< Deteronòm 34 >
1 Alò, Moïse te monte soti plèn Moab pou rive nan Mòn Nebo, jis rive nan pwent Pisga ki anfas Jéricho a. Epi SENYÈ a te montre li tout peyi Galaad la jis rive Dan,
모세가 모압 평지에서 느보 산에 올라 여리고 맞은편 비스가 산 꼭대기에 이르매 여호와께서 길르앗 온 땅을 단까지 보이시고
2 epi tout Nephtali avèk peyi Ephraïm ak Manassé ak tout peyi Juda jiska lanmè lwès la,
또 온 납달리와 에브라임과 므낫세의 땅과 서해까지의 유다 온 땅과
3 epi Negev avèk plèn nan vale a Jéricho, lavil pye palmis yo, jis rive Tsoar.
남방과 종려의 성읍 여리고 골짜기 평지를 소알까지 보이시고
4 Alò, SENYÈ a te di li: “Sa se peyi a ke Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen te di: ‘Mwen va bay li a desandan nou yo’. Mwen te kite ou wè li avèk zye ou, men ou p ap rive ale la.”
여호와께서 그에게 이르시되 이는 내가 아브라함과 이삭과 야곱에게 맹세하여 그 후손에게 주리라 한 땅이라 내가 네 눈으로 보게 하였거니와 너는 그리로 건너가지 못하리라 하시매
5 Konsa, Moïse, sèvitè Bondye a, te mouri la nan peyi Moab, selon pawòl a SENYÈ a.
이에 여호와의 종 모세가 여호와의 말씀대로 모압 땅에서 죽어
6 Li te antere li nan vale a nan peyi Moab, anfas Beth-Peor, men okenn moun pa konnen plas antèman li, jis jodi a.
벧브올 맞은편 모압 땅에 있는 골짜기에 장사되었고 오늘까지 그 묘를 아는 자 없으니라
7 Moïse te nan laj san-ventan lè li te mouri an. Zye li pa t fèb, ni fòs li pa t vin febli.
모세의 죽을 때 나이 일백이십 세나 그 눈이 흐리지 아니하였고 기력이 쇠하지 아니하였더라
8 Konsa, fis Israël yo te kriye pou Moïse nan plèn Moab yo pandan trant jou jis lè jou kriye avèk doulè pou Moïse te vin fini.
이스라엘 자손이 모압 평지에서 애곡하는 기한이 맞도록 모세를 위하여 삼십 일을 애곡하니라
9 Alò, Josué, fis a Nun nan, te ranpli avèk lespri sajès la, paske Moïse te poze men l sou li. Pou sa, fis Israël yo te koute li e te fè jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
모세가 눈의 아들 여호수아에게 안수하였으므로 그에게 지혜의 신이 충만하니 이스라엘 자손이 여호와께서 모세에게 명하신 대로 여호수아의 말을 순종하였더라
10 Depi nan tan sa a, okenn lòt pwofèt pa t vin leve an Israël tankou Moïse, ke SENYÈ a te konnen fasafas,
그 후에는 이스라엘에 모세와 같은 선지자가 일어나지 못하였나니 모세는 여호와께서 대면하여 아시던 자요
11 pou tout sign avèk mèvèy ke SENYÈ a te voye li fè nan peyi Égypte la kont Farawon, tout sèvitè li yo avèk tout teritwa li a,
여호와께서 그를 애굽 땅에 보내사 바로와 그 모든 신하와 그 온 땅에 모든 이적과 기사와
12 epi pou tout gran pouvwa ak tout gran laperèz ke Moïse te montre devan zye a tout Israël.
모든 큰 권능과 위엄을 행하게 하시매 온 이스라엘 목전에서 그것을 행한 자더라