< Deteronòm 6 >

1 “Koulye a, sa se kòmandman an, lwa ak jijman ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande mwen pou enstwi nou, pou nou ta kapab fè nan peyi kote nou va travèse pou posede a,
Now this is the commandment, the statutes, and the ordinances, which the LORD your God commanded to teach you, that you might do them in the land where you go over to possess it;
2 pou nou menm avèk fis nou yo avèk pitit a fis nou yo kapab gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe tout règleman ak kòmandman Li yo, ke Mwen te kòmande nou, tout jou nan vi nou yo, e pou jou nou yo kapab pwolonje.
that you might fear the LORD your God, to keep all his statutes and his commandments, which I command you, you, and your son, and your son's son, all the days of your life; and that your days may be prolonged.
3 “O Israël, ou dwe koute e fè atansyon ak sa, pou sa kapab ale byen pou nou, e pou nou kapab miltipliye anpil, jis jan ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo te pwomèt nou an, nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.
Hear therefore, Israel, and observe to do it; that it may be well with you, and that you may increase mightily, as the LORD, the God of your fathers, has promised to you, in a land flowing with milk and honey.
4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn!
Hear, Israel: the LORD is our God, the LORD is one.
5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou.
And you shall love the LORD your God with all your heart, and with all your soul, and with all your might.
6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou.
These words, which I command you this day, shall be on your heart;
7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve.
and you shall teach them diligently to your children, and shall talk of them when you sit in your house, and when you walk by the way, and when you lie down, and when you rise up.
8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou.
You shall bind them for a sign on your hand, and they shall be for symbols between your eyes.
9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.
You shall write them on the door posts of your house, and on your gates.
10 “Alò, li va rive ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo, Abraham, Isaac, ak Jacob pou bannou, vil ki gran e ki vrèman bèl, ke nou pa t bati,
It shall be, when the LORD your God shall bring you into the land which he swore to your fathers, to Abraham, to Isaac, and to Jacob, to give you, great and goodly cities, which you did not build,
11 epi kay yo ki plen avèk bon bagay ke nou pa t ranpli, ak sitèn yo fouye ke nou pa t fouye, chan rezen ak chan doliv ke nou pa t plante, epi nou manje e satisfè;
and houses full of all good things, which you did not fill, and cisterns dug out, which you did not dig, vineyards and olive trees, which you did not plant, and you shall eat and be full;
12 alò, veye nou menm, pou nou pa bliye SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.
then beware lest you forget the LORD, who brought you forth out of the land of Egypt, out of the house of bondage.
13 “Nou va krent sèlman SENYÈ a, Bondye nou an; nou va adore Li e sèmante pa non li.
You shall fear the LORD your God; and you shall serve him only, and you shall cling to him, and take oaths by his name.
14 Nou p ap swiv lòt dye yo, okenn nan dye a pèp ki antoure nou yo,
You shall not go after other gods, of the gods of the peoples who are around you;
15 paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, se yon Dye jalou; otreman, kòlè Bondye nou an va limen kont nou, e Li va efase nou sou fas tè a.
for the LORD your God in the midst of you is a jealous God; lest the anger of the LORD your God be kindled against you, and he destroy you from off the face of the earth.
16 “Nou pa pou mete a leprèv SENYÈ a, Bondye nou an, jan nou te fè nan Massa a.
Do not test the LORD your God, as you tested him at Massah.
17 “Avèk dilijans, nou dwe kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, ak temwayaj avèk lwa Li yo, ke Li te kòmande nou.
You shall diligently keep the commandments of the LORD your God, and his testimonies, and his statutes, which he has commanded you.
18 “Nou va fè sa ki dwat e bon nan zye SENYÈ a, pou sa kapab ale byen pou nou e pou nou kapab antre e posede bon peyi ke SENYÈ a te sèmante pou bay a zansèt nou yo,
You shall do that which is right and good in the sight of the LORD; that it may be well with you, and that you may go in and possess the good land which the LORD swore to your fathers,
19 lè nou pouse mete deyò tout lènmi nou yo devan nou, jan SENYÈ a te pale a.
to thrust out all your enemies from before you, as the LORD has spoken.
20 “Lè fis nou mande nou nan tan k ap vini yo, pou di: ‘Kisa temwayaj, lwa ak jijman, ke SENYÈ a te kòmande nou yo vle di?’
When your son asks you in time to come, saying, "What do the testimonies, the statutes, and the ordinances, which the LORD our God has commanded you mean?"
21 Alò, nou va di a fis nou yo: ‘Nou te esklav a Farawon an Égypte, e SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte avèk yon men pwisan.
then you shall tell your son, "We were Pharaoh's bondservants in Egypt: and the LORD brought us out of Egypt with a mighty hand;
22 Anplis, SENYÈ a te montre gwo sign dezas ak mèvèy devan zye nou kont Égypte, Farawon, ak tout lakay li.
and the LORD showed great and awesome signs and wonders on Egypt, on Pharaoh, and on all his house, before our eyes;
23 Li te mennen nou sòti kote sa a pou mennen nou antre, pou bannou peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo.’
and he brought us out from there, that he might bring us in, to give us the land which he swore to our fathers.
24 “Pou sa, SENYÈ a te kòmande nou pou swiv tout lwa sa yo, pou krent SENYÈ a, Bondye nou an, pou pwòp avantaj pa nou, e pou nou kapab siviv, jan sa ye jis rive jodi a.
The LORD commanded us to do all these statutes, to fear the LORD our God, for our good always, that he might preserve us alive, as at this day.
25 Sa va sèvi kòm ladwati pou nou si nou fè atansyon pou swiv tout kòmandman sila yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, jis jan ke Li te kòmande nou an.
It shall be righteousness to us, if we observe to do all this commandment before the LORD our God, as he has commanded us."

< Deteronòm 6 >