< Egzòd 15 >

1 Alò Moïse avèk fis Israël yo te chante chan sila a a SENYÈ a. Yo te di: “Mwen va chante a SENYÈ a paske viktwa Li etonnan. Cheval la avèk moun ki monte l la, Li te voye yo nan lanmè.
そこでモーセとイスラエルの人々は、この歌を主にむかって歌った。彼らは歌って言った、「主にむかってわたしは歌おう、彼は輝かしくも勝ちを得られた、彼は馬と乗り手を海に投げ込まれた。
2 “SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen. Sa se Bondye pa m, e mwen va louwe Li; Bondye a papa m nan, e mwen va leve Li wo.
主はわたしの力また歌、わたしの救となられた、彼こそわたしの神、わたしは彼をたたえる、彼はわたしの父の神、わたしは彼をあがめる。
3 SENYÈ a se yon gèrye; Se SENYÈ yo rele L.
主はいくさびと、その名は主。
4 Cha Farawon yo avèk lame l lan, Li te voye yo nan lanmè. Pi bon pami chèf li yo te plonje mouri nan Lanmè Wouj.
彼はパロの戦車とその軍勢とを海に投げ込まれた、そのすぐれた指揮者たちは紅海に沈んだ。
5 Fon yo kouvri yo. Yo plonje ba nan fon yo tankou wòch.
大水は彼らをおおい、彼らは石のように淵に下った。
6 Men dwat Ou, SENYÈ, ranpli ak majeste avèk pwisans. Men dwat Ou, O SENYÈ, vin dechire lènmi an nèt.
主よ、あなたの右の手は力をもって栄光にかがやく、主よ、あなたの右の手は敵を打ち砕く。
7 Ak tout grandè Ou, Ou te ranvoye tout sa yo ki leve kontra Ou. Ou te voye lakolè ou deyò. Li te brile yo nèt kon pay.
あなたは大いなる威光をもって、あなたに立ちむかう者を打ち破られた。あなたが怒りを発せられると、彼らは、わらのように焼きつくされた。
8 Avèk gwo souf ki sòti nan nen ou kouran dlo yo vin kanpe fè gwo pil. Dlo k ap koule a te vin kanpe tankou yon miray. Fon yo te vin koule nan kè lanmè a.
あなたの鼻の息によって水は積みかさなり、流れは堤となって立ち、大水は海のもなかに凝り固まった。
9 Lènmi an te di: “Mwen va pouswiv yo; mwen va pran yo. Mwen va divize richès yo. Volonte m kont yo va satisfè. Mwen va rale nepe mwen. Se men m k ap detwi yo.”
敵は言った、『わたしは追い行き、追い着いて、分捕物を分かち取ろう、わたしの欲望を彼らによって満たそう、つるぎを抜こう、わたしの手は彼らを滅ぼそう』。
10 Ou te soufle avèk van Ou. Lanmè a te vin kouvri yo. Yo te plonje tankou plon nan dlo pwisan yo
あなたが息を吹かれると、海は彼らをおおい、彼らは鉛のように、大水の中に沈んだ。
11 Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ? Kilès ki tankou Ou? Kilès ki tankou ou nan majeste ak sentete, etonan nan lwanj, k ap fè mèvèy yo?
主よ、神々のうち、だれがあなたに比べられようか、だれがあなたのように、聖にして栄えあるもの、ほむべくして恐るべきもの、くすしきわざを行うものであろうか。
12 Ou te lonje men dwat Ou; Lanmè a te vale yo.
あなたが右の手を伸べられると、地は彼らをのんだ。
13 Nan lanmou ak mizerikòd Ou, Ou te mennen pèp ke Ou te ransone. Nan pwisans Ou an, Ou te gide yo rive nan abitasyon sen pa Ou a.
あなたは、あがなわれた民を恵みをもって導き、み力をもって、あなたの聖なるすまいに伴われた。
14 Lòt nasyon pèp yo te tande. Y ap tranble. Gwo lakrent vin sezi abitan Philistine yo.
もろもろの民は聞いて震え、ペリシテの住民は苦しみに襲われた。
15 Epi chèf Édom yo vin sezi. Gèrye nan Moab yo pran tranble. Tout abitan Canaan yo te fonn e vin disparèt.
エドムの族長らは、おどろき、モアブの首長らは、わななき、カナンの住民は、みな溶け去った。
16 Sezisman avèk laperèz vin tonbe sou yo. Pa pwisans bra Ou, yo vin san fòs tankou wòch; jis lè pèp Ou a vin janbe, O SENYÈ, Jis lè pèp ke Ou te ransone a vin janbe.
