< Eklezyas 10 >

1 Mouch mouri bay lwil pafen yon move odè; Se konsa yon ti kras foli gen pouvwa pou depase sajès ak respè.
一個死蒼蠅能敗壞一碗製香膏者的香膏;一點愚昧也能敗壞智慧和尊榮。
2 Kè a yon moun saj mennen li adwat, men kè a moun san konprann nan mennen l agoch.
智慧人的心傾向右,愚人的心偏向左。
3 Menm lè ensanse a mache nan lari li manke bon tèt. Li montre tout moun ke se moun fou li ye.
愚人連在走路時,也是無知,並稱眾人皆糊塗。
4 Si kòlè a wa a vin monte kont ou, pa abandone pozisyon ou; paske rete kalm ka evite gwo ofans.
若當權者向你生氣,你不可離棄崗位,因為心平氣和能避免大錯。
5 Gen yon mal mwen konn wè anba solèy la, tankou yon fot ki sòti nan sila k ap gouvène a——
我在太陽下見了一件不幸的事,似乎是出於掌權者的錯誤:
6 Foli plase nan anpil kote byen wo pandan rich yo chita kote ki ba.
愚人佔居高位,貴人屈居下位。
7 Mwen konn wè esklav ki monte sou cheval ak prens k ap mache atè tankou esklav.
我看見僕人騎馬,而王侯反像僕人一樣步行。
8 Sila ki fouye fè yon twou ka byen tonbe ladann, e yon sèpan ka mòde gèrye a ki kraze yon miray.
挖掘陷阱的必自陷其中,拆毀牆壁的必被蛇咬傷;
9 Sila ki taye wòch yo ka blese ladann, e sila ki fann gwo bout bwa a kapab an danje.
開鑿石頭的必為石壓傷,砍伐樹木的必遭遇危險。
10 Si rach la pa gen tay, e li pa file pwent li; alò, li va egzije plis fòs. Avantaj a sajès se reyisi!
鐵器鈍了,如不將刃磨快,必費許多氣力;成功是智慧的效能。
11 Si sèpan an mòde avan li vin chame, nanpwen pwofi.
行法術之前,就已被蛇咬傷,法術於行法術的人,就沒有好處。
12 Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt;
智者口中的語言,為人有益;愚人的口舌卻自招滅亡:
13 Kòmansman diskou ensanse a se foli, e fen diskou li se plen mechanste ak betiz.
他口中的語言,開始是愚昧,最後卻是殘忍的狂語。
14 Malgre tout sa, moun ensanse a ogmante pawòl li yo. Pèsòn pa konnen sa ki va rive, e kilès kab di li sa ki va rive apre li.
愚人只知多言:「將來的事怎樣,人不知道,人身後的事,有誰來告訴他﹖」
15 Zèv a moun ensanse a tèlman fatige l, ke li pa konnen kijan pou li rive nan vil la.
愚人以勞碌為煩惱,因為連怎樣進城,他也不知道。
16 Malè a ou menm, O peyi ki gen jenn ti gason kon wa; ak prens yo k ap fè fèt granmaten.
邦國,你的君王若是一個幼童,你的長官若清晨宴飲,你就有禍了!
17 Beni se ou menm, O peyi ki gen yon fis byen prepare kon wa a ak prens ki manje nan pwòp lè yo, pou bay fòs, e non pou fè banbòch vin sou.
邦國,你的君王若出身顯貴,你的長官若宴飲有時,只求養身,不為快樂,那你就有福了。
18 Akoz parès ak neglijans, twati a vin pann, e nan enpridans kay la vin koule.
屋頂坍塌,由於怠惰;房屋滴漏,由於手懶。
19 Yon gwo tab manje fèt pou yo rejwi yo, diven pou fè kè kontan; epi lajan se repons pou tout bagay.
設宴是為歡樂,酒可使生活愉快;錢能應付一切。
20 Anplis, nan chanm a kouche ou, pa bay wa a madichon; e nan chanm a kouche ou, pa bay yon moun rich madichon. Paske yon zwazo syèl la ka pote bri a, e sa ki gen zèl yo ka fè yo konnen bagay la.
在床塌上,不要詛咒君王;在臥室內,不要咒罵長官,因為空中的飛鳥能傳音,有翅翼的能傳話。

< Eklezyas 10 >