< Efèz 4 >
1 Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an,
Therefore I, a prisoner for the Lord, urge you to walk in a manner worthy of the calling you have received,
2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou,
with all humility and gentleness, and with patience, bearing with one another in love,
3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè.
and being diligent to keep the unity of the Spirit in the bond of peace.
4 Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an;
There is one body and one Spirit (just as you were called to one hope at your calling),
5 yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm,
one Lord, one faith, one baptism,
6 yon sèl Bondye e Papa tout moun ki, sou tout bagay, pami tout bagay e nan tout bagay.
one God and Father of all, who is over all and through all and in us all.
7 Men a nou chak, gras te vin bay selon mezi don a Kris la.
Now each one of us was given grace according to the measure of Christ's gift.
8 Konsa sa ekri: “Lè Li te monte anlè, Li te mennen kon kaptif, kaptivite a menm, e Li te bay don a lèzòm.”
Therefore it says, “When he ascended on high, he led captivity captive and gave gifts to men.”
9 Alò, fraz sila a, “Li te monte”, kisa sa vle di eksepte ke Li osi te desann anba nan pati ki pi fon nan latè a?
(Now what does “he ascended” mean except that he first also descended into the lower parts of the earth?
10 Sila ki te desann nan se Li menm tou ki te monte bokou pi wo pase tout syèl yo, pou Li ta kapab akonpli tout bagay.
He who descended is the very one who ascended far above all the heavens, so that he might fill all things.)
11 Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè,
It was he who appointed some to be apostles, some to be prophets, some to be evangelists, and some to be pastors and teachers,
12 pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la,
to equip the saints for the work of ministry and to build up the body of Christ,
13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la.
until we all reach unity in the faith and in the knowledge of the Son of God, growing into maturity with a stature measured by Christ's fullness.
14 Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon;
So we must no longer be infants, tossed back and forth by waves and carried about by every wind of doctrine, by the trickery of men and their craftiness in deceitful scheming.
15 men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris Li menm.
Rather, speaking the truth in love, we must grow up in every way into him who is the head, that is, Christ.
16 Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.
From him the whole body, joined and held together by every supporting joint, grows and builds itself up in love as each individual part does its work.
17 Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo,
Therefore, I solemnly declare in the Lord that you should no longer walk as the rest of the Gentiles do, in the futility of their minds.
18 avèk yon konprann ki byen fonse andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di.
They are darkened in their understanding, being excluded from the life of God because of the ignorance that is in them due to the hardness of their hearts.
19 Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te livre tèt yo a tout sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras.
They became callous and gave themselves up to lewd behavior, greedy to engage in every kind of impurity.
20 Men nou pa t aprann Kris nan fason sa a,
But you did not learn Christ in that way!
21 si vrèman nou te menm tande Li e te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus.
Surely you have heard about him and were taught in him, just as the truth is in Jesus,
22 Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo,
to put off your old self, which belongs to your former way of life and is being corrupted by its deceitful desires,
23 epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou,
to be renewed in the spirit of your minds,
24 pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.
and to put on the new self, created according to the image of God in true righteousness and holiness.
25 Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt.
Therefore, having laid aside falsehood, each of you must speak the truth with his neighbor, because we are members of one another.
26 “Fè fache, e malgre sa pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a,
Do not sin in your anger. Do not let the sun go down while you are still angry,
27 epi pa bay Dyab la opòtinite.
and do not give any opportunity to the devil.
28 Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo.
He who steals must no longer steal; rather he must labor, doing honest work with his hands, so that he may have something to contribute to anyone in need.
29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo.
Let no foul word come out of your mouth, but only what is good for edification, as fits the occasion, that it may give grace to those who hear.
30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an.
And do not grieve the Holy Spirit of God, by whom you were sealed for the day of redemption.
31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans.
Put away all bitterness, wrath, anger, outbursts, and slander, together with all malice.
32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.
Be kind and compassionate to one another, forgiving one another, just as God in Christ has forgiven us.