< Egzòd 26 >

1 “Anplis de sa, ou va fè tabènak la avèk dis rido an twal len fen ki tòde avèk twal ble, mov, ak wouj, ak cheriben yo. Yo gen pou fèt pa yon mèt ouvriye ak gwo kapasite.
汝また幕屋のために十の幕を造るべしその幕は即ち麻の撚絲靑紫および紅の絲をもて之を造り精巧にケルビムをその上に織出すべし
2 Longè a chak rido va ventwit koude, e lajè chak rido va kat koude. Tout rido yo va gen menm mezi.
一の幕の長は二十八キユビト一の幕の濶は四キユビトなるべし幕は皆その寸尺を同うすべし
3 Senk rido va vin jwenn youn ak lòt, e lòt senk rido yo va jwenn youn ak lòt.
その幕五箇を互に連ねあはせ又その他の幕五箇をも互に連ねあはすべし
4 “Ou va fè lasèt yo an ble sou kote rido ki plis deyò a nan premye asanblaj la, e osi ou va fè yo sou kote de tapi ki plis deyò nan dezyèm asanblaj la.
而してその一聯の幕の邊においてその聯絡處の端に靑色の襟を付べし又他の一聯の幕の聯絡處の邊にも斯なすべし
5 Ou va fè senkant lasèt nan yon rido, e ou va fè senkant lasèt sou kote rido ki nan dezyèm asanblaj la. Lasèt yo va opoze anfas youn ak lòt.
汝一聯の幕に襟五十をつけ又他の一聯の幕の聯絡處の邊にも襟五十をつけ斯その襟をして彼と此と相對せしむべし
6 Ou va fè senkant kwòk an lò, e ou va jwenn rido yo youn avèk lòt avèk kwòk. Konsa, tabènak la kapab fè yon sèl.
而して金の鐶五十を造りその鐶をもて幕を連ねあはせて一の幕屋となすべし
7 “Alò ou va fè rido yo avèk pwal kabrit tankou yon tant sou tabènak la. Ou va fè onz rido antou.
汝また山羊の毛をもて幕をつくりて幕屋の上の蓋となすべし即ち幕十一をつくるべし
8 Longè chak rido va trant koude, e lajè a va kat koude. Onz rido yo va gen menm mezi.
その一箇の幕の長は三十キユビトその一箇の幕の濶は四キユビトなるべし即ちその十一の幕は寸尺を一にすべし
9 Ou va jwenn senk rido yo poukont yo, lòt sis rido yo poukont yo, e ou va vin double sizyèm rido a pa devan tant lan.
而してその幕五を一に聯ねまたその幕六を一に聯ねその第六の幕を幕屋の前に摺むべし
10 “Ou va fè senkant lasèt sou kote rido a ki plis pa deyò nan premye asanblaj la, e senkant lasèt sou kote rido a ki plis pa deyò nan dezyèm asanblaj la.
又その一聯の幕の邊すなはちその聯絡處の端に襟五十を付け又他の一聯の幕の聯絡處にも襟五十を付べし
11 Ou va fè senkant kwòk an bwonz. Ou va mete kwòk yo nan lasèt yo e ou va jwenn tant lan ansanm pou li fè yon sèl.
而して銅の鐶五十を作りその鐶を襟にかけてその幕を聯ねあはせて一となすべし
12 “Mòso anplis ki debòde nan rido a tant lan, mwatye rido ki rete a, va kouche anwo lòt la pa dèyè tabènak la.
その天幕の幕の餘れる遺餘すなはちその餘れる半幕をば幕屋の後に垂しむべし
13 Yon koude sou yon kote e yon koude sou lòt kote a, sa ki rete nan longè rido a tant lan, li va debòde sou kote tabènak la sou yon bò, ni sou lòt la pou kouvri li.
天幕の幕の餘れる者は此旁に一キユビト彼旁に一キユビトあり之を幕屋の兩旁此方彼方に垂てこれを蓋ふべし
14 “Ou va fè yon kouvèti pou tant lan avèk po belye ki fonse wouj, e yon kouvèti an po dofen pa anwo.
汝赤く染たる牡山羊の皮をもて幕屋の蓋をつくりその上に貛の皮の蓋をほどこすべし
15 “Alò ou va fè planch pou tabènak la avèk bwa akasya ki kanpe tou dwat.
汝合歓木をもて幕屋のために竪板を造るべし
16 Dis koude va longè a chak planch e yon koude edmi, lajè a chak planch.
一枚の板の長は十キユビト一枚の板の濶は一キユビト半なるべし
17 Va genyen de bout pou chak planch, ki jwenn youn ak lòt. Konsa ou va fè pou tout planch tabènak yo.
板ごとに二の榫をつくりて彼と此と交指しめよ幕屋の板には皆斯のごとく爲べし
18 “Ou va fè planch yo pou tabènak la: ven planch pou kote sid la.
汝幕屋のために板を造るべし即ち南向の方のために板二十枚を作るべし
19 Ou va fè karant baz reseptikal an ajan anba ven planch yo, de baz reseptikal anba yon planch pou de bout li yo, e de baz reseptikal anba yon lòt planch pou de bout li yo.
