< Eklezyas 1 >

1 Pawòl predikatè a, fis a David la, Wa Jérusalem.
Слова Екклесиаста, сына Давидова, царя в Иерусалиме.
2 “Vanite sou vanite”, predikatè la di: “Vanite sou vanite! Tout se vanite.”
Суета сует, сказал Екклесиаст, суета сует, - все суета!
3 Ki avantaj yon nonm gen nan tout travay ke li fè anba solèy la?
Что пользы человеку от всех трудов его, которыми трудится он под солнцем?
4 Yon jenerasyon ale e yon jenerasyon vini; men tè a rete pou tout tan.
Род проходит, и род приходит, а земля пребывает во веки.
5 Anplis, solèy la leve e solèy la kouche; konsa li kouri al jwenn plas li pou li leve la ankò.
Восходит солнце, и заходит солнце, и спешит к месту своему, где оно восходит.
6 Van an soufle vè sid, vire kote nò e kontinye vire fè wonn li. Sou menm kous vire won an, li retounen ankò.
Идет ветер к югу, и переходит к северу, кружится, кружится на ходу своем, и возвращается ветер на круги свои.
7 Tout rivyè yo desann vè lanmè a; sepandan li pa vin plen. Nan plas kote rivyè yo koule a, se la yo koule ankò.
Все реки текут в море, но море не переполняется: к тому месту, откуда реки текут, они возвращаются, чтобы опять течь.
8 Tout bagay sa yo fatigan; lòm pa kapab menm eksplike sa. Zye pa satisfè ak wè, ni zòrèy ak tande.
Все вещи - в труде: не может человек пересказать всего; не насытится око зрением, не наполнится ухо слушанием.
9 Sa ki te ye, se sa ki va ye e sa ki te konn fèt, se sa k ap fèt. Konsa, nanpwen anyen ki nèf anba syèl la.
Что было, то и будет; и что делалось, то и будет делаться, и нет ничего нового под солнцем.
10 Èske gen yon bagay sou sila a nou ta kab di: “Men sa a nèf”? Deja, li te la depi syèk ki te ekoule avan nou yo.
Бывает нечто, о чем говорят: “смотри, вот это новое”; но это было уже в веках, бывших прежде нас.
11 Nanpwen memwa a ansyen bagay yo, ni anplis a sila k ap vini pita, pami sila ki vini apre yo.
Нет памяти о прежнем; да и о том, что будет, не останется памяти у тех, которые будут после.
12 Mwen menm, predikatè a, te sèvi kon wa sou Israël nan Jérusalem.
Я, Екклесиаст, был царем над Израилем в Иерусалиме;
13 Mwen te konsantre tout refleksyon mwen pou chache e egzamine sou sajès tout sa ki te konn fèt anba syèl la. Sa se yon gwo tach lou ke Bondye te bay fis a lòm yo pou l ta aflije yo.
И предал я сердце мое тому, чтобы исследовать и испытать мудростью все, что делается под небом: это тяжелое занятие дал Бог сынам человеческим, чтобы они упражнялись в нем.
14 Mwen te wè tout zèv ki te fèt anba solèy la e, men vwala, tout se vanite e chache kouri dèyè van.
Видел я все дела, какие делаются под солнцем, и вот, все - суета и томление духа!
15 Sa ki kwochi p ap ka drese e sa ki manke p ap ka konte.
Кривое не может сделаться прямым, и чего нет, того нельзя считать.
16 Mwen te di a pwòp tèt mwen: “Men gade, mwen te fè sajès vin grandi e ogmante plis pase tout lòt wa ki te sou Jérusalem avan mwen yo. Wi, panse mwen te obsève anpil richès ak sajès avèk konesans.”
Говорил я с сердцем моим так: вот, я возвеличился и приобрел мудрости больше всех, которые были прежде меня над Иерусалимом, и сердце мое видело много мудрости и знания.
17 Mwen te dirije panse mwen pou konnen sajès e pou konnen sa ki ensanse ak sa ki foli nèt. Konsa, mwen te vin wè ke sa osi se chache kouri dèyè van.
И предал я сердце мое тому, чтобы познать мудрость и познать безумие и глупость: узнал, что и это - томление духа;
18 Paske nan anpil sajès gen anpil tristès, e nan anpil konesans gen anpil doulè.
потому что во многой мудрости много печали; и кто умножает познания, умножает скорбь.

< Eklezyas 1 >