< Egzòd 11 >

1 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Yon malè anplis Mwen va fè rive sou Farawon, ak sou Égypte; apre sa li va kite nou sòti isit la. Lè li kite nou ale, anverite li va pouse nou ale sòti isit la nèt.
E o SENHOR disse a Moisés: Uma praga trarei ainda sobre Faraó, e sobre o Egito; depois da qual ele vos deixará ir daqui; e seguramente vos expulsará daqui de todo.
2 Pale koulye a pou tout moun tande, ke chak gason mande vwazin li, e chak fanm vwazen pa li pou kèk bagay fèt an ajan ak bagay ki fèt an lò.”
Fala agora ao povo, e que cada um peça a seu vizinho, e cada uma à sua vizinha, objetos de prata e de ouro.
3 SENYÈ a te bay pèp la favè nan zye Ejipsyen yo. Anplis nonm nan, Moïse te byen estime nan peyi Égypte la, ni nan zye sèvitè a Farawon yo, ni nan zye a moun yo.
E o SENHOR fez o povo ser favorecido aos olhos dos egípcios. Também Moisés era muito grande homem na terra do Egito, aos olhos dos servos de Faraó, e aos olhos do povo.
4 Moïse te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Vè minwit M ap prale nan mitan Égypte la.
E disse Moisés: o SENHOR disse assim: À meia noite eu sairei por meio do Egito,
5 Epi tout nan premye ne nan peyi Égypte yo va mouri, soti nan premye ne Farawon ki chita sou twòn li a, jiska premye ne nan fi esklav ki dèyè wòch moulen yo; menm tout nan premye ne nan bèt yo tou.
E morrerá todo primogênito na terra do Egito, desde o primogênito de Faraó que se assenta em seu trono, até o primogênito da serva que está atrás do moinho; e todo primogênito dos animais.
6 Anplis de sa, va gen yon gran kri lamantasyon jan li pa t genyen avan, ak jan li p ap janm genyen ankò.
E haverá grande clamor por toda a terra do Egito, qual nunca foi, nem jamais será.
7 Men kont fis Israël yo, menm yon chen p ap jape, ni kont moun ni kont bèt, pou nou kapab konprann, jan SENYÈ a fè yon distenksyon antre Égypte avèk Israël.
Mas entre todos os filhos de Israel, desde o homem até o animal, nem um cão moverá sua língua; para que saibais que o SENHOR fará diferença entre os egípcios e os israelitas.
8 “‘Tout sa yo, sèvitè pa w yo va vin bese ba devan m, e yo va di: ‘Ale deyò, ou menm avèk tout moun ki swiv ou yo, e apre sa, mwen va ale deyò.’” Epi li te sòti devan Farawon, ranpli avèk kòlè e byen cho.
E descerão a mim todos estes teus servos, e inclinados diante de mim dirão: Sai tu, e todo o povo que está abaixo de ti; e depois disto eu sairei. E saiu-se muito irado da presença de Faraó.
9 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Farawon p ap koute ou, pou mèvèy Mwen yo kapab vin miltipliye nan peyi Égypte la.”
E o SENHOR disse a Moisés: Faraó não vos ouvirá, para que minhas maravilhas se multipliquem na terra do Egito.
10 Moïse avèk Aaron te fè tout mèvèy sa yo devan Farawon; malgre sa, SENYÈ a te fè kè l di, e li pa t kite fis Israël yo sòti deyò peyi li a.
E Moisés e Arão fizeram todos estes prodígios diante de Faraó; mas o SENHOR havia endurecido o coração de Faraó, e não permitiu que os filhos de Israel saíssem da sua terra.

< Egzòd 11 >