< Estè 9 >

1 Alò, nan douzyèm mwa a (sa vle di mwa Adar a), sou trèzyèm jou a, lè lòd a wa a avèk dekrè li a te prèt pou acheve, nan jou lè lènmi a Jwif yo te gen espwa vin mèt sou yo a, li te vin vire tèt anba jiskaske Jwif yo menm te vin domine sou sila ki te rayi yo.
Now in the twelfth month, which is the month Adar, on the thirteenth day of the month, when the king’s commandment and his decree came near to be put in execution, on the day that the enemies of the Jews hoped to conquer them, (but it turned out that the opposite happened, that the Jews conquered those who hated them),
2 Jwif yo te rasanble nan vil pa yo toupatou nan pwovens a Wa Assuérus yo pou mete men yo sou sila ki te chache fè yo mal yo. Konsa, pa t genyen moun ki te kab kanpe devan yo, paske perèz yo te vin tonbe sou tout moun nan pèp yo.
the Jews gathered themselves together in their cities throughout all the provinces of the King Ahasuerus, to lay hands on those who wanted to harm them. No one could withstand them, because the fear of them had fallen on all the people.
3 Menm tout chèf pwovens yo, reprezantan a wa yo, gouvènè yo e sila ki t ap fè afè a wa yo te asiste Jwif yo akoz laperèz a Mardochée te vin tonbe sou yo.
All the princes of the provinces, the local governors, the governors, and those who did the king’s business helped the Jews, because the fear of Mordecai had fallen on them.
4 Anverite, Mardochée te gran lakay a wa a e repitasyon li te gaye toupatou nan pwovens yo, paske nonm nan, Mardouchée, te vin pi gwo e pi gwo.
For Mordecai was great in the king’s house, and his fame went out throughout all the provinces, for the man Mordecai grew greater and greater.
5 Konsa, Jwif yo te frape tout lènmi yo avèk nepe, te touye e detwi. Yo te fè sa yo te pito a sila ki te rayi yo.
The Jews struck all their enemies with the stroke of the sword, and with slaughter and destruction, and did what they wanted to those who hated them.
6 Nan sitadèl Suse la, Jwif yo te touye e detwi senk-san òm.
In the citadel of Susa, the Jews killed and destroyed five hundred men.
7 Yo te touye Parchandatha, Dalphon, Aspatha,
They killed Parshandatha, Dalphon, Aspatha,
8 Poratha, Adalia, Aridatha,
Poratha, Adalia, Aridatha,
9 Parmaschtha, Arizaï, Aridaï avèk Vajezatha,
Parmashta, Arisai, Aridai, and Vaizatha,
10 dis fis a Haman yo, fis a Hammedatha yo, lènmi a Jwif yo. Men yo te refize touche piyaj la.
the ten sons of Haman the son of Hammedatha, the Jews’ enemy, but they did not lay their hand on the plunder.
11 Nan menm jou sa a, fòs kantite a sila ki te touye nan sitadèl Suse la te rapòte a wa a.
On that day, the number of those who were slain in the citadel of Susa was brought before the king.
12 Wa a te di a rèn Esther: “Jwif yo te fin touye e detwi senk-san moun avèk fis a Haman yo nan sitadèl Suse la. Alò, konsa se kisa ke yo gen tan fè nan lòt pwovens a wa yo!” Koulye a, se ki petisyon ou? Menm li menm va bay a ou menm. Epi kisa ou mande anplis? Li menm tou va fèt.
The king said to Esther the queen, “The Jews have slain and destroyed five hundred men in the citadel of Susa, including the ten sons of Haman; what then have they done in the rest of the king’s provinces! Now what is your petition? It shall be granted you. What is your further request? It shall be done.”
13 Epi Esther te di: “Si sa se plezi a wa a, kite demen, anplis, vin bay a Jwif ki nan Suse yo, pou fè menm ak dekrè ki pou jodi a; epi kite dis fis a Haman yo vin pann sou wo etaj la.”
Then Esther said, “If it pleases the king, let it be granted to the Jews who are in Susa to do tomorrow also according to today’s decree, and let Haman’s ten sons be hanged on the gallows.”
14 Pou sa, wa a te kòmande pou li ta fèt konsa. Yon dekrè te pibliye nan Suse e dis fis a Haman yo te pann.
The king commanded this to be done. A decree was given out in Susa; and they hanged Haman’s ten sons.
15 Jwif ki te nan Suse yo te rasanble, anplis, nan katòzyèm jou nan mwa Adar a e te touye twa-san moun nan Suse, men yo pa t mete men yo sou piyaj la.
The Jews who were in Susa gathered themselves together on the fourteenth day also of the month Adar, and killed three hundred men in Susa; but they did not lay their hand on the plunder.
16 Alò, tout lòt moun nan Jwif yo ki te nan pwovens yo te rasanble pou defann lavi yo, pou te retire lènmi yo pami yo e pou te touye swasann-kenz-mil nan sila ki te rayi yo; men yo pa t mete men yo sou piyaj la.
The other Jews who were in the king’s provinces gathered themselves together, defended their lives, had rest from their enemies, and killed seventy-five thousand of those who hated them; but they did not lay their hand on the plunder.
17 Sa te fèt nan trèzyèm jou nan mwa Adar e nan katòzyèm jou a, yo te repoze e te fè li yon jou gwo fèt avèk rejwisans.
This was done on the thirteenth day of the month Adar; and on the fourteenth day of that month they rested and made it a day of feasting and gladness.
