< Egzòd 18 >

1 Alò Jéthro, prèt Madian an, bòpè Moïse la, te tande tout sa ke Bondye te fè pou Moïse, ak pou Israël, pèp li a. Jan SENYÈ a te mennen Israël sòti an Égypte.
Now Moses’ father-in-law Jethro, the priest of Midian, heard about all that God had done for Moses and His people Israel, and how the LORD had brought Israel out of Egypt.
2 Jéthro, bòpè Moïse la, te pran Séphora, madanm a Moïse la apre li te fin voye li ale,
After Moses had sent back his wife Zipporah, his father-in-law Jethro had received her,
3 ansanm avèk de fis li yo. Youn nan yo te nonmen Guerschom, paske Moïse te di: “Mwen te yon vwayajè nan yon peyi etranje.”
along with her two sons. One son was named Gershom, for Moses had said, “I have been a foreigner in a foreign land.”
4 Lòt la te nonmen Eliézer, paske li te di: “Bondye a papa m nan te ed mwen, e Li te delivre m anba nepe Farawon.”
The other son was named Eliezer, for Moses had said, “The God of my father was my helper and delivered me from the sword of Pharaoh.”
5 Alò, Jéthro, bòpè Moïse la te vini avèk fis li yo ak madanm li vè Moïse nan dezè kote li te fè kan an, akote mòn Bondye a.
Moses’ father-in-law Jethro, along with Moses’ wife and sons, came to him in the desert, where he was encamped at the mountain of God.
6 Li te voye di Moïse: “Mwen menm, bòpè ou Jéthro, ap vin kote ou avèk madanm ou, ak de fis li yo avè l.”
He sent word to Moses, “I, your father-in-law Jethro, am coming to you with your wife and her two sons.”
7 Alò, Moïse te sòti pou rankontre bòpè li. Li te bese ba e li te bo li, epi yo chak te mande lòt kijan yo te ye, epi yo te antre nan tant la.
So Moses went out to meet his father-in-law and bowed down and kissed him. They greeted each other and went into the tent.
8 Moïse te pale bòpè li de tout sa ke SENYÈ a te fè Farawon an, ak Ejipsyen yo pou koz Israël, tout traka ki te vini sou yo nan vwayaj la, ak jan SENYÈ a te delivre yo.
Then Moses recounted to his father-in-law all that the LORD had done to Pharaoh and the Egyptians for Israel’s sake, all the hardships they had encountered along the way, and how the LORD had delivered them.
9 Jéthro te rejwi de tout bonte ke SENYÈ a te fè anvè Israël, lè l te delivre yo nan men Ejipsyen yo.
And Jethro rejoiced over all the good things the LORD had done for Israel, whom He had rescued from the hand of the Egyptians.
10 Konsa, Jéthro te di: “Beni se SENYÈ a ki te delivre ou nan men Ejipsyen yo, ak nan men Farawon, e ki te delivre pèp la anba men Ejipsyen yo.
Jethro declared, “Blessed be the LORD, who has delivered you from the hand of the Egyptians and of Pharaoh, and who has delivered the people from the hand of the Egyptians.
11 Koulye a mwen konnen ke SENYÈ a pi gran ke tout dye yo, akoz jan yo te aji nan ògèy kont pèp la.”
Now I know that the LORD is greater than all other gods, for He did this when they treated Israel with arrogance.”
12 Epi Jéthro, bòpè Moïse la te fè yon ofrann brile avèk sakrifis pou Bondye. Aaron te vini avèk tout ansyen Israël yo pou manje yon repa avèk bòpè Moïse la devan Bondye.
Then Moses’ father-in-law Jethro brought a burnt offering and sacrifices to God, and Aaron came with all the elders of Israel to eat bread with Moses’ father-in-law in the presence of God.
13 Li te vin rive nan pwochen jou a ke Moïse te chita pou jije pèp la, e pèp la te kanpe antoure Moïse soti nan maten a rive jis aswè.
The next day Moses took his seat to judge the people, and they stood around him from morning until evening.
