne tufafin da za su ɗinka, ƙyallen maƙalawa a ƙirji, da efod, da taguwa, da doguwar riga, da rawani, da abin ɗamara. Za su yi wa ɗan’uwanka, Haruna da’ya’yansa, waɗannan tsarkaka tufafi, don su zama firistoci masu yi mini hidima.
5 Yo va pran lò a avèk twal ble, mov, wouj, ak twal fin blan an.
Ka sa su yi amfani da zinariya, da zare mai ruwan shuɗi da shunayya da ja, da kuma lallausan lilin.
6 “Yo va osi fè efòd la avèk lò, avèk twal ble, mov, wouj, ak twal fen blanc ki byen tòde, travay a yon mèt ouvriye byen prepare.
“Ka yi efod da zinariya, da shuɗi, da shunayya, da jan zare, da kuma lallausan lilin, aikin gwani mai sana’a.
7 Li va gen de pyès zepòl ki jwenn nan pwent li yo, pou li kapab jwenn ansanm.
Za a yi fele biyu, gaba da baya, sa’an nan a haɗa, a ɗinka a mahaɗinsu a kafaɗa.
8 Bann tise ki fèt avèk yon bòdi byen prepare sou li a, va menm jan ak kalite travay a li menm nan, avèk menm twal la: an lò, ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan byen tòde a.
Za a yi mata abin ɗamara da irin kayan da aka yi efod da shi, wato, da zinariya, da shuɗi, da shunayya, da mulufi, da lallausan zaren lilin.
9 “Ou va pran de pyè oniks, e grave sou yo non a fis Israël yo.
“Ka ɗauki duwatsu biyu masu daraja, ka rubuta sunayen’ya’yan Isra’ila a kai
10 Sis nan non yo va sou yon pyè, e sis ki rete yo sou lòt pyè a, selon lòd nesans yo.
bisa ga haihuwarsu, sunaye shida a kan dutse ɗaya, saura shida kuma a kan ɗaya dutsen.
11 Ak travay a yon mèt grave sou bijou, tankou fèt pou yon so, ou va grave sou pyè yo selon non a fis Israël yo. Ou va monte monti fèt an lò yo.
A rubuta sunayen’ya’yan Isra’ila a kan duwatsu biyun, yadda mai yin aiki da dutse mai daraja yakan zāna hatimi. Sa’an nan a sa kowane dutse a cikin tsaiko na zinariya
12 Ou va mete de pyè sa yo sou pyès zepòl yo nan efòd la, kòm pyè pou toujou sonje fis Israël yo. Konsa, Aaron va pote non pa yo devan SENYÈ a sou de zepòl li yo tankou yon bagay komemoratif.
a ɗaura su a kan ƙyallen kafaɗa efod a matsayin duwatsun tuni ga’ya’yan Isra’ila. Haruna ne zai ɗauki sunayen a kafaɗarsa don tuni a gaban Ubangiji.
13 Ou va pozisyone l sou yon monti fèt an lò,
Ka yi tsaiko na zinariya
14 ak de chèn an lò pi, Ou va fè yo tankou èv kòd ki tòde, e ou va mete chèn trese yo sou monti lò yo.
da tuƙaƙƙun sarƙoƙi biyu kamar igiya, na zinariya zalla, ka kuma ɗaura wa tsaikunan nan biyu tuƙaƙƙun sarƙoƙi.
15 “Ou va fè yon pyès jijman pou lestomak, èv a yon mèt ouvriye; tankou èv efòd la, ou va fè li: avèk lò, twal ble, mov, e wouj, tòde byen fen ou va fè li.
“Ka shirya ƙyallen da za a manna a ƙirji don neman nufin Allah. Sai a saƙa shi da gwaninta kamar yadda aka saƙa efod ɗin. A saƙa shi da zinariya, da shuɗi, da shunayya, da mulufi, da lallausan zaren lilin.
16 Li va kare, plwaye doub, yon epann lajè yon men louvri nan lajè, e yon epann nan longè.
Zai zama murabba’i, tsawonsa kamu ɗaya, fāɗinsa kuma kamu ɗaya, a naɗe shi biyu.
17 “Ou va monte sou li kat ranje nan pyè yo; premye ranje a va yon ranje avèk woubi, topaz ak emwod;
Sa’an nan ka yi jeri huɗu na duwatsu masu daraja a kansa. A jeri na fari, a sa yakutu, da tofaz, da zumurrudu.
18 epi dezyèm ranje a yon tikwaz, yon safi, avèk yon dyaman;
A jeri na biyu, a sa turkuwoyis, da saffaya, da emeral.