18 Men Jwif ki te nan Suse yo te rasanble nan trèzyèm avèk katòzyèm jou nan menm mwa a. Men yo te repoze nan kenzyèm jou a, e te fè li yon jou gwo fèt avèk rejwisans.
But the Jews who were in Susa assembled together on the thirteenth and on the fourteenth days of the month; and on the fifteenth day of that month, they rested, and made it a day of feasting and gladness.
19 Pou sa, Jwif nan andwa andeyò yo, ki te rete nan lavil riral yo, fè katòzyèm jou nan mwa Adar a yon jou fèt pou rejwi, fè fèt ak voye pòsyon manje bay youn lòt.
Therefore the Jews of the villages, who live in the unwalled towns, make the fourteenth day of the month Adar a day of gladness and feasting, a holiday, and a day of sending presents of food to one another.
20 Epi Mardochée te fè yon rapò de evènman sila yo, e li te voye lèt a tout Jwif ki te nan tout pwovens a Wa Assuérus yo, ni sila ki pre yo, ni sila ki te lwen yo,
Mordecai wrote these things, and sent letters to all the Jews who were in all the provinces of the King Ahasuerus, both near and far,
21 pou fè yo konprann se devwa yo pou selebre katòzyèm jou a mwa Adar a avèk kenzyèm jou nan menm mwa a chak ane,
to enjoin them that they should keep the fourteenth and fifteenth days of the month Adar yearly,
22 paske nan jou sa yo, Jwif yo retire lènmi yo e se te nan mwa sa a ke tristès la te vin vire an kè kontan e kite rele anmwey la pou rive fè yon jou fèt; ke yo ta dwe fè yo jou a gwo bankè ak rejwisans; epi pou voye manje bay youn lòt avèk kado pou pòv yo.
as the days in which the Jews had rest from their enemies, and the month which was turned to them from sorrow to gladness, and from mourning into a holiday; that they should make them days of feasting and gladness, and of sending presents of food to one another, and gifts to the needy.
23 Konsa, Jwif yo te acheve fè sa ke yo te kòmanse fè a e menm sa ke Mardochée te ekri yo.
The Jews accepted the custom that they had begun, as Mordecai had written to them,
24 Paske Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la, advèsè a tout Jwif yo, te manevre kont Jwif yo pou detwi yo, e te voye Pur, sa vle di osò, pou deranje yo ak detwi yo.
because Haman the son of Hammedatha, the Agagite, the enemy of all the Jews, had plotted against the Jews to destroy them, and had cast “Pur”, that is the lot, to consume them and to destroy them;
25 Men lè li te rive nan atansyon a wa a, li te pase lòd pa lèt ke manèv mechan li an pou li te divize kont Jwif yo ta retounen sou pwòp tèt li, e ke li menm avèk fis li yo ta pann sou wo etaj la.
but when this became known to the king, he commanded by letters that his wicked plan, which he had planned against the Jews, should return on his own head, and that he and his sons should be hanged on the gallows.
26 Pou sa, yo rele jou sila yo Purim menm non ak Pur. Epi akoz enstriksyon nan lèt sila yo, akoz sa yo te wè konsa ak sa ki te rive yo,
Therefore they called these days “Purim”, from the word “Pur.” Therefore because of all the words of this letter, and of that which they had seen concerning this matter, and that which had come to them,
27 Jwif yo te etabli e te fè kon koutim yo avèk desandan yo, pou tout sila ki te fè alyans avèk yo, pou yo pa ta manke selebre de jou sa yo selon règ e selon tan ki apwente chak ane.
the Jews established and imposed on themselves, on their descendants, and on all those who joined themselves to them, so that it should not fail that they would keep these two days according to what was written and according to its appointed time every year;
28 Pou sa, jou sa yo te gen pou sonje e selebre pandan tout jenerasyon, tout fanmi, tout pwovens ak tout vil; epi jou sila yo a Purim pa te janm dwe neglije pami Jwif yo, ni memwa yo vin pèdi fòs pami desandan yo.
and that these days should be remembered and kept throughout every generation, every family, every province, and every city; and that these days of Purim should not fail from among the Jews, nor their memory perish from their offspring.
29 Epi rèn Esther, fi a Abichaïl la, avèk Mardochée, Jwif la, te ekri avèk plen otorite pou konfime dezyèm lèt sa a konsènan Purim.
Then Esther the queen, the daughter of Abihail, and Mordecai the Jew wrote with all authority to confirm this second letter of Purim.
30 Li te voye lèt yo a tout Jwif nan san-venn-sèt pwovens a wayòm Assuérus yo, avèk pawòl lapè ak verite,
He sent letters to all the Jews in the hundred twenty-seven provinces of the kingdom of Ahasuerus with words of peace and truth,
31 pou etabli jou a Purim sila yo nan tan ki apwente, jis jan ke Mardochée avèk rèn Esther te etabli a pou yo menm e pou desandan pa yo avèk enstriksyon pou tan jèn avèk lamantasyon yo.
to confirm these days of Purim in their appointed times, as Mordecai the Jew and Esther the queen had decreed, and as they had imposed upon themselves and their descendants in the matter of the fastings and their mourning.
32 Se te lòd Esther a ki te etabli koutim sila yo pou Purim, e sa te ekri nan liv la.
The commandment of Esther confirmed these matters of Purim; and it was written in the book.

< Estè 9 >