恐れと、おののきとは彼らに臨み、み腕の大いなるゆえに、彼らは石のように黙した、主よ、あなたの民の通りすぎるまで、あなたが買いとられた民の通りすぎるまで。
17 Ou va mennen yo antre, e plante yo nan gwo mòn eritaj pa Ou a, plas la, O SENYÈ, ke Ou te fè tankou abitasyon pa Ou a, lye sen an, O SENYÈ, ke men Ou te etabli a.
あなたは彼らを導いて、あなたの嗣業の山に植えられる。主よ、これこそあなたのすまいとして、みずから造られた所、主よ、み手によって建てられた聖所。
18 SENYÈ a va renye pou tout tan, e pou tout tan.”
主は永遠に統べ治められる」。
19 Paske cheval Farawon yo avèk cha li yo avèk mèt cheval li yo te antre nan lanmè a, e SENYÈ a te fè dlo lanmè a retounen sou yo. Men fis Israël yo te mache nan tè sèch nan mitan lanmè a.
パロの馬が、その戦車および騎兵と共に海にはいると、主は海の水を彼らの上に流れ返らされたが、イスラエルの人々は海の中のかわいた地を行った。
20 Marie, pwofetès ak sè Aaron an te pran tanbouren an nan men l. Tout fanm yo te sòti dèyè li avèk tanbouren yo. Yo t ap danse.
そのとき、アロンの姉、女預言者ミリアムはタンバリンを手に取り、女たちも皆タンバリンを取って、踊りながら、そのあとに従って出てきた。
21 Marie te reponn yo: “Chante a SENYÈ a, paske Li egzalte byen wo. Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.”
そこでミリアムは彼らに和して歌った、「主にむかって歌え、彼は輝かしくも勝ちを得られた、彼は馬と乗り手を海に投げ込まれた」。
22 Alò, Moïse te mennen Israël soti kite Lanmè Wouj la. Yo te ale nan dezè Schur a, epi yo te vwayaje twa jou nan dezè a. Men yo pa t jwenn dlo.
さて、モーセはイスラエルを紅海から旅立たせた。彼らはシュルの荒野に入り、三日のあいだ荒野を歩いたが、水を得なかった。
23 Lè yo rive nan Mara, yo pa t kab bwè dlo Mara a, paske li te anmè. Se pou sa yo te rele l Mara.
彼らはメラに着いたが、メラの水は苦くて飲むことができなかった。それで、その所の名はメラと呼ばれた。
24 Alò, pèp la te plenyen kont Moïse. Yo te di: “Kisa n ap bwè?”
ときに、民はモーセにつぶやいて言った、「わたしたちは何を飲むのですか」。
25 Konsa, li te kriye a SENYÈ a, epi SENYÈ a te montre li yon pyebwa. Lè li te jete li nan dlo a, e dlo a te vin dous. La menm, Li te fè pou yo yon lòd avèk yon règleman, epi la, Li te fè yo pase a leprèv.
モーセは主に叫んだ。主は彼に一本の木を示されたので、それを水に投げ入れると、水は甘くなった。その所で主は民のために定めと、おきてを立てられ、彼らを試みて、
26 Li te di: “Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”
言われた、「あなたが、もしあなたの神、主の声に良く聞き従い、その目に正しいと見られることを行い、その戒めに耳を傾け、すべての定めを守るならば、わたしは、かつてエジプトびとに下した病を一つもあなたに下さないであろう。わたしは主であって、あなたをいやすものである」。
27 Alò, yo te rive nan Élim kote ki te gen douz sous dlo ak swasann-dis palmye dat yo, e yo te fè kan akote dlo a.
こうして彼らはエリムに着いた。そこには水の泉十二と、なつめやしの木七十本があった。その所で彼らは水のほとりに宿営した。

< Egzòd 15 >