19 epi twazyèm ranje a, yon opal, yon agat, ak yon ametis;
A jeri na uku, a sa yakin, da idon mage da ametis.
20 epi nan katriyèm ranje a, yon krizolit, yon oniks, avèk yon jasp; yo va plase nan monti an lò yo.
A jeri na huɗu, a sa kirisolit, da onis, da yasfa. Ka sa su a tsaiko na zinariya.
21 Pyè yo va selon non fis Israël yo: douz selon non pa yo. Yo va grave yo tankou sa ki fèt nan selil yo, yo chak selon non pa yo pou douz tribi yo.
A bisa duwatsun nan goma sha biyu, sai a zāna sunayen’ya’yan Isra’ila bisa ga kabilansu goma sha biyu. Za a zāna sunayen kamar hatimi.
22 “Ou va fè sou pyès lestomak la, chèn tankou kòd ki tòde, yon zèv ki fèt avèk lò pi.
“Ka yi wa ƙyallen maƙalawa a ƙirjin tuƙaƙƙun sarƙoƙin zinariya zalla.
23 Ou va fè nan pyès lestomak la de wondèl an lò, e ou va mete de wondèl yo nan de pwent yo nan pyès lestomak la.
Ka yi zobe biyu na zinariya saboda ƙyallen maƙalawa a ƙirjin, ka kuma ɗaura su a kusurwoyin ƙyallen maƙalawa a ƙirji.
24 Ou va mete de kòd lò yo nan de wondèl yo nan pwent a pyès lestomak yo.
Ka ɗaura sarƙoƙin zinariyan nan biyu a zoban a kusurwan ƙyallen maƙalawa a ƙirji.
25 Ou va mete lòt de pwent kòd yo nan de monti fèt byen fen yo, e mete yo sou pyès zepòl a efòd la, pa devan li.
Ka kuma sa sauran bakunan sarƙoƙin nan biyu a kan tsaikon nan biyu, kana haɗa su da ƙyallen kafaɗa na efod a gaba.
26 “Ou va fè de wondèl an lò e ou va plase yo sou de pwent pyès lestomak yo, akote li, ki se bò kote anndan efòd la.
Ka yi zobai biyu na zinariya ka ɗaura su ga sauran kusurwoyi ƙyallen maƙalawa a ƙirji, a gefen ciki kusa da efod.
27 Ou va mete de wondèl an lò e ou va mete yo nan pati anba pyès efòd yo, pa devan li, toupre plas kote li jwenn nan, anwo bann tise byen fen nan efòd la.
Ka ƙara zobai biyu, ka kuma ɗaura su a bakin ƙyallen da ya sauka daga kafaɗa ta gaban efod, kusa da mahaɗin ƙyallaye biyu a bisa ɗamara na efod.
28 Yo va atache pyès lestomak la pa wondèl li yo ak wondèl efòd yo avèk yon kòd an ble, pou li kapab sou bann nan ki trese byen fen nan efòd la, pou pyès lestomak la pa vin detache nan efòd la.
Za a ɗaura zoban ƙyallen maƙalawa a ƙirji a zoban efod da shuɗiyar igiya, domin ƙyallen maƙalawa a ƙirji yă zauna a bisa abin ɗamarar efod, don kada yă kunce.
29 “Aaron va pote non a fis Israël yo nan pyès lestomak jijman an sou kè li lè l ap antre nan lye sen an, kòm yon souvni pou tout tan devan SENYÈ a.
“Duk sa’ad da Haruna zai shiga Wuri Mai Tsarki, zai shiga riƙe da sunayen’ya’yan Isra’ila a zuciyarsa a kan ƙyallen maƙalawa a ƙirji na neman nufin Allah, domin yă zama abin tunawa a gaban Ubangiji.
30 Ou va mete nan pyès lestomak jijman an, Ourim nan avèk Toumim nan, e yo va sou kè Aaron lè l ap antre devan SENYÈ a. Konsa, Aaron va pote jijman a fis Israël yo sou kè li tout tan devan SENYÈ a.
Ka kuma sa Urim da Tummim a ƙyallen maƙalawa a ƙirji, don su kasance a zuciyar Haruna, a duk sa’ad da zai shiga gaban Ubangiji. Haka kuwa kullum Haruna zai riƙa kai koke-koken Isra’ilawa a gaban Ubangiji.
31 “Ou va fè tout manto efòd la an ble.