14 Alò, lè bòpè Moïse la te wè tout sa ke li te fè pou pèp la, li te di: “Kisa ke w ap fè pou pèp la konsa la a? Poukisa ou chita ou sèl ou tankou jij, e tout pèp la kanpe antoure ou soti nan maten, rive jis aswè?”
When his father-in-law saw all that Moses was doing for the people, he asked, “What is this that you are doing for the people? Why do you sit alone as judge, with all the people standing around you from morning till evening?”
15 Moïse te di bòpè li: “Akoz pèp la vin kote mwen pou fè demann pou jijman Bondye.
“Because the people come to me to inquire of God,” Moses replied.
16 Depi yo gen kont yo vin kote mwen, mwen jije antre yon nonm avèk vwazen li e mwen fè konnen règleman Bondye avèk lalwa Li yo.”
“Whenever they have a dispute, it is brought to me to judge between one man and another, and I make known to them the statutes and laws of God.”
17 Bòpè Moïse la te di li: “Sa ke w ap fè a pa bon.
But Moses’ father-in-law said to him, “What you are doing is not good.
18 Ou va anverite vin epwize ou nèt, ni ou menm, ni pèp ki avè w la, paske tach la twò lou pou ou. Ou p ap kapab fè l pou kont ou.
Surely you and these people with you will wear yourselves out, because the task is too heavy for you. You cannot handle it alone.
19 “Koulye a, koute mwen. M ap ba ou konsèy, e ke Bondye kapab avè w. Ou va reprezante pèp la devan Bondye, e ou va mennen dispit yo devan Bondye.
Now listen to me; I will give you some advice, and may God be with you. You must be the people’s representative before God and bring their causes to Him.
20 Epi enstwi yo nan règleman avèk lalwa yo, e fè yo konnen nan chemen ke yo dwe mache a, ak travay ke yo dwe fè a.
Teach them the statutes and laws, and show them the way to live and the work they must do.
21 “Anplis de sa, ou va chwazi pami tout pèp la, mesye ki kapab yo ki gen lakrent Bondye, moun ak verite, ki rayi richès malonèt. Konsa, ou va plase yo sou pèp la kòm chèf sou milye, sou santèn, sou senkantèn, ak sou dis.
Furthermore, select capable men from among the people—God-fearing, trustworthy men who are averse to dishonest gain. Appoint them over the people as leaders of thousands, of hundreds, of fifties, and of tens.
22 Kite yo jije pèp la nan tout lè. Konsa, kite sa fèt ke chak gwo ka va vini devan ou, men chak ti ka, yo menm yo va jije yo. “Konsa li va pi fasil pou ou, e yo va pote chaj la avèk ou.
Have these men judge the people at all times. Then they can bring you any major issue, but all minor cases they can judge on their own, so that your load may be lightened as they share it with you.
23 Si ou fè bagay sa a jan Bondye kòmande ou a, alò, ou va gen kouraj pou andire, e anplis, tout moun sa yo va ale lakay yo anpè.”
If you follow this advice and God so directs you, then you will be able to endure, and all these people can go home in peace.”
24 Alò Moïse te koute bòpè li, e li te fè tout sa ke li te di yo.
Moses listened to his father-in-law and did everything he said.
25 Moïse te chwazi mesye avèk kapasite pami tout Israël, e li te fè yo chèf sou pèp la, chèf sou dè milye, chèf sou dè santèn, chèf sou dè senkantèn, e sou dè dizèn.
So Moses chose capable men from all Israel and made them heads over the people as leaders of thousands, of hundreds, of fifties, and of tens.
26 Yo te jije pèp la nan tout tan. Ka ki difisil yo te mennen kote Moïse, e chak ti ka, yo te jije yo pou kont yo.
And they judged the people at all times; they would bring the difficult cases to Moses, but any minor issue they would judge themselves.
27 Konsa, Moïse te di bòpè li orevwa, e li te fè wout li pou ale nan peyi li.
Then Moses sent his father-in-law on his way, and Jethro returned to his own land.

< Egzòd 18 >