< Egzòd 22 >
1 Si yon nonm ta vòlè yon bèf oswa yon mouton epi kòche li oswa vann li, li va peye senk bèf pou bèf la, e kat mouton pou mouton an.
Si yon moun vòlò yon bèf osinon yon mouton, si li touye l' epi li vann li, li gen pou l' bay senk bèf pou bèf li pran an osinon kat mouton pou mouton li pran an.
2 Si vòlè a vin kenbe pandan l ap fonse antre, e bat jis li vin mouri, p ap gen koupabilite pou san li sou kont mèt kay la.
Si yo bare yon vòlè ap kase yon kay epi yo touye l', moun ki touye l' la pa koupab.
3 Men si solèy la gen tan leve sou li, va genyen koupabilite san sou li. Li va anverite peye dedonmajman an. Si li pa posede anyen, alò, y ap vann li pou vòl sa a.
Men, si sa rive apre solèy fin leve, moun ki touye l' la koupab. Li gen pou l' peye pou li, wè pa wè. Si li pa gen anyen, y'a vann li pou yo ka peye pou sa l' te vòlò a.
4 Si sa li te vòlè a twouve nan posesyon li, menm si se yon bourik, oswa yon mouton, li va peye li doub.
Men, si yo jwenn bèt li te vòlò a vivan nan men l' toujou, kit se bèf, kit se kabrit, kit se bourik, l'a renmèt de pou yonn.
5 Si yon mesye kite bèt li yo manje nan yon chan, oswa yon jaden jiskaske jaden an fini nèt, e kite bèt li lage pou li manje nan chan a yon lòt moun, li va peye dedonmajman an soti nan pi bon pati tè li, ak meyè pati chan rezen li lan.
Si yon moun kite bèt li manje nan jaden yon lòt, osinon nan jaden rezen li, si yon moun kite bèt li lage pou yo fè kont dega nan jaden yon lòt moun, li gen pou l' dedonmaje lòt moun lan. L'a ba li pi bon bagay li gen nan jaden pa l' la osinon nan jaden rezen l' yo.
6 Si yon dife vin parèt, e kouri jwenn bwa pikan yo, jis rive sereyal k ap rasanble nan chan an, oswa sereyal chan an li menm pran dife, sila ki te limen dife a va anverite peye.
Si yon dife pran yon kote, li tonbe nan zèb chèch epi li rive boule danre ki nan depo, osinon grenn ki fin keyi, ou ankò yon jaden tou plante, moun ki lakòz dife a va peye yon dedomajman.
7 Si yon mesye bay vwazen li lajan oswa byen li pou kenbe pou li, e li vòlè soti lakay mesye a, depi vòlè a kenbe, li va peye doub.
Si yon moun pran lajan l' osinon yon bagay ki gen anpil valè, li bay yon lòt moun sere l' pou li, si yo rive vòlò bagay sa yo nan kay moun ki te sere yo a, si yo jwenn vòlè a, vòlè a va gen pou renmèt de fwa lavalè.
8 Si yo pa jwenn vòlè a, alò, mèt kay la va parèt devan jij yo pou konstate si li te mete men li sou byen vwazen li an.
Men, si yo pa jwenn vòlè a, y'a mennen mèt kay kote bagay yo te sere a devan lòtèl Bondye a, pou yo wè si se pa li menm ki te pran bagay lòt moun lan.
9 Pou chak vyòl konfyans, kèlkeswa ke se pou bèf, pou bourik, pou mouton, pou rad, oswa pou nenpòt bagay ki pèdi, si yon moun kapab di: “Sila se pa m nan!”, yo toude va vini devan jij yo. Konsa, sila ke jij yo kondane a va peye doub a vwazen li an.
Si yon moun pèdi yon bagay, kit se yon bèf, osinon yon bourik, ou ankò yon mouton, kit se yon rad ou nenpòt lòt bagay, si lè yo jwenn sak te pèdi a yon lòt moun pretann di se pou li li ye, y'a mennen yo tou de devan lòtèl Bondye a pou regle sa. Moun Bondye va kondannen an va gen pou l' bay lòt la de fwa lavalè pou dedomajman.
10 Si yon mesye bay vwazen li yon bourik, yon bèf, yon mouton, oswa nenpòt bèt pou kenbe pou li, epi li vin mouri, oswa blese, oswa pouse ale lè moun pa wè,
Si yon moun bay yon frè parèy li gade yon bourik, yon bèf, yon mouton, ou ankò nenpòt ki lòt bèt pou li, si bèt la mouri osinon si malè rive l' ou ankò si piyajè pran l' san pesonn pa wè sa,
11 yon sèman devan SENYÈ a va fèt pa yo dèske li pa t mete men l sou byen a vwazen li. Konsa, mèt li va aksepte li, e li p ap oblije fè peye dedonmajman.
lè sa a, y'a mande ni mèt bèt la ni gadò a pou yo fè sèman devan lòtèl Bondye a. Moun ki t'ap gade bèt la va deklare se pa li menm ki te pran bèt lòt moun lan. Lè sa a, mèt bèt la va asepte pèt la. Gadò a p'ap gen ankenn dedomajman pou l' bay.
12 Men si li te vrèman vòlè li, li va peye dedonmajman a mèt li.
Men si se vòlò yo te vòlò bèt la nan men l', l'a gen pou l' peye mèt la kichòy.
