1Si yon nonm ta vòlè yon bèf oswa yon mouton epi kòche li oswa vann li, li va peye senk bèf pou bèf la, e kat mouton pou mouton an.
This chapter is missing in the source text.
2Si vòlè a vin kenbe pandan l ap fonse antre, e bat jis li vin mouri, p ap gen koupabilite pou san li sou kont mèt kay la.
3Men si solèy la gen tan leve sou li, va genyen koupabilite san sou li. Li va anverite peye dedonmajman an. Si li pa posede anyen, alò, y ap vann li pou vòl sa a.
4Si sa li te vòlè a twouve nan posesyon li, menm si se yon bourik, oswa yon mouton, li va peye li doub.
5Si yon mesye kite bèt li yo manje nan yon chan, oswa yon jaden jiskaske jaden an fini nèt, e kite bèt li lage pou li manje nan chan a yon lòt moun, li va peye dedonmajman an soti nan pi bon pati tè li, ak meyè pati chan rezen li lan.
6Si yon dife vin parèt, e kouri jwenn bwa pikan yo, jis rive sereyal k ap rasanble nan chan an, oswa sereyal chan an li menm pran dife, sila ki te limen dife a va anverite peye.
7Si yon mesye bay vwazen li lajan oswa byen li pou kenbe pou li, e li vòlè soti lakay mesye a, depi vòlè a kenbe, li va peye doub.
8Si yo pa jwenn vòlè a, alò, mèt kay la va parèt devan jij yo pou konstate si li te mete men li sou byen vwazen li an.
9Pou chak vyòl konfyans, kèlkeswa ke se pou bèf, pou bourik, pou mouton, pou rad, oswa pou nenpòt bagay ki pèdi, si yon moun kapab di: “Sila se pa m nan!”, yo toude va vini devan jij yo. Konsa, sila ke jij yo kondane a va peye doub a vwazen li an.
10Si yon mesye bay vwazen li yon bourik, yon bèf, yon mouton, oswa nenpòt bèt pou kenbe pou li, epi li vin mouri, oswa blese, oswa pouse ale lè moun pa wè,
11yon sèman devan SENYÈ a va fèt pa yo dèske li pa t mete men l sou byen a vwazen li. Konsa, mèt li va aksepte li, e li p ap oblije fè peye dedonmajman.
12Men si li te vrèman vòlè li, li va peye dedonmajman a mèt li.
13Si li chire an mòso, kite sa mennen kòm evidans. Li p ap peye dedonmajman pou sa ki chire an moso a.
14Si yon mesye prete yon bagay nan men vwazen li, e sa vin donmaje oswa mouri pandan mèt li pa la, li va peye tout rekonpans.
15Si mèt li la avè l, li p ap peye rekonpans. Si se lwaye, sa te vini ak frè lwaye li.
16Si yon mesye sedwi yon vyèj ki poko fiyanse, e li vin kouche avèk li, li dwe peye li yon frè fiyanse pou l ka vin madanm li.
17Si papa li refize nèt pou ba li fi li, li va peye lajan ki menm fòs avèk frè fiyanse a pou vyèj yo.
23Si ou oprime li, e li kriye ban Mwen, Mwen va anverite tande kri li;
24epi kòlè Mwen va vin ogmante. Mwen va touye ou avèk nepe, e madanm ou yo va vin vèv, e pitit ou yo va vin san papa.
25Si ou prete lajan a pèp Mwen an, a malere yo pami nou yo, ou pa pou aji kòm kreditè anvè li. Ou pa pou mande frè enterè.
26Si ou janmen pran manto vwazen ou kòm garanti, fòk ou remèt li li avan solèy la kouche,
27paske se sa sèl ki kouvri li. Se manto pou kò li. Kisa ankò li kab sèvi pou l dòmi? Epi li va rive ke lè li kriye fò, Mwen va tande li, paske Mwen ranpli avèk mizerikòd.