< Egzòd 27 >
1 “Ou va fè lotèl la avèk bwa akasya, senk koude nan longè, e senk koude nan lajè. Lotèl la va fèt kare, e wotè li va twa koude.
あなたはまたアカシヤ材で祭壇を造らなければならない。長さ五キュビト、幅五キュビトの四角で、高さは三キュビトである。
2 Ou va fè kòn li yo sou kat kwen. Kòn li yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li, epi ou va vin kouvri li avèk bwonz.
その四すみの上にその一部としてそれの角を造り、青銅で祭壇をおおわなければならない。
3 “Ou va fè bokit li yo pou retire sann, avèk pèl li yo, basen li yo, fouch li yo, ak po dife. Ou va fè tout bagay itil sa yo avèk bwonz.
また灰を取るつぼ、十能、鉢、肉叉、火皿を造り、その器はみな青銅で造らなければならない。
4 Ou va fè pou li yon griyaj, yon èv trese an bronz. Epi nan très yo ou va fè kat wondèl an bwonz nan kat kwen li yo.
また祭壇のために青銅の網細工の格子を造り、その四すみで、網の上に青銅の環を四つ取り付けなければならない。
5 Ou va mete li anba, arebò lotèl la, pou griyaj trese a vin monte a mwatye wotè nan lotèl la.
その網を祭壇の出張りの下に取り付け、これを祭壇の高さの半ばに達するようにしなければならない。
6 “Ou va fè poto yo pou lotèl la, poto an bwa akasya yo, e kouvri yo avèk bwonz.
また祭壇のために、さおを造らなければならない。すなわちアカシヤ材で、さおを造り、青銅で、これをおおわなければならない。
7 Poto yo va fonse antre nan wondèl yo, pou poto yo kab rive sou de kote lotèl la lè li pote.
そのさおを環に通し、さおを祭壇の両側にして、これをかつがなければならない。
8 Ou va fè li vid, avèk planch. Fè l jan sa te montre a ou nan mòn nan, konsa yo va fè li.
祭壇は板で空洞に造り、山で示されたように、これを造らなければならない。
9 “Ou va fè galeri tabènak la. Nan kote sid la ap gen twal fen blan k ap pandye, byen tòde e san koude nan longè pou yon bò.
あなたはまた幕屋の庭を造り、両側では庭のために長さ百キュビトの亜麻の撚糸のあげばりを設け、その一方に当てなければならない。
10 Pilye li yo va kontwole ven, avèk ven baz reseptikal yo an bwonz. Kwòk pilye yo avèk bann seraj pa yo va fèt an ajan.
その柱は二十、その柱の二十の座は青銅にし、その柱の鉤と桁とは銀にしなければならない。
11 Menm jan pou kote nò a, nan longè va genyen k ap pandye san koude nan longè, e ven pilye pa li yo avèk ven baz reseptikal yo an bwonz. Kwòk yo avèk bann seraj pa yo va fèt an ajan.
また同じく北側のために、長さ百キュビトのあげばりを設けなければならない。その柱は二十、その柱の二十の座は青銅にし、その柱の鉤と桁とは銀にしなければならない。
12 “Pou lajè galeri a nan kote lwès la va gen bagay k ap pann pou senkant koude, avèk dis pilye pa yo, ak dis baz reseptikal pa yo.
また庭の西側の幅のために五十キュビトのあげばりを設けなければならない。その柱は十、その座も十。
13 Lajè galeri a nan kote lès la va senkant koude.
また東側でも庭の幅を五十キュビトにしなければならない。
14 Sa ki pann nan yon kote pòtay la va kenz koude avèk twa pilye pa yo, ak twa baz reseptikal pa yo.
そしてその一方に十五キュビトのあげばりを設けなければならない。その柱は三つ、その座も三つ。
15 Epi pou lòt kote a va gen ki pandye kenz koude avèk twa pilye pa yo, ak twa baz reseptikal pa yo.
また他の一方にも十五キュビトのあげばりを設けなければならない。その柱は三つ、その座も三つ。
16 “Pou pòtay galeri a va gen yon rido ven koude, avèk twal ble, mov, e wouj avèk twal fen blan, byen tòde, lèv a yon mèt tiseran, avèk kat pilye pa yo, ak kat baz reseptikal pa yo.
庭の門のために青糸、紫糸、緋糸、亜麻の撚糸で、色とりどりに織った長さ二十キュビトのとばりを設けなければならない。その柱は四つ、その座も四つ。
17 Tout pilye ki antoure galeri yo va founi avèk bann seraj yo an ajan, avèk kwòk yo an ajan, e baz reseptikal yo nan bronz.
庭の周囲の柱はみな銀の桁でつなぎ、その鉤は銀、その座は青銅にしなければならない。
18 Longè a galeri a va san koude, lajè a va senkant toupatou, e wotè a, senk koude an twal fen blanc, byen tòde, avèk baz reseptikal yo an bwonz.
庭の長さは百キュビト、その幅は五十キュビト、その高さは五キュビトで、亜麻の撚糸の布を掛けめぐらし、その座を青銅にしなければならない。
19 “Tout bagay itil a tabènak yo sèvi nan tout sèvis li, ak tout pikèt li yo va fèt an bwonz.
すべて幕屋に用いるもろもろの器、およびそのすべての釘、また庭のすべての釘は青銅で造らなければならない。
20 “Ou va pase lòd a fis Israël yo pou yo pote bay ou lwil byen klè ki fèt avèk oliv byen bat pou limyè a, pou yon lanp kapab briye tout tan.
あなたはまたイスラエルの人々に命じて、オリブをつぶして採った純粋の油を、ともし火のために持ってこさせ、絶えずともし火をともさなければならない。
21 Nan tant rankont lan, deyò tapi a, ki avan temwayaj la, Aaron avèk fis li yo va kenbe li an lòd depi nan aswè rive jiska maten devan SENYÈ a: li va yon règleman jis pou tout tan, pou tout jenerasyon pa yo, pou fis Israël yo.”
アロンとその子たちとは、会見の幕屋の中のあかしの箱の前にある垂幕の外で、夕から朝まで主の前に、そのともし火を整えなければならない。これはイスラエルの人々の守るべき世々変らざる定めでなければならない。