< Egzòd 20 >
1 Bondye te pale tout pawòl sa yo e te di:
locutus quoque est Dominus cunctos sermones hos
2 “Mwen menm se SENYÈ a Bondye ou a, ki te mennen ou sòti deyò nan peyi Égypte la, deyò kay esklavaj la.
ego sum Dominus Deus tuus qui eduxi te de terra Aegypti de domo servitutis
3 “Ou pa pou gen lòt dye devan M.
non habebis deos alienos coram me
4 “Ou pa pou fè pou kont ou, yon zidòl, ni okenn imaj sou sa ki nan syèl la anwo, ni sou latè anba, ni nan dlo anba tè a.
non facies tibi sculptile neque omnem similitudinem quae est in caelo desuper et quae in terra deorsum nec eorum quae sunt in aquis sub terra
5 “Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo,
non adorabis ea neque coles ego sum Dominus Deus tuus fortis zelotes visitans iniquitatem patrum in filiis in tertiam et quartam generationem eorum qui oderunt me
6 men k ap montre lanmou dous ak mizerikòd pami dè milye a sila ki renmen M, e ki kenbe kòmandman Mwen yo.
et faciens misericordiam in milia his qui diligunt me et custodiunt praecepta mea
7 “Ou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki mal sèvi ak non Li an san pinisyon.”
non adsumes nomen Domini Dei tui in vanum nec enim habebit insontem Dominus eum qui adsumpserit nomen Domini Dei sui frustra
8 Sonje jou Saba a pou kenbe l sen.
memento ut diem sabbati sanctifices
9 Si jou nou va travay e nou va fè tout travay nou yo,
sex diebus operaberis et facies omnia opera tua
10 men setyèm jou a se yon jou Saba a SENYÈ a Bondye nou an. Ladann l ou pa pou fè okenn travay; ni ou menm, ni fis ou, ni fi ou, ni sèvitè ou, ni sèvant ou, ni bèf ou, ni etranje ki demere avèk ou.
septimo autem die sabbati Domini Dei tui non facies omne opus tu et filius tuus et filia tua servus tuus et ancilla tua iumentum tuum et advena qui est intra portas tuas
11 Paske nan si jou, SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, lanmè a, ak tout sa ki gen ladann, e Li te repoze nan setyèm jou a. Konsa, SENYÈ a te beni jou Saba a, e te fè l sen.
sex enim diebus fecit Dominus caelum et terram et mare et omnia quae in eis sunt et requievit in die septimo idcirco benedixit Dominus diei sabbati et sanctificavit eum
12 Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.
honora patrem tuum et matrem tuam ut sis longevus super terram quam Dominus Deus tuus dabit tibi
16 Ou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen ou.
non loqueris contra proximum tuum falsum testimonium
17 Ou pa pou fè anvi sou lakay vwazen ou; ou pa pou fè anvi sou madanm vwazen ou, ni sèvant li, ni sèvitè li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen ou.
non concupisces domum proximi tui nec desiderabis uxorem eius non servum non ancillam non bovem non asinum nec omnia quae illius sunt
18 Tout pèp la te tande gwonde tonnè avèk kout loray ak son a twonpèt la, ak mòn nan ki t ap fè lafimen. Lè pèp la te wè li, yo te tranble e te kanpe a yon distans.
cunctus autem populus videbat voces et lampadas et sonitum bucinae montemque fumantem et perterriti ac pavore concussi steterunt procul
19 Konsa, yo te di Moïse: “Pale avèk nou ou menm, e nou va koute; men pa kite Bondye pale avèk nou, oswa nou va mouri.”
dicentes Mosi loquere tu nobis et audiemus non loquatur nobis Dominus ne forte moriamur
20 Moïse te di a pèp la: “Pa pè, paske Bondye vini pou pase nou a leprèv, e pou lakrent Li kapab rete avèk nou, pou nou pa peche.”
et ait Moses ad populum nolite timere ut enim probaret vos venit Deus et ut terror illius esset in vobis et non peccaretis
21 Alò, pèp la te kanpe a yon distans, pandan Moïse te pwoche gwo nwaj la kote Bondye.
stetitque populus de longe Moses autem accessit ad caliginem in qua erat Deus
22 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Konsa ou va pale avèk fis Israël yo: ‘Nou menm, nou gen tan wè ke Mwen te pale avèk nou depi nan syèl la.
dixit praeterea Dominus ad Mosen haec dices filiis Israhel vos vidistis quod de caelo locutus sum vobis
23 Nou pa pou fè lòt dye apati de Mwen menm; dye an ajan, ni dye an lò, nou pa pou fè yo pou nou menm.
non facietis mecum deos argenteos nec deos aureos facietis vobis
24 “‘Nou va fè yon lotèl avèk tè pou Mwen, e nou va fè sakrifis sou li nan ofrann brile, ak ofrann lapè, mouton nou yo, avèk bèf nou yo. Nan chak plas kote Mwen fè non Mwen sonje, Mwen va vin kote nou, e Mwen va beni nou.
altare de terra facietis mihi et offeretis super eo holocausta et pacifica vestra oves vestras et boves in omni loco in quo memoria fuerit nominis mei veniam ad te et benedicam tibi
25 “‘Si nou fè yon lotèl avèk wòch pou mwen, nou pa pou fè l avèk wòch taye, paske si ou itilize zouti ou sou li, li vin pa sen ankò.
quod si altare lapideum feceris mihi non aedificabis illud de sectis lapidibus si enim levaveris cultrum tuum super eo polluetur
26 Epi nou pa pou monte nan eskalye vè lotèl Mwen, pou nidite nou pa parèt a li.’”
non ascendes per gradus ad altare meum ne reveletur turpitudo tua