< Efèz 3 >
1 Pou rezon sa a, mwen, Paul prizonye a Kris Jésus a, pou koz a nou, pèp etranje yo,
For this reason I, Paul, a prisoner for Christ Jesus for the sake of you Gentiles, bow my knees in prayer.
2 si vrèman nou te tande de jerans a gras Bondye ke mwen te resevwa pou livre bay nou an,
Surely you have heard of the stewardship of God's grace that was given to me for you,
3 ke pa revelasyon mwen te vin konnen mistè a, sou ki mwen te deja ekri kèk mo a.
how God made the mystery known to me by revelation, just as I have written above in a few words.
4 Pa referans a sa, lè nou li, nou kapab konprann konesans mwen nan mistè a Kris la,
When you read what I have written, you can understand my insight into the mystery of Christ,
5 ki, nan lòt jenerasyon yo pa t konnen pa fis a lòm yo, men koulye a li revele a sen apot Li yo ak pwofèt yo nan Lespri a.
which in previous generations was not made known to the sons of men as it has now been revealed by the Spirit to his holy apostles and prophets.
6 Pou detaye byen klè, ke pèp etranje yo se eritye egal e manb parèy nan kò a, epi patisipan egal nan pwomès a Kris Jésus a selon levanjil la.
This mystery is that the Gentiles are fellow heirs, fellow members of the body, and fellow partakers of God's promise in Christ through the gospel.
7 Sou pwomès sa a, mwen te vin yon sèvitè selon don lagras Bondye a, ke m te resevwa selon travay pouvwa Li a.
I became a servant of this gospel according to the gift of God's grace that was given to me by the working of his power.
8 A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout richès ensondab a Kris yo.
This grace was given to me, the very least of all the saints, to preach among the Gentiles the good news of the boundless riches of Christ,
9 Epi pou fè tout moun wè, sa ki se jerans a mistè a ki te kache pandan tan yo nan Bondye, ki te kreye tout bagay yo. (aiōn )
and to bring to light for everyone the plan of the mystery that has been hidden for ages in God, who created all things through Jesus Christ. (aiōn )
10 Pou tout sajès a Bondye a ta kapab vin konnen koulye a atravè legliz la, a tout pouvwa ak otorite nan lye selès yo.
The purpose of bringing this to light is that, through the church, the manifold wisdom of God might now be made known to the rulers and the authorities in the heavenly realms,
11 Sa te an akò avèk plan etènèl la ke Li te reyalize nan Kris Jésus, Senyè nou an. (aiōn )
according to the eternal purpose that God has carried out in Christ Jesus our Lord. (aiōn )
12 Nan Li menm, nou gen kouraj pa lafwa pou apwoche Li ak konfyans.
Because of Christ and our faith in him, we have boldness and confident access to God.
13 Konsa, mwen mande nou pou nou pa dekouraje nan tribilasyon m ap pasepou nou yo, paske yo se glwa nou.
Therefore I ask you not to lose heart at my tribulations on your behalf, which will bring you glory.
14 Pou rezon sila a, mwen koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris.
For this reason I bow my knees in prayer before the Father of our Lord Jesus Christ,
15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo,
from whom every family in heaven and on earth is named.
16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan.
I pray that, according to the riches of his glory, he would grant you to be strengthened with power through his Spirit in your inner being,
17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou,
so that Christ may dwell in your hearts through faith,
18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a,
as you are being rooted and grounded in love. I pray that you may be able to fully comprehend, together with all the saints, how wide and long and deep and high
19 epi pou nou konnen lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.
is the love of Christ, and to know this love that surpasses knowledge, so that you may be filled with all the fullness of God.
20 Koulye a, a Li menm ki kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an,
Now to him who is able to do immeasurably more than all we could ask or imagine, according to the power at work within us—
21 a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn. (aiōn )
to him be glory in the church in Christ Jesus throughout all generations, forever and ever. Amen. (aiōn )