< Estè 1 >

1 Alò li te vin rive nan tan Wa Assuréus la, menm Assuréus ki te renye soti Inde jis rive Éthiopie sou san-venn-sèt pwovens yo,
在薛西斯為王時,發生了這樣的事:──這薛西斯當時管轄的版圖,自印度至雇士,共計一百二十七省──
2 nan jou sa yo, pandan wa Assuréus te chita sou twòn wayal li a ki te nan sitadèl Suse la,
他在穌撒禁城登極後,
3 nan twazyèm ane pouvwa li a, li te fè yon gran fèt pou tout chèf li yo avèk asistan li yo, chèf lame Perse avèk Mèdes yo, moun prensipal lavil yo, avèk chèf pwovens li yo, tout moun ki te nan prezans li.
第三年設宴款待所有的公卿朝臣,波斯與瑪待的將官,各省的賢達與總督,
4 Konsa li te montre tout richès avèk glwa wayal li yo, avèk mayifisans a gran majeste li pandan anpil jou, san-katre-ven jou.
一連一百八十天,天天誇耀他帝國的豪華富裕,和他赫赫堂皇的榮耀。
5 Lè jou sa yo te fin acheve, wa a te bay yon gwo bankè ki te dire pandan sèt jou pou tout moun ki te prezan nan sitadèl Suse la, soti nan sila ki pi pwisan an jis rive nan sila ki pi piti a, nan lakou jaden a palè wa a.
這些日子過了以後,王又在官內的御苑裏,一連七天,歡宴穌撒禁城的全體人民,不分尊卑,都來參加。
6 Te gen bagay pann ki fèt an len fen blan e vyolèt ki te kenbe pa kòd fèt an len fen mov, wondèl an ajan avèk pilye an mèb. Devan yo te fèt an lò avèk ajan te plase sou yon pave mozayik ki fèt ak mab wouj, mab blan, gwo pèl klere avèk pyè presye.
庭院各處裝飾著白色和紫紅色的壁氈,繫著純白色和朱紅色的彩帶,懸在白大理石柱的銀環子上;在碧玉、白玉、珍珠和寶石舖砌的地面上,陳設了金銀的床榻。
7 Bwason yo te sèvi nan veso an lò a plizyè kalite, e diven wayal la te anpil, selon bonte a wa a.
進飲的器皿,都是金銀製的,大小俱全;御釀豐美,以示王家的厚贈。
8 Jan yo te bwè se te selon lalwa, san fòse moun, paske wa a te pase lòd a chak ofisye a chak kay ke li ta dwe fè sa selon dezi a chak moun.
飲酒隨意,無須強勸,因為王已命宮內侍役,應隨各人所好,善加招待。
9 Anplis, Larenn Vasthi te bay yon bankè pou fanm nan palè ki te pou Wa Assuérus la.
同時瓦市提皇后,在薛西斯王的後宮,也擺設盛宴,款待婦女。
10 Nan setyèm jou a, lè kè a wa a te kontan ak diven, li te bay lòd a Mehuman, Biztha, Harbona, Bigtha, Abagtha, Zéthar, avèk Carcas, sèt enik ki te sèvi wa Assuérus,
至第七日,君王一時酒酣耳熱,就命默胡曼、彼次達、哈波納、彼革達、阿巴革達、則塔爾和加爾加斯,──七個侍從薛西斯王的宦官──
11 pou mennen fè parèt nan prezans li, rèn nan, Vasthi, avèk kouwòn wayal la, pou montre bèlte li a pèp la e a moun pwisan yo, paske li te tèlman bèl.
去召瓦市提王后,叫她頭戴后冠,到君王跟前來,讓眾百姓與朝臣瞻仰她的美麗,因為她的容貌,嬌媚可愛。
12 Men rèn Vasthi te refize vini sou lòd a wa a, ki te livre pa enik yo. Konsa, wa a te vin byen fache e lakòlè te brile anndan l.
