< Egzòd 13 >
1 Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di:
Господ говори още на Моисея казвайки:
2 “Konsakre pou Mwen chak premye ne; premye ne pami fis Israël yo, ni lòm, ni bèt, se pou Mwen.”
Посвети на Мене всяко първородно, всяко, което отваря утроба между израилтяните - и човек и животно; то е Мое.
3 Moïse te di a pèp la: “Sonje jou sa a lè nou te sòti an Égypte la, nou te pati kite kay esklavaj la. Paske ak yon men pwisan, SENYÈ a te fè nou sòti nan plas sa a. Epi anyen avèk ledven pa pou manje.
Тогава рече Моисей на людете: Помнете тоя ден, в който излязохте из Египет, из дома на робството; защото със силна ръка Господ ви избави от там. Никой да не яде квасно.
4 Nan jou sa a, nan mwa Abib la, nou prepare pou nou soti.
Вие излизате днес в месец Авив.
5 Li va fèt ke lè SENYÈ a fè nou antre nan peyi ki pou Kananeyen yo, Etyen yo, Amoreyen yo, Evityen yo, ak Jebisyen yo, peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou, yon peyi k ap koule avèk lèt ak myèl, pou nou kab obsève sèvis sakre sa a nan mwa sa a.
И когато Господ те въведе в земята на ханаанците, хетейците, аморейците, евейците и евусейците, за която се кле на бащите ти, че ще ти я даде, земя гдето текат мляко и мед, тогава ще пазиш тая служба в тоя месец.
6 “Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven, e nan setyèm jou a va fè yon gwo fèt a SENYÈ a.
Седем дни ще ядеш безквасно; и седмият ден ще бъде празник Господу.
7 “Pen san ledven an va manje pandan tout sèt jou yo; epi anyen avèk ledven p ap menm parèt pami nou. Ni nou p ap wè li pami nou nan tout fwontyè nou yo.
Безквасно ще се яде през седем дни; и да се не намери у тебе квас, из всичките твои предели.
8 Ou va pale fis ou a nan jou sa, e ou va di: ‘Se akoz sa ke SENYÈ a te fè pou mwen lè m te sòti an Égypte la.’
И в оня ден ще обясниш на сина си, като речеш: Това правя поради онова, което Господ ми стори, когато излязох от Египет.
9 Epi sa va sèvi kòm yon sign pou ou sou men ou, e kòm yon souvni nan fon ou, pou lalwa SENYÈ a kapab nan bouch ou; paske se te avèk yon men pwisan ke SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte.
Това ще ти бъде за белег на ръката, и за спомен между очите, за да бъде Господният закон в устата ти; защото със силна ръка Господ те изведе из Египет.
10 Pou sa nou va kenbe òdonans sa a nan tan ki chwazi chak ane a.
Прочее, ще пазиш тая наредба всяка година на времето й.
11 “Alò li va rive lè SENYÈ a mennen ou nan peyi pèp Kanaran yo, jan Li te sèmante bannou avèk zansèt nou yo, e bay ou li,
А когато Господ те въведе в Ханаанската земя, както се закле на тебе и на бащите ти, и ти я даде,
12 ou va konsakre a SENYÈ a premye ne nan tout vant, ak premye ne nan chak bèt ke ou posede. Mal yo se pou SENYÈ a ke yo ye.
тогава ще отделяш за Господа всичко, което отваря утроба, и всяко твое първородно от животно; мъжките да бъдат на Господа.
13 Men chak premye pòtre a yon bourik, ou va bay li kòm ranson avèk yon jenn mouton. Men si ou pa bay li kòm ranson, alò, ou va kase kou li, epi chak premye ne nan lòm pami fis ou yo ou va bay li kòm ranson.
А всяко първородно от осел ще откупиш с агне или яре; и ако не искаш да го откупиш, тогава ще му пресечеш врата. Ще откупиш и всеки първороден човек между синовете си.
14 “Epi sa va fèt lè fis ou mande ou nan tan ki vini yo, pou di: ‘Kisa sa ye?’, alò ou va di li: ‘Avèk yon men pwisan SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte, nan kay esklavaj la.
После, като те запита синът ти, казвайки: Що е това? ще му казваш: Със силна ръка ни изведе Господ из Египет, из дома на робството;
15 Li te rive ke lè Farawon te fè tèt di sou afè kite nou ale a, ke SENYÈ a te touye chak premye ne ki te fèt nan peyi Égypte la, ni premye ne nan lòm, ni premye ne nan bèt. Pou sa, mwen fè sakrifis a SENYÈ a, mal yo; premye pòtre a chak vant, men premye ne nan fis mwen yo, mwen ransone yo.’
понеже, когато Фараон не скланяше да ни пусне, Господ уби всяко първородно в Египетската земя, първородно на човек и първородно на животно; а всеки първороден от синовете си откупувам.
16 Alò li va sèvi kòm yon sign sou men ou e kòm yon bando bwat kwi komemoratif ki mare sou fwon tèt ou; paske avèk yon men pwisan, SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte.”
Това ще бъде за белег на ръката ти и за надчелие между очите ти; понеже със силна ръка Господ ни изведе из Египет.
17 Alò, lè Farawon te kite pèp la ale, Bondye pa t Mennen yo pa wout peyi Filisten yo, malgre li te toupre. Paske Bondye te di: “Pèp la kab petèt chanje lide yo lè yo wè lagè, pou yo retounen an Égypte.”
А когато Фараон пусна людете, Бог не ги преведе през пътя за Филистимската земя, при все че това беше близкият път; защото Бог рече: Да не би да се разкаят людете, като видят война и да се върнат в Египет.
18 Pou sa, Bondye te mennen pèp la bò wout dezè a vè lanmè wouj la; epi fis Israël yo te monte byen prepare tankou yon lame pou kite peyi Égypte la.
Но Бог поведе людете по околен път през пустинята към Червеното море. А израилтяните излязоха от Египетската земя въоръжени.
19 Moïse te pran zo Joseph yo avèk li, paske li te fè fis Israël yo sèmante solanèlman e te di: “Bondye va anverite pran swen nou, e nou va pote zo mwen yo soti isit la avèk nou.”
И Моисей взе със себе си костите на Иосифа; защото той беше строго заклел израилтяните, като каза: Бог непременно ще ви посети; тогава ще занесете със себе си костите ми от тука.
20 Alò yo te pati depi Succoth pou te vin kanpe Étham akote dezè a.
И като тръгнаха от Сикхот, разположиха се на стан в Етам, към краищата на пустинята.
21 SENYÈ a t ap prale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen pou mennen yo nan chemen an, e nan yon pilye dife pandan lannwit pou bay yo limyè pou yo ta kapab vwayaje lajounen, kon lannwit.
И Господ вървеше пред тях, денем в облачен стълб, за да ги управя из пътя, а нощем в огнен стълб, за да им свети, та да пътуват денем и нощем.
22 Li pa t retire pilye nwaj la nan lajounen, ni pilye dife a nan lannwit devan pèp la.
Той не отнемаше отпред людете облачния стълб денем, нито огнания стълб нощем.