“Ka yi taguwar efod da shuɗi duka,
32 Va genyen yon ouvèti nan tèt anwo li, nan mitan li. Ozanviwon ouvèti li va genyen yon bòdi ak zèv trese, tankou ouvèti nan yon pwotèj batay, pou li pa chire.
ka yanke wuya a tsakiyarta don sawa. A kuma naɗe wuyan rigar yă yi kauri domin kada yă yage.
33 Ou va fè nan woulèt li grenad ak materyèl ble, mov, e wouj, toutotou woulèt li, ak klòch an lò antre yo chak toutotou:
Za a yi wa bakin rigar ado da fasalin’ya’yan rumman masu launin shuɗi, da shunayya, da mulufi. A sa ƙararrawa ta zinariya a tsakankaninsu.
34 yon klòch an lò ak yon grenad, yon klòch an lò ak yon grenad, toutotou woulèt manto a.
Za ka jera su bi da bi, wato,’ya’yan rumman na biye da ƙararrawar zinariya kewaye da bakin rigar.
35 Li va sou Aaron lè l ap fè sèvis li; epi son li va tande lè l ap antre e soti nan lye sen an devan SENYÈ a, jis pou li pa mouri.
Dole Haruna yă sa shi sa’ad da yake hidima. Za a ji ƙarar ƙararrawar sa’ad da zai shiga Wuri Mai Tsarki a gaban Ubangiji, da sa’ad da ya fita, don kada yă mutu.
36 “Ou va osi fè yon plak avèk lò pi, e li va grave sou li, jan li grave a yon so: “Sen a SENYÈ a.”
“Ka yi allo na zinariya zalla, ka kuma yi rubutu a kansa kamar na hatimi, haka, Mai tsarki ga Ubangiji.
37 Ou va tache li avèk yon kòd ble, e li va rete sou tiban an; li va pa devan tiban an.
Ka ɗaura shi da igiyar ruwa bula domin a haɗa shi da rawani; zai kasance a gaban rawanin.
38 Li va sou fwon Aaron, e Aaron va retire inikite nan bagay sen ke fis Israël yo konsakre yo, selon tout ofrann sen pa yo; epi li va toujou sou fwon li, pou yo kapab aksepte devan SENYÈ a.
Zai kasance a goshin Haruna, ta haka zai ɗauki kurakuran da ya yiwu Isra’ilawa sun yi cikin miƙa baye-bayensu masu tsarki. Zai kasance a goshin Haruna kullayaumin, domin su zama abin karɓa ga Ubangiji.
39 Ou va trese yon tinik avèk modèl kare avèk twal fen blan, ou va fè yon tiban avèk twal fen blan, e ou va fè yon sentiwon bwode, èv a yon bòs tiseran.
“Ka saƙa doguwar riga da lallausan lilin ka kuma yi hula da lallausan zaren lilin, ka kuma saƙa abin ɗamara mai ado.
40 Pou fis Aaron yo ou va fè tinik yo; ou va osi fè sentiwon pou yo. Ou va fè chapo pou yo, pou onore yo, e pou fè yo byen parèt.
“Ka saƙa doguwar riga, abin ɗamara da kuma huluna domin’ya’yan Haruna, don yă ba su girma da ɗaukaka.
41 Ou va mete yo sou Aaron, frè ou a, sou fis li yo avèk li, epi ou va vide lwil sou yo pou fè òdonasyon yo e konsakre yo, pou yo kab sèvi Mwen kòm prèt.
Bayan ka sa waɗannan riguna wa ɗan’uwanka Haruna da’ya’yansa, ka shafe su da mai, ka kuma naɗa su. Ka keɓe su domin su yi mini hidima a matsayin firistoci.
42 “Ou va fè pou yo pantalon avèk len pou kouvri nidite yo. Yo va sòti nan ren yo jis rive nan kwis yo.
“Ka yi’yan wandunan ciki na lilin don su rufe tsiraicinsu, tsayinsu zai kama daga kwankwaso zuwa cinya.
43 Yo va sou Aaron avèk fis li yo lè y ap antre nan tant reyinyon an, oswa lè y ap pwoche lotèl la pou fè sèvis nan lye sen an, pou yo pa atire koupabilite, e mouri. “Sa va yon règleman pou tout tan pou li, e pou desandan apre li yo.”
Dole Haruna da’ya’yansa su sa su sa’ad da za su shiga Tentin Sujada, ko sa’ad da suka kusace bagade domin hidima a Wuri Mai Tsarki, don kada su yi laifi, su kuma mutu. “Wannan za tă zama dawwammamiyar farilla wa Haruna da zuriyarsa har abada.

< Egzòd 28 >