但是瓦市提王后拒絕前來,不肯遵行宦官傳來的王命。於是君王勃然大怒,五內如焚,
13 Alò, wa a te mande a mesye saj ki te konprann tan yo—paske se te koutim a wa a pou pale devan tout sila ki te konprann lalwa a avèk jistis;
遂與通達時務的朝臣商議說:──因為當時君王要辦一事,必與精通法律民情的朝臣商議;
14 epi te gen toupre li: Carschena, Schéthar, Admatha, Tarsis, Mérés, Marsena, Memucan, sèt chèf de Perse avèk Médie yo, ki te gen abitid antre nan prezans a wa a, e te chita nan premye plas nan wayòm nan—
那時在王身傍有加爾舍納、舍塔爾、阿德瑪達、塔爾史士、默勒斯、瑪色納、默慕干,七位波斯和瑪待的公卿;他們常在君王左右,分居國家的高位──「
15 “Selon lalwa a, se kisa ki ta dwe fèt avèk rèn Vasthi, akoz li pa t obeyi lòd a Wa Assuérus ki te livre pa enik yo?”
按法律應如何處置瓦市提王后呢﹖因為沒有覆行宦官傳下的王命。」
16 Nan prezans a wa a avèk chèf yo, Memucan te di: “Rèn Vasthi te fè tò a wa a, men anplis tout moun nan pwovens a Wa Assuérus yo.
默慕干在君王及公卿前建議說:「瓦市提王后不但得罪了君王,並且還得罪了薛西斯王各省的諸候與人民,
17 Paske, si kondwit a rèn nan vin rekonèt a tout fanm yo pou fè yo vin gade mari yo avèk mepriz, epi vin di: ‘Wa Assuérus te kòmande rèn Vasthi pou parèt devan l, men li pa t vini.’
因為王后的這種行為,一傳到所有的婦女耳中,她們必將效尤,輕視自己的丈夫,而且說:薛西斯王命人召瓦市提王后到他跟前,她卻沒有來;
18 Nan jou sa a, fanm a Perse avèk Médie ki te tande afè kondwit rèn nan, va pale tout chèf a wa a nan menm fason an, e va genyen anpil mepriz avèk mekontantman.
今日凡聽到王后這種舉動的波斯與瑪待的公主貴婦,也必說同樣的話,對一切王家公卿,也照樣輕視忿怒。
19 “Si sa fè wa a kontan, kite yon dekrè wayal sòti nan li, e kite li ekri nan lalwa a Perse avèk Médie a, pou l pa kab ranvèse, ke Vasthi p ap kab ankò antre nan prezans a Wa Assuérus la. E konsa, kite wa a bay pozisyon wayal pa li a yon lòt moun ki pi merite l pase li.
陛下如果贊成,可下一道上諭,附於波斯與瑪待的法典內,成為法律,禁止瓦市提后今後朝見薛西斯王;至於她的后位,王可賜與另一位比她賢淑的國妃。
20 Lè dekrè ke a wa a va fè a tande nan tout wayòm li an, ki tèlman gran, alò tout fanm va gen respè a mari yo, kit gran, kit piti.”
當君王下的這道命令,傳遍整個版圖廣闊的國土時,全國的婦女,不拘尊卑,對自己的丈夫必表示尊敬。」
21 Pawòl sa a te fè wa a kontan, avèk chèf yo, epi wa a te fè kon Memucan te pwopoze a.
對這建議,君王和公卿都表示贊成;王就依照默慕干的建議施行,
22 Konsa, li te voye lèt a tout pwovens a wa yo, a chak pwovens selon ekriti pa li, e a chak pèp selon langaj pa yo, ke tout mesye yo ta dwe mèt nan pwòp kay pa yo, e sila te pale nan lang a pwòp pèp li.
向全國各省,傳遞文告,依各省的文字和各民族的語言,敕令天下所有的丈夫,應為一家之主,可隨意發號施令。

< Estè 1 >