< Egzòd 25 >

1 Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
locutusque est Dominus ad Mosen dicens
2 “Pale fis Israël yo pou yo rasanble yon ofrann pou Mwen. Soti nan chak òm ki gen bon kè ou va resevwa yon ofrann.
loquere filiis Israhel ut tollant mihi primitias ab omni homine qui offert ultroneus accipietis eas
3 “Sa se ofrann ke nou va rekeyi nan men yo: lò, lajan, ak bwonz,
haec sunt autem quae accipere debetis aurum et argentum et aes
4 Twal nan koulè ble, mov, ak wouj, avèk twal fen blan, pwal kabrit,
hyacinthum et purpuram coccumque bis tinctum et byssum pilos caprarum
5 po belye fonse wouj, po dofen bwa akasya,
et pelles arietum rubricatas pelles ianthinas et ligna setthim
6 lwil pou limyè, epis pou lwil onksyon, e pou lansan santi bon
oleum ad luminaria concinnanda aromata in unguentum et thymiama boni odoris
7 pyè oniks ak pyè baz bijou pou efòd la, e pou pyès vètman lestomak la.
lapides onychinos et gemmas ad ornandum ephod ac rationale
8 “Kite yo konstwi yon sanktyè pou Mwen, pou Mwen kapab rete pami yo.
facientque mihi sanctuarium et habitabo in medio eorum
9 Selon tout sa ke M gen pou montre nou, kòm modèl tabènak la, ak patwon tout mèb li yo, se konsa ojis ke nou va konstwi li.
iuxta omnem similitudinem tabernaculi quod ostendam tibi et omnium vasorum in cultum eius sicque facietis illud
10 “Yo va konstwi yon lach avèk bwa akasya, de koude edmi nan longè, yon koude edmi nan lajè, ak yon koude edmi nan wotè.
arcam de lignis setthim conpingite cuius longitudo habeat duos semis cubitos latitudo cubitum et dimidium altitudo cubitum similiter ac semissem
11 Ou va kouvri li avèk lò pi ni anndan, ni deyò. Fè yon kouch lò pou kouvri li nèt, e fè yon woulèt lò pou antoure li.
et deaurabis eam auro mundissimo intus et foris faciesque supra coronam auream per circuitum
12 Ou va fonde kat gwo wondèl pou li, e tache yo nan kat pye li yo, epi de wondèl va yon kote, e de wondèl yon lòt kote.
et quattuor circulos aureos quos pones per quattuor arcae angulos duo circuli sint in latere uno et duo in altero
13 “Ou va fè poto ak bwa akasya e kouvri yo avèk yon kouch lò.
facies quoque vectes de lignis setthim et operies eos auro
14 Ou va mete poto yo pase anndan wondèl yo sou kote lach la, e pote lach la avèk yo.
inducesque per circulos qui sunt in arcae lateribus ut portetur in eis
15 Poto yo va rete nan wondèl lach yo. Yo p ap retire sou li.
qui semper erunt in circulis nec umquam extrahentur ab eis
16 Ou va mete nan lach la temwayaj ke Mwen va bay ou a.
ponesque in arcam testificationem quam dabo tibi
17 “Ou va fè yon chèz pwopyatwa avèk lò pi, de koude edmi nan longè, ak yon koude edmi nan lajè.
facies et propitiatorium de auro mundissimo duos cubitos et dimidium tenebit longitudo eius cubitum ac semissem latitudo
18 Ou va fè de cheriben an lò, fè yo tankou yon zèv an lò ki bat avèk zouti nan de bout a chèz pwopyatwa a.
duos quoque cherubin aureos et productiles facies ex utraque parte oraculi
19 Fè yon cheriben nan yon pwent, e youn lòt nan lòt pwent lan. Ou va fè cheriben yo tankou yon sèl pyès avèk chèz pwopyatwa a, nan de pwent li.
cherub unus sit in latere uno et alter in altero
20 Cheriben yo va gen zèl yo k ap ouvri pa anlè. Yo va kouvri chèz pwopyatwa a avèk zèl yo, epi figi a youn ap vire vè lòt. Konsa, fas toude cheriben yo ap gade vè chèz pwopyatwa a.
utrumque latus propitiatorii tegant expandentes alas et operientes oraculum respiciantque se mutuo versis vultibus in propitiatorium quo operienda est arca
21 “Ou va mete chèz pwopyatwa a sou lach la, e nan lach la ou va mete temwayaj ke Mwen va bay ou a.
in qua pones testimonium quod dabo tibi
22 La Mwen va rakontre avèk ou, epi soti anwo chèz pwopyatwa a, nan antre de cheriben yo ki sou lach temwayaj la, Mwen va pale avèk ou selon tout sa ke Mwen va ba ou nan kòmandman pou fis Israël yo.
