< Eklezyas 12 >

1 Anplis, sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo, avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di: “Mwen pa pran plezi nan yo;”
Pandan ou jenn gason an, pa janm bliye Bondye ki te kreye ou la, anvan jou malè yo rive sou ou, anvan lè a rive pou ou di: Mwen pa jwenn ankenn plezi nan lavi.
2 Avan solèy la ak limyè a, lalin nan ak zetwal yo vin tounwa, e nwaj yo retounen apre lapli yo;
Lè sa a, limyè solèy la, lalin lan ak zetwal yo ap parèt twoub twoub devan je ou. Syèl la pa janm klè. Lapli poko fin tonbe, tan an gen tan mare ankò.
3 nan jou ke gadyen kay la tranble a, e mesye pwisan yo vin koube a. Lè sa yo k ap moule a rete san travay akoz anpil nan yo ki manke, e sila k ap gade nan fenèt yo vin mal pou wè.
Lè sa a, bra ou yo ki te konn pwoteje ou ap tranble. Janm ou yo ki enganm koulye a ap febli. Ou p'ap gen dan pou kraze manje. Je ou yo ap twò fèb pou wè klè.
4 Lè pòt vè lari yo vin fèmen akoz bri moulen an vin ba, e yon moun va leve ak son zwazo a, epi tout fi chanson yo va rete ba.
De twou zòrèy ou yo ap bouche, ou p'ap tande sa k'ap pase nan lari. Ata gwo bri moulen ki toupre ou la, w'a tande l' tou piti piti. Moun te mèt ap chante bò kote ou, w'ap tande vwa yo lwen lwen. Lè sa a, depi pipirit konmanse chante, nou gen tan leve.
5 Anplis mesye yo va vin pè yon wo plas ak gwo danje k ap vini a. Lè pye zanmann nan fleri, krikèt volan rale kò l olon wout la, e dezi gason an pa ka. Paske lòm nan ap prale nan kay etènèl li a, pandan sila k ap fè dèy yo vire toupatou nan wout la.
W'ap pè moute sou bagay ki twò wo pou ou pa gen tèt vire. Menm mache nan granchemen ap yon danje pou ou. Tout cheve nan tèt ou ap vin blan, w'ap pèdi fòs kouray ou. Pa gen anyen ki ka fè l' tounen ankò. W'ap desann nan dènye kay kote ou pral rete pou tou tan an. Lè sa a, moun ap mache rele nan tout lari.
6 Sonje Li avan kòd ajan an kase, e bòl an lò a kraze kivèt dlo la kote pwi a vin fann, e wou sitèn nan vin kraze.
Wi, pa janm bliye Bondye ki fè ou la anvan ti chenn an ajan an detache sot tonbe, anvan bòl an lò a tonbe kraze, anvan kalbas dlo a kraze miyèt moso, anvan so a kase.
7 Paske konsa pousyè la va retounen nan tè a jan li te ye a, e lespri a va retounen kote Bondye ki te bay li a.
Lè sa a, kò nou pral tounen pousyè latè jan l' te ye anvan an. Souf nou menm ap tounen jwenn Bondye ki te ban nou l' lan.
8 “Vanite sou vanite”, predikatè a di: “tout se vanite!”
Lavi pa vo anyen. Lavi pa sèvi anyen. Filozòf la di: Anyen pa vo anyen.
9 Anplis akoz li te yon nonm saj, predikatè a te enstwi pèp la ak konesans. Wi, li te reflechi, chache twouve, e te aranje anpil pwovèb.
Men, paske filozòf la te gen bon konprann, li pa janm sispann moutre pèp la tou sa li te konnen. Li egzaminen anpil pwovèb, li etidye yo, li pran san li pou li sanble yo.
10 Predikatè a te chache jwenn bèl mò pou ekri pawòl verite yo byen kòrèk.
Li pran san li pou li jwenn pawòl ki pou fè moun plezi. Men nan tou sa li ekri, li bay verite a jan li wè l' la.
11 Pawòl a moun saj yo tankou pwent pike bèt yo ye; tankou klou ki kloure nèt, se konsa ansanm a pawòl sila yo ye. Se yon sèl Bèje ki bay yo tout.
Pawòl moun ki gen konprann tankou baton yo sèvi pou djige bèf kabwa. Liv pwovèb yo tankou yon seri klou yo kloure yonn kot lòt. Men se yon sèl mèt ki bay yo, se Bondye.
12 Men anplis ke sa, fis mwen, veye byen: ekri anpil liv se yon bagay san rete, e anpil devosyon a liv yo va fatige kò ou.
Pitit mwen, men sa pou ou fè: Pran leson sou bagay sa yo. Si pou yo ta ekri anpil liv, yo pa ta janm fini. Lè ou etidye twòp, sa fè kè ou fè ou mal.
13 Konklizyon lè tout bagay fin tande se: Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun.
Apre tout pawòl sa yo, se yon sèl bagay pou m' di nan sa: Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun.
14 Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.
Paske Bondye ap jije tou sa n'ap fè, kit yo bon, kit yo pa bon, ata bagay nou fè an kachèt.

< Eklezyas 12 >