13 Si li chire an mòso, kite sa mennen kòm evidans. Li p ap peye dedonmajman pou sa ki chire an moso a.
Si se bèt nan bwa ki devore bèt la, l'a pote rès la pou mèt bèt la ka wè ak de je l' se pa manti l'ap ba li. Li p'ap gen anyen pou l' peye pou sa.
14 Si yon mesye prete yon bagay nan men vwazen li, e sa vin donmaje oswa mouri pandan mèt li pa la, li va peye tout rekonpans.
Si yon moun prete yon bèt nan men yon frè parèy li, epi malè rive bèt la, osinon li mouri an absans mèt li, se pou l' peye mèt bèt la kichòy.
15 Si mèt li la avè l, li p ap peye rekonpans. Si se lwaye, sa te vini ak frè lwaye li.
Men, si mèt la te la lè malè a rive, moun lan pa gen anyen pou l' peye. Si se yon bèt li te lwe, se pri li te lwe l' la ase pou li bay.
16 Si yon mesye sedwi yon vyèj ki poko fiyanse, e li vin kouche avèk li, li dwe peye li yon frè fiyanse pou l ka vin madanm li.
Si yon nonm pran tèt yon jenn fi ki poko fiyanse, epi li kouche avè l', li gen pou l' peye lajan yo konn bay pou yon maryaj, epi se pou l' marye ak jenn fi a.
17 Si papa li refize nèt pou ba li fi li, li va peye lajan ki menm fòs avèk frè fiyanse a pou vyèj yo.
Men, si papa jenn fi a refize kite l' marye avè l', tout jan se pou msye peye lajan yo bay lè yo pral marye ak yon fi ki tifi.
18 Ou pa pou kite yon majisyen viv.
Se pou nou touye tout fanm k'ap fè maji.
19 Nenpòt moun ki kouche avèk yon bèt, va asireman mete a lanmò.
Se pou yo touye tout moun ki kwaze ak zannimo.
20 Sila ki fè sakrifis a nenpòt dye, sof ke SENYÈ a sèl, va detwi nèt.
Si yon moun ofri bèt pou yo touye pou lòt bondye pase Seyè a, se pou yo disparèt li tankou bèt y'ap ofri bay Bondye.
21 Ou pa pou fè mal a yon etranje, ni oprime li, paske se te etranje nou te ye nan peyi Égypte la.
Piga nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi nou. Piga nou peze yo non plis, paske nou menm, chonje nou te etranje tou nan peyi Lejip.
22 Ou pa pou oprime okenn vèv, ni òfelen.
Piga nou maltrete ni vèv yo, ni timoun san papa yo.
23 Si ou oprime li, e li kriye ban Mwen, Mwen va anverite tande kri li;
Si nou malmennen yo, m'ap reponn yo lè y'a rele mande m' sekou.
24 epi kòlè Mwen va vin ogmante. Mwen va touye ou avèk nepe, e madanm ou yo va vin vèv, e pitit ou yo va vin san papa.
m'a fache, m'a fè nou mouri nan lagè. Konsa, madanm nou yo ap vin vèv tou, pitit nou yo ap rete san papa tou.
25 Si ou prete lajan a pèp Mwen an, a malere yo pami nou yo, ou pa pou aji kòm kreditè anvè li. Ou pa pou mande frè enterè.
Si nou prete yonn nan frè parèy nou yo lajan, yonn nan pòv ki nan mitan nou yo, piga nou fè tankou moun k'ap bay ponya pou nou egzije l' peye enterè.
26 Si ou janmen pran manto vwazen ou kòm garanti, fòk ou remèt li li avan solèy la kouche,
Si yon nonm plane levit li lakay ou pou ou prete l' yon ti kòb, se pou ou renmèt li rad li anvan solèy kouche.
27 paske se sa sèl ki kouvri li. Se manto pou kò li. Kisa ankò li kab sèvi pou l dòmi? Epi li va rive ke lè li kriye fò, Mwen va tande li, paske Mwen ranpli avèk mizerikòd.
Paske, se sèl rad li gen pou l' mete sou li pou fredi pa bat li. Kisa pou l' mete sou li pou l' kouvri aswè? Si li rele mande m' sekou, m'a reponn li paske mwen gen bon kè.
28 Ou pa pou modi Bondye, ni modi yon chèf pèp ou.
Piga nou pale Bondye mal. Piga nou bay chèf pèp la madichon.
29 Ou pa pou fè reta avèk ofrann ki sòti nan rekòlt la avèk diven an. Premye ne nan fis ou yo, ou va ban Mwen l.
Pa pran reta pou n' ofri m' sa pou n' ofri m' nan rekòt danre nou yo ak nan diven nou. n'a ban mwen premye pitit gason nou yo.
30 Ou va fè menm bagay la avèk bèf ou yo, ak mouton ou yo. Li va rete avèk manman l pandan sèt jou, e nan uityèm jou a ou va ban Mwen li.
N'a ban mwen tou premye pitit bèf nou yo ak premye pitit mouton nou yo. Ti bèt la va pase sèt jou avèk manman l'. Sou wityèm jou a n'a ofri l' ban mwen.
31 Nou va dèzòm ki sen pou Mwen; konsa, nou p ap manje okenn chè ki chire an mòso nan chan. Nou va jete li bay chen.
Se pou nou mache tankou moun k'ap viv apa pou mwen. Pa manje vyann bèt nou jwenn lòt bèt nan bwa devore. Vyann konsa se chen pou nou jete l' bay.