< Eklezyas 11 >
1 Voye pen ou sou sifas dlo, e apre anpil jou, ou va twouve l.
너는 네 식물을 물 위에 던지라 여러날 후에 도로 찾으리라
2 Divize byen ou fè sèt, oswa uit menm; paske ou pa janm konnen ki malè k ap rive sou latè.
일곱에게나 여덟에게 나눠줄지어다 무슨 재앙이 땅에 임할는지 네가 알지 못함이니라
3 Si nwaj yo plen, yo vide lapli sou latè; epi si yon bwa tonbe vè sid, oswa vè nò, kote li tonbe a, se la l ap kouche.
구름에 비가 가득하면 땅에 쏟아지며 나무가 남으로나 북으로나 쓰러지면 그 쓰러진 곳에 그냥 있으리라
4 Sila ke veye van an p ap simen; ni sila ki veye syèl la p ap rekòlte.
풍세를 살펴보는 자는 파종하지 아니할 것이요 구름을 바라보는 자는 거두지 아니하리라
5 Menm jan ke ou pa konnen chemen van an, ni jan zo yo vin fòme nan vant a fanm ansent lan, se konsa ou pa konnen zèv Bondye ki fè tout bagay la.
바람의 길이 어떠함과 아이 밴 자의 태에서 뼈가 어떻게 자라는 것을 네가 알지 못함같이 만사를 성취하시는 하나님의 일을 네가 알지 못하느니라
6 Simen semans ou nan maten an; ni pa gaspiye tan nan aswè. Paske ou pa janm konnen si se nan maten oswa nan aswè semans lan ap reyisi; ni si se pa tou de k ap bon.
너는 아침에 씨를 뿌리고 저녁에도 손을 거두지 말라 이것이 잘 될는지, 저것이 잘 될는지, 혹 둘이 다 잘 될는지 알지 못함이니라
7 Limyè a byen bèl, e li bon pou zye wè solèy la.
빛은 실로 아름다운 것이라 눈으로 해를 보는 것이 즐거운 일이로다
8 Anverite, si yon nonm ta viv anpil ane, kite li rejwi li nan yo tout; men pa kite l bliye jou tenèb yo, paske yo va anpil. Tout sa ki gen pou vini se vanite.
사람이 여러 해를 살면 항상 즐거워할지로다 그러나 캄캄한 날이 많으리니 그 날을 생각할지로다 장래 일은 다 헛되도다
9 Rejwi jennonm, pandan jenès ou, e kite kè ou rete kontan pandan ane de laj jenès ou yo. Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou, men konnen byen ke Bondye va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.
청년이여 네 어린 때를 즐거워 하며 네 청년의 날을 마음에 기뻐하여 마음에 원하는 길과 네 눈이 보는대로 좇아 행하라 그러나 하나님이 이 모든 일로 인하여 너를 심판하실 줄 알라
10 Pou sa, retire gwo doulè ak mechanste pou l pa nan kè ou, e fè mal rete lwen chè ou; paske jenès ak ane jenès yo va disparèt vit.
그런즉 근심으로 네 마음에서 떠나게 하며 악으로 네 몸에서 물러가게 하라 어릴 때와 청년의 때가 다 헛되니라