inde praecipiam et loquar ad te supra propitiatorio scilicet ac medio duorum cherubin qui erunt super arcam testimonii cuncta quae mandabo per te filiis Israhel
23 “Ou va fè yon tab avèk bwa akasya, de koude nan longè, yon koude nan lajè e yon koude edmi nan wotè.
facies et mensam de lignis setthim habentem duos cubitos longitudinis et in latitudine cubitum et in altitudine cubitum ac semissem
24 Ou va kouvri li avèk yon kouch lò pi, e antoure li avèk yon woulèt fèt an lò.
et inaurabis eam auro purissimo faciesque illi labium aureum per circuitum
25 Ou va fè yon rebò lajè kat dwat pou antoure li, e ou va fè yon bòdi pou rebò ki antoure li a.
et ipsi labio coronam interrasilem altam quattuor digitis et super illam alteram coronam aureolam
26 “Ou va fè kat wondèl an lò pou li, e mete wondèl yo sou kat kwen ki sou kat pye li yo.
quattuor quoque circulos aureos praeparabis et pones eos in quattuor angulis eiusdem mensae per singulos pedes
27 Wondèl yo va toupre rebò a kòm soutyen k ap resevwa poto k ap pote tab la.
subter coronam erunt circuli aurei ut mittantur vectes per eos et possit mensa portari
28 Ou va fè poto yo avèk bwa akasya e kouvri yo avèk yon kouch lò, dekwa ke pa yo menm, tab la kapab pote.
ipsosque vectes facies de lignis setthim et circumdabis auro ad subvehendam mensam
29 “Ou va fè asyèt, kiyè yo, louch ak chodyè yo, avèk bòl li yo k ap sèvi pou vide ofrann yo. Ou va fè yo avèk lò pi.
parabis et acetabula ac fialas turibula et cyatos in quibus offerenda sunt libamina ex auro purissimo
30 “Ou va mete pen Prezans lan sou tab la devan Mwen pou li la tout lè.
et pones super mensam panes propositionis in conspectu meo semper
31 “Alò, ou va fè yon chandelye avèk lò pi. Chandelye a avèk baz ak pyè li yo gen pou fòme avèk lò ki bat. Tas li yo, boujon li yo, avèk flè li yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li.
facies et candelabrum ductile de auro mundissimo hastile eius et calamos scyphos et spherulas ac lilia ex ipso procedentia
32 “Sis branch yo va soti sou kote li yo; twa branch chandelye a nan yon bò, e twa branch chandelye a nan lòtbò a.
sex calami egredientur de lateribus tres ex uno latere et tres ex altero
33 Twa tas yo va fòme tankou flè zanmann sou yon branch, yon boujon, yon flè, e twa tas yo fòme tankou flè zanmann sou lòt branch lan, yon boujon avèk yon flè—konsa pou sis branch yo sòti nan chandelye a;
tres scyphi quasi in nucis modum per calamos singulos spherulaque simul et lilium et tres similiter scyphi instar nucis in calamo altero spherulaque et lilium hoc erit opus sex calamorum qui producendi sunt de hastili
34 Epi nan chandelye a, kat tas ki fòme tankou flè zanmann yo, avèk boujon ak flè li.
in ipso autem candelabro erunt quattuor scyphi in nucis modum spherulaeque per singulos et lilia
35 Yon boujon va vin mete anba premye pè branch ki sòti nan li yo, e yon boujon anba dezyèm pè branch ki sòti nan li yo, pou tout sis branch k ap sòti nan chandelye yo.
spherula sub duobus calamis per tria loca qui simul sex fiunt procedentes de hastili uno
36 Boujon pa yo avèk branch pa yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li. Yo tout va fòme yon èv nan yon sèl pyès, fòme avèk mato ak lò pi.
et spherae igitur et calami ex ipso erunt universa ductilia de auro purissimo
37 “Alò, ou va fè sèt lanp e yo va monte yo nan yon sans k ap voye limyè sou espas ki devan li an.
facies et lucernas septem et pones eas super candelabrum ut luceant ex adverso
38 Etoufè yo avèk asyèt pa yo va fèt avèk lò pi.
emunctoria quoque et ubi quae emuncta sunt extinguantur fient de auro purissimo
39 Li va fèt avèk yon talan swasann-kenz liv lò avèk tout bagay itil sa yo.
omne pondus candelabri cum universis vasis suis habebit talentum auri mundissimi
40 “Veye pou nou fè yo selon patwon ki pou yo a, ki te montre a ou nan mòn nan.”
inspice et fac secundum exemplar quod tibi in monte monstratum est

< Egzòd 25 >