< Efèz 2 >

1 Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo.
Også eder har han gjort levende, I som var døde ved eders overtredelser og synder,
2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo. (aiōn g165)
som I fordum vandret i efter denne verdens løp, efter høvdingen over luftens makter, den ånd som nu er virksom i vantroens barn, (aiōn g165)
3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo.
blandt hvilke også vi alle fordum vandret i vårt kjøds lyster, idet vi gjorde kjødets og tankenes vilje, og vi var av naturen vredens barn likesom de andre.
4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an,
Men Gud, som er rik på miskunn, har for sin store kjærlighets skyld som han elsket oss med,
5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a.
gjort oss levende med Kristus, enda vi var døde ved våre overtredelser - av nåde er I frelst -
6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus,
og opvakt oss med ham og satt oss med ham i himmelen, i Kristus Jesus,
7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. (aiōn g165)
forat han i de kommende tider kunde vise sin nådes overvettes rikdom i godhet mot oss i Kristus Jesus. (aiōn g165)
8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a.
For av nåde er I frelst, ved tro, og det ikke av eder selv, det er Guds gave,
9 Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li.
ikke av gjerninger, forat ikke nogen skal rose sig.
10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.
For vi er hans verk, skapt i Kristus Jesus til gode gjerninger, som Gud forut har lagt ferdige, at vi skulde vandre i dem.
11 Konsa, sonje, ke oparavan, nou menm, pèp etranje nan lachè yo, ki rele “Ensikonsi” pa sila ki rele pwòp tèt yo “Sikonsi” yo, ki fèt nan lachè pa men a lòm,
Kom derfor i hu at I som fordum var hedninger i kjøttet og blev kalt uomskårne av den såkalte omskjærelse på kjøttet, den som gjøres med hånden,
12 sonje ke nou te nan tan sa a separe de Kris, andeyò de kominote Israël la, e etranje selon akò pwomès yo, san espwa, e san Bondye nan mond lan.
at I på den tid stod utenfor Kristus, utelukket fra Israels borgerrett og fremmede for paktene med deres løfte, uten håp og uten Gud i verden;
13 Men koulye a nan Kris Jésus, nou menm ki te oparavan byen lwen, nou gen tan vin touprè pa san a Kris la.
men nu, i Kristus Jesus, er I som fordum var langt borte, kommet nær til ved Kristi blod.
14 Paske Li menm, Li se lapè nou, ki te fè de gwoup sa yo vin yon sèl, e ki te kraze baryè miray divizyon an,
For han er vår fred, han som gjorde de to til ett og nedrev gjerdets skillevegg, fiendskapet,
15 lè L te aboli nan lachè Li, rayisman ki se lalwa kòmandman yo ki te nan tout règ yo, pou nan Li menm, Li ta kapab fè ak de pèp sa yo, yon sèl òm tounèf e konsa etabli lapè.
idet han ved sitt kjød avskaffet den lov som kom med bud og forskrifter, forat han ved sig selv kunde skape de to til ett nytt menneske, idet han gjorde fred,
16 Konsa, Li ta kapab rekonsilye yo toulède nan yon sèl kò pou Bondye atravè lakwa a, ki te mete rayisman sa a lanmò.
og forlike dem begge i ett legeme med Gud ved korset, idet han på dette drepte fiendskapet.
17 “Epi Li te vin preche lapè a nou ki te byen lwen an, e lapè a sila ki te touprè yo.”
Og han kom og forkynte fred for eder som var langt borte, og fred for dem som var nær ved;
18 Paske atravè Li menm, nou toulède gen aksè nan yon sèl Lespri a Papa a.
for ved ham har vi begge adgang til Faderen i en Ånd.
19 Konsa, nou pa etranje ak moun deyò ankò, men nou se sitwayen ansanm avèk sen yo, e manm fanmi a lakay Bondye a,
Så er I da ikke lenger fremmede og utlendinger, men I er de helliges medborgere og Guds husfolk,
20 ki te bati sou fondasyon apot ak pwofèt yo, Kris Jésus Li menm kòm wòch la ki fòme ang prensipal la.
I som er bygget op på apostlenes og profetenes grunnvoll, mens hjørnestenen er Kristus Jesus selv,
21 Nan Li menm tout kay la bati ansanm, epi ap grandi pou devni yon tanp ki sen nan Senyè a.
i hvem hver bygning føies sammen og vokser til et hellig tempel i Herren,
22 Nan Li menm, nou osi ap vin bati ansanm pou vini yon kote pou Lespri Bondye a kapab rete.
i hvem også I bygges op med de andre til en Guds bolig i Ånden.

< Efèz 2 >