< Efèz 6 >
1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon.
Children, obey your parents in the Lord, for this is right.
2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès;
“Honor yoʋr father and mother” (which is the first commandment with a promise),
3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
“that it may be well with yoʋ and yoʋ may live long on the earth.”
4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
Fathers, do not provoke your children to anger, but bring them up in the training and admonition of the Lord.
5 Esklav yo, se pou nou obeyisan a sila ki mèt nou yo selon lachè, avèk lakrent ak tranbleman, nan senserite a kè nou, tankou a Kris la menm,
Slaves, obey your earthly masters with fear and trembling, and with sincerity of heart, just as you would obey Christ.
6 pa sèlman devan zye, kòmsi pou fè moun plezi, men kòm esklav a Kris k ap fè tout volonte Bondye ki soti nan kè a.
Do not try to please them only when they are watching you, but act like slaves of Christ, doing the will of God from your heart.
7 Avèk bòn volonte, rann sèvis tankou a Senyè a, e pa a lòm
Serve with a good attitude, as serving the Lord and not men,
8 nan konesans ke nenpòt bon bagay yon moun fè, li va resevwa sa a soti nan Senyè a, kit li esklav kit li lib.
knowing that whatever good anyone does he will receive back from the Lord, whether he is a slave or free.
9 Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri.
Masters, do the same for your slaves and stop threatening them, because you know that your own Master is in heaven, and there is no partiality with him.
10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li.
Finally, my brothers, be strong in the Lord and in the power of his might.
11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo.
Put on the full armor of God so that you may be able to stand against the schemes of the devil.
12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. (aiōn )
For we wrestle not against flesh and blood, but against the rulers, against the authorities, against the cosmic powers of the darkness of this age, and against the spiritual forces of evil in the heavenly places. (aiōn )
13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm.
Therefore take up the full armor of God so that you may be able to resist the enemy on the day of evil, and after you have done everything, to stand firm.
14 Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la pwotèj ladwati a.
Stand firm therefore by fastening the belt of truth around your waist, putting on the breastplate of righteousness,
15 Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a,
and shodding your feet with the readiness of the gospel of peace.
16 e anplis de tout bagay, pran boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an.
Above all, take up the shield of faith, with which you will be able to extinguish all the flaming arrows of the evil one.
17 Epi pran kas Sali a ak nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a.
Take the helmet of salvation and the sword of the Spirit, which is the word of God.
18 Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo.
Pray in the Spirit at all times, with every prayer and supplication, and to this end, stay alert and be persistent in praying for all the saints.
19 Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la,
Pray also for me, so that when I open my mouth to speak, a message may be given to me to make known with boldness the mystery of the gospel,
20 pou sila ke mwen se yon anbasadè anchene; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.
for which I am an ambassador in chains. Pray that I may declare it boldly, as I should.
21 Men pou nou menm osi kapab konnen sikonstans mwen yo, jan mwen ye, Tychique, frè byeneme e sèvitè fidèl nan Senyè a, va fè nou konnen tout bagay.
Tychicus, the beloved brother and faithful servant in the Lord, will give you a full report about how I am doing so that you may be informed.
22 Mwen te voye li kote nou pou bi sa a menm, pou nou ta kapab konnen sikonstans nou menm, e pou Li ta kapab rekonfòte kè nou.
I have sent him to you for this very purpose, that you may know how we are doing and that he may encourage your hearts.
23 Lapè avèk frè nou yo, e lanmou avèk lafwa, ki soti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri.
Peace be with the brothers, and love with faith, from God the Father and the Lord Jesus Christ.
24 Lagras avèk tout sila yo ki renmen Senyè nou an, Jésus Kri, avèk yon lanmou ki p ap janm varye. Amen.
Grace be with all who love our Lord Jesus Christ with an undying love. Amen.