< Egzòd 23 >
1 Ou pa pou pote yon fo rapò. Pa jwenn men ou avèk yon moun mechan pou devni yon move temwen.
Не износи лажних гласова; не пристај с безбожником да сведочиш криво.
2 Ou pa pou swiv foul la nan fè mechanste, ni ou pa pou fè temwen nan yon pwosè k ap vire pou swiv foul la pou ou kapab fè lajistis vin konwonpi.
Не иди за множином на зло, и не говори на суду поводећи се за већим бројем да се изврне правда.
3 Ni ou p ap apiye vè yon malere pou bay li avantaj nan pwosè a.
Сиромаху у парници његовој не гледај што је сиромах.
4 Si ou rankontre bèf, oswa bourik a lènmi ou k ap pati, anverite, ou va remèt li bay mèt li.
Ако наиђеш на вола непријатеља свог или на магарца његовог, где је залутао, одведи га к њему.
5 Si ou wè bourik a yon moun ki rayi ou, k ap kouche anba gwo chaj, ou p ap abandone li nan pwoblèm nan, men ou va ede l dechaje li.
Ако видиш где је ненавиднику твом пао магарац под теретом својим, немој да га оставиш, него му помози.
6 Ou pa pou konwonpi lajistis ki se dwa a yon malere nan pwosè li.
Немој изврнути правде сиромаху свом у парници његовој.
7 Rete lwen yon fo pwosè, e pa touye inosan an oswa moun ki dwat la, paske Mwen p ap jistifye koupab la.
Речи лажне клони се, и безазленог и правог немој убити, јер нећу оправдати безбожника.
8 Ou pa pou pran lajan anba tab, paske kòb anba tab ap avegle sila ki wè klè yo, e konwonpi kòz sila ki jis yo.
Не узимај поклона, јер поклон заслепљује окате и изврће речи правима.
9 Ou pa pou oprime yon etranje, paske nou konnen pozisyon a yon etranje, konsi, nou osi te etrange nan peyi Égypte la.
Дошљаке не цвели, јер ви знате каква је душа дошљаку, јер сте били дошљаци у земљи мисирској.
10 Ou va simen tè ou pou sis ane, e rekòlte donn li,
Шест година засејавај земљу своју и сабирај род њен;
11 men nan setyèm ane a ou va kite li san fè anyen pou l kab pran repo. Konsa, malere pami pèp nou an kapab manje, epi nenpòt sa yo menm ta kite, ap rete pou bèt chan yo. Ou ap fè menm bagay la avèk chan rezen e avèk chan oliv ou yo.
А седме године остави је нека почине, да једу сиромаси народа твог, а шта иза њих остане нека једу звери пољске; тако ради и с виноградом својим и с маслиником својим.
12 Pandan sis jou ou va fè travay ou, men nan setyèm jou a, ou va sispann fè travay pou bèf ou avèk bourik ou kapab repoze, ansanm avèk fis esklav femèl ou a, ak etranje ou a tou, kapab repoze.
Шест дана ради послове своје, а у седми дан почини, да се одмори во твој и магарац твој, и да одахне син робиње твоје и дошљак.
13 Alò, konsènan tout sa ke M te pale avèk nou yo, pran atansyon pou fè yo. Konsa, pa nonmen non a lòt dye yo, ni kite yo tande pawòl sa yo sòti nan bouch nou.
Држите се свега што сам вам казао. Не помињите имена богова туђих, и да се не чује из уста ваших.
14 Twa fwa pa ane nou va selebre yon fèt pou Mwen.
Три пута преко године светкуј ми:
15 Nou va obsève fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven an, jan Mwen te kòmande nou an, nan tan ki apwente nan mwa Abib la, paske nan li nou te sòti an Égypte. Epi okenn moun pèsòn p ap parèt devan M men vid.
Празник пресних хлебова држи; седам дана једи хлебове пресне, као што сам ти заповедио, на време, месеца Авива, јер си тада изашао из Мисира; и нико да не изађе преда ме празан;
16 Osi nou va obsève fèt Mwason Premye Fwi a travay nou yo, nan sa ke nou te simen nan chan, anplis, fèt rekòlt nan fen ane a lè nou fin ranmase tout fwi travay nan jaden nou yo.
И празник жетве првина од труда твог што посејеш у пољу свом; и празник бербе на свршетку сваке године, кад сабереш труд свој с њиве.
17 Twa fwa pa lane tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ Bondye a.
Три пута преко године све мушкиње твоје да излази пред Господа Бога.
