< Deteronòm 33 >

1 Alò, sa se benediksyon yo avèk sila Moïse, nonm a Bondye a, li te beni fis Israël yo avan lanmò li.
וזאת הברכה אשר ברך משה איש האלהים--את בני ישראל לפני מותו
2 Li te di: “SENYÈ a te sòti nan Sinai, e te parèt sou yo soti nan Séir. Li te briye soti nan Mòn Paran. Li te sòti nan mitan di-milye yo ki te sen. Nan men dwat Li, te gen yon lalwa byen cho ki te pou yo.
ויאמר יהוה מסיני בא וזרח משעיר למו--הופיע מהר פארן ואתה מרבבת קדש מימינו אשדת (אש דת) למו
3 Anverite, Li renmen pèp la. Tout sen li yo nan men Ou. Sou pye Ou, yo tout pwostène. Yo te resevwa pawòl Ou yo.
אף חבב עמים כל קדשיו בידך והם תכו לרגלך ישא מדברתיך
4 Moïse te pase nou lòd avèk yon lwa, eritaj pou asanble Jacob la.
תורה צוה לנו משה מורשה קהלת יעקב
5 Epi Li te wa an Israël lè tèt a pèp la te rasanble tout tribi a Israël yo ansanm.
ויהי בישרון מלך בהתאסף ראשי עם יחד שבטי ישראל
6 Ke Ruben viv e pa mouri; ni ke moun li yo pa manke.”
יחי ראובן ואל ימת ויהי מתיו מספר
7 Sa se pou Juda: Li te di, “Tande O Israël vwa Juda, e mennen li vè pèp li. Avèk men li, li te lite pou kont li. Ou va bay li soutyen kont advèsè pa li.”
וזאת ליהודה ויאמר שמע יהוה קול יהודה ואל עמו תביאנו ידיו רב לו ועזר מצריו תהיה
8 A Lévi, li di: Thumim nan avèk Urim nan apatyen a sèvitè fidèl Ou, ou te pase li a leprèv nan Massa, avèk sila ou te goumen nan dlo Meriba yo.
וללוי אמר תמיך ואוריך לאיש חסידך אשר נסיתו במסה תריבהו על מי מריבה
9 Li te di de papa l avèk manman l: “Mwen pa t wè li.” Li pa t rekonèt pwòp frè pa li, ni fis li yo pwiske yo te swiv pawòl Ou e te kenbe akò Ou.
האמר לאביו ולאמו לא ראיתיו ואת אחיו לא הכיר ואת בנו לא ידע כי שמרו אמרתך ובריתך ינצרו
10 Yo va enstwi òdonans Ou yo a Jacob, e lwa Ou a Israël. Yo va mete lansan devan Ou, ak ofrann brile an gwo sou lotèl Ou.
יורו משפטיך ליעקב ותורתך לישראל ישימו קטורה באפך וכליל על מזבחך
11 O SENYÈ, beni abilite li yo, e beni zèv men li yo. Kase ren a sila ki leve kont li yo, e sila ki rayi li kòmsi pou yo pa leve ankò.
ברך יהוה חילו ופעל ידיו תרצה מחץ מתנים קמיו ומשנאיו מן יקומון
12 A Benjamin, li te di: “Ke byeneme SENYÈ a ta rete ansekirite ak Li, paske Li pwoteje li tout lajounen. Sila SENYÈ a renmen an rete antre zepòl Li.”
לבנימן אמר--ידיד יהוה ישכן לבטח עליו חפף עליו כל היום ובין כתפיו שכן
13 A Joseph, li te di: “Peyi li se beni pa SENYÈ a ak lawouze presye ki soti nan syèl la, e avèk dlo pwofon ki anba,
וליוסף אמר מברכת יהוה ארצו ממגד שמים מטל ומתהום רבצת תחת
14 pou meyè chwa a solèy la, ak meyè pwodwi lalin nan,
וממגד תבואת שמש וממגד גרש ירחים
15 pou pi bèl bagay a mòn ansyen yo, pou pi bèl bagay nan kolin yo kap dire nèt,
ומראש הררי קדם וממגד גבעות עולם
16 pou pi bèl bagay tè yo ak tout sa ki ladan l, ak favè a Sila ki te demere nan touf bwa brile a. Men kite sa vin parèt sou tèt Joseph la, sou kouwòn a sila ki pi elve pami frè li yo.
וממגד ארץ ומלאה ורצון שכני סנה תבואתה לראש יוסף ולקדקד נזיר אחיו
17 Tankou premye ne a bèf li, lonè pou li. Kòn li yo se kòn a bèf mawon. Avèk yo, li va bourade pèp yo, jis a sila a ki nan pwent latè yo. Sila yo se di-mil a Ephraïm yo. Yo se milye yo a Manassé.”
בכור שורו הדר לו וקרני ראם קרניו--בהם עמים ינגח יחדו אפסי ארץ והם רבבות אפרים והם אלפי מנשה
18 De Zabulon, li te di: “Rejwi, Zabulon lè nou soti, ak Issacar nan tant nou yo.
ולזבולן אמר שמח זבולן בצאתך ויששכר באהליך
19 Yo va rele nasyon yo vini nan mòn la. La, yo va ofri sakrifis ladwati, paske yo va rale abondans lanmè ak trezò ki kache nan sab yo.”
עמים הר יקראו--שם יזבחו זבחי צדק כי שפע ימים יינקו ושפני טמוני חול
20 De Gad, li te di: “Beni se sila ki fè Gad vin pi gwo; li kouche ba tankou yon manman lyon, pou l dechire bra a oswa tèt la.
ולגד אמר ברוך מרחיב גד כלביא שכן וטרף זרוע אף קדקד
21 Premye pati li fè pou kont li, paske pou li, pòsyon gran chèf lalwa a te rezève. Epi li te vini avèk chèf a pèp yo. Li te egzekite jistis a SENYÈ, òdonans Li yo avèk Israël.”
וירא ראשית לו כי שם חלקת מחקק ספון ויתא ראשי עם--צדקת יהוה עשה ומשפטיו עם ישראל
22 De Dan, li te di: “Dan se pòtre a yon lyon ki vòltije sòti nan Basan.”
ולדן אמר דן גור אריה יזנק מן הבשן
23 De Nephtali, li te di: “O Nephtali, satisfè avèk favè, ranpli avèk benediksyon SENYÈ a, Kon eritaj, vin pran pati lwes la, ak sid la.”
ולנפתלי אמר--נפתלי שבע רצון ומלא ברכת יהוה ים ודרום ירשה
24 De Aser, li te di: “Pi beni pase fis yo se Aser. Ke li kapab beni pa frè li yo. Ke pye li kapab vin fonse nan lwil.
ולאשר אמר ברוך מבנים אשר יהי רצוי אחיו וטבל בשמן רגלו
25 Très cheve ou yo va tankou fè avèk bwonz. Selon kantite jou ou yo, konsa, ou va gen fòs