而してその二十枚の板の下に銀の座四十を造るべし即ち此板の下にもその二の榫のために二の座あらしめ彼板の下にもその二の榫のために二の座あらしむべし
20 Pou dezyèm kote nan tabènak la, sou fas nò a, ven planch,
幕屋の他の方すなはちその北の方のためにも板二十枚を作るべし
21 epi karant baz reseptikal pa yo fèt an ajan; de baz reseptikal anba yon lòt planch.
而してこれに銀の座四十を作り此板の下にも二の座彼板の下にも二の座あらしむべし
22 Pou dèyè tabènak la, nan lwès la, ou va fè sis planch.
幕屋の後すなはちその西の方のために板六枚を造るべし
23 “Ou va fè de planch pou kwen a tabènak la pa dèyè.
又幕屋の後の兩の隅のために板二枚を造るべし
24 Yo va double pa anba, e ansanm yo va vin konplete jis nan pwent anlè pou rive nan premye wondèl la. Se konsa li va ye avèk toude: yo va fòme de kwen yo.
その二枚は下にて相合せしめその頂まで一に連ならしむべし一箇の鐶に於て然りその二枚ともに是の如くなるべし其等は二の隅のために設くる者なり
25 Li va genyen uit planch avèk pwòp baz reseptikal pa yo fèt an ajan, sèz baz reseptikal yo; de baz reseptikal anba yon planch, e de baz reseptikal anba yon lòt planch.
その板は合て八枚その銀の座は十六座此板にも二の座彼板にも二の座あらしむべし
26 “Epi ou va fè senk travès yo avèk bwa akasya, senk pou planch yo nan yon kote tabènak la,
汝合歓木をもて横木を作り幕屋の此方の板のために五本を設くべし
27 epi senk travès pou planch yo nan lòt kote tabènak la, e senk travès pou planch yo pou kote a tabènak la pa fas dèyè vè lwès la.
また幕屋の彼方の板のために横木五本を設け幕屋の後すなはちその西の方の板のために横木五本を設くべし
28 Travès mitan jis nan mitan planch yo va pase nèt sòti nan yon pwent a lòt pwent lan.
板の眞中にある中間の横木をば端より端まで通らしむべし
29 Ou va kouvri planch yo avèk lò e fè wondèl yo avèk lò tankou soutyen pou travès yo. Epi ou va kouvri poto yo avèk lò.
而してその板に金を着せ金をもて之がために鐶を作りて横木をこれに貫き又その横木に金を着すべし
30 “Ou va monte tabènak la selon plan ki te montre a ou sou mòn nan.
汝山にて示されしところのその模範にしたがひて幕屋を建べし
31 “Ou va fè yon vwal avèk materyo ble, ak mov avèk wouj; twal fen blan byen tòde. Li va fèt avèk yon cheriben, zèv a yon mèt ouvriye ki gen kapasite.
汝また靑紫紅の線および麻の撚絲をもて幕を作り巧にケルビムをその上に織いだすべし
32 Ou va pandye li sou kat pilye akasya yo ki kouvri avèk lò, kwòk pa yo osi fèt avèk lò, sou kat baz reseptikal ki fèt an ajan yo.
而して金を着たる四本の合歓木の柱の上に之を掛べしその鈎は金にしその柱は四の銀の座の上に置べし
33 Ou va pandye vwal la anba kwòk yo e ou va fè li antre nan lach temwayaj la nan plas sa a, pa anndan vwal la. Konsa, vwal la va sèvi pou nou kòm yon separasyon antre lye ki sen an ak lye ki sen pase tout la.
汝その幕を鐶の下に掛け其處にその幕の中に律法の櫃を蔵むべしその幕すなはち汝らのために聖所と至聖所を分たん
34 “Ou va mete chèz pwopyatwa a sou lach temwayaj la nan lye ki sen pase tout la.
汝至聖所にある律法の櫃の上に贖罪所を置べし
35 Ou va mete tab la deyò vwal la, e chandelye a anfas tab la sou kote tabènak ki vè sid la. Epi ou va mete tab la nan fas nò a.
而してその幕の外に案を置ゑ幕屋の南の方に燈臺を置て案に對はしむべし案は北の方に置べし
36 “Ou va fè yon rido pou pòtay tant lan avèk twal ble, mov, e wouj, ak twal fen blan byen tòde, zèv a yon mèt tiseran.
又靑紫紅の線および麻の撚絲をもて幔を織なして幕屋の入口に掛べし
37 Ou va fè senk pilye yo avèk akasya pou rido a, e ou va kouvri yo avèk lò. Kwòk pa yo osi va fèt avèk lò. Konsa, ou va fonde senk baz reseptikal an bwonz pou yo.”
又その幔のために合歓木をもて柱五本を造りてこれに金を着せその鈎を金にすべし又その柱のために銅をもて五箇の座を鋳べし

< Egzòd 26 >