18 Nou pa pou ofri san a sakrifis Mwen ansanm avèk pen ledven. Ni grès fèt Mwen an pa pou pase lannwit pou rive nan maten.
Крв од жртве моје не приноси уз хлебове киселе, и претилина празника мог да не преноћи до јутра.
19 Nou va pote pi bon nan premye fwi latè yo antre nan kay SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.
Првине од првог рода земље своје донеси у кућу Господа Бога свог; немој кувати јагњета у млеку мајке његове.
20 “Gade byen, Mwen ap voye yon zanj devan nou pou pwoteje nou pandan nou nan chemen an, e pou mennen nou antre nan plas ke M te prepare pou nou an.
Ево, ја шаљем анђела свог пред тобом да те чува на путу, и да те одведе на место које сам ти приправио.
21 Rete vijilan devan li, e obeyi vwa li. Pa fè rebelyon anvè li, paske li p ap padone peche nou yo, paske non Mwen nan li.
Чувај га се, и слушај га, немој да га расрдиш, јер вам неће опростити грех, јер је моје име у њему.
22 “Men si nou vrèman obeyi vwa li, e fè tout sa ke M pale nou yo, alò, Mwen va vin lènmi ak lènmi pa nou yo, e advèsè pou advèsè nou yo.
Него ако га добро узаслушаш и уствориш све што кажем, ја ћу бити непријатељ твојим непријатељима и противник твојим противницима.
23 Paske zanj Mwen va ale devan nou pou mennen nou nan peyi Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Kananeyen yo, Evityen yo, ak Jebisyen yo. Epi Mwen va detwi yo nèt.
Јер ће анђео мој ићи пред тобом и одвешће те у земљу аморејску и хетејску и ферезејску и хананејску и јевејску и јевусејску, и ја ћу их истребити.
24 “Nou pa pou adore dye pa yo, ni sèvi yo, ni fè selon zèv pa yo, men nou va boulvèse yo nèt e nou va kraze pilye sakre pa yo an mòso.
Немој се клањати боговима њиховим нити им служити, ни чинити шта они чине, него их сасвим обори и ликове њихове сасвим изломи.
25 Men nou va sèvi SENYÈ a Bondye nou an, e Li va beni pen nou, ak dlo nou; epi Mwen va retire maladi pami nou.
И служите Господу Богу свом, и Он ће благословити хлеб твој и воду твоју; и уклонићу болест између вас.
26 P ap gen foskouch oswa moun esteril nan peyi nou. Mwen va fin ranpli fòs kantite jou ke n ap viv yo.
Неће бити пометкиње ни нероткиње у земљи твојој; и број дана твојих напунићу.
27 “Mwen va voye laperèz Mwen devan nou. Mwen va jete nan konfizyon tout pèp pami sila nou parèt yo, e Mwen va fè tout lènmi nou yo ban nou do.
Пустићу страх свој пред тобом, и уплашићу сваки народ на који дођеш, и обратићу к теби плећи свих непријатеља твојих.
28 Mwen va voye gèp devan nou pou yo pouse mete deyò tout Evityen yo, Kananeyen yo, ak Etyen yo devan nou.
Послаћу и стршљене пред тобом, да терају Јевеје, Хананеје и Хетеје испред тебе.
29 Mwen p ap pouse yo deyò nan yon sèl ane, pou peyi a pa vin dezole, e pou bèt chan yo pa vin twòp pou nou.
Нећу их отерати испред тебе за једну годину, да не опусти земља и да се зверје пољско не намножи на тебе.
30 Mwen va pouse yo deyò devan nou mòso pa mòso jiskaske nou vin gran, e posede peyi a.
Помало ћу их одгонити испред тебе докле се не намножиш и заузмеш земљу.
31 “Mwen va etabli bòn nou yo soti nan Lamè Wouj, jis rive nan lanmè Filisten yo, soti savann nan pou rive nan larivyè Lefrat paske Mwen va livre abitan peyi yo nan men nou, e nou va pouse yo ale devan nou.
И поставићу међе твоје од мора црвеног до мора филистејског и од пустиње до реке; јер ћу вама у руке дати оне који живе у оној земљи да их отераш испред себе.
32 “Nou pa pou fè okenn akò avèk yo, ni avèk dye pa yo.
Немој хватати вере с њима ни с боговима њиховим.
33 Yo p ap viv nan peyi nou, paske yo va fè nou peche kont Mwen; paske si nou sèvi dye pa yo, sa va vrèman vin yon pèlen pou nou.”
Нека не седе у земљи твојој, да те не наврате да се огрешиш о мене, јер би служио боговима њиховим, и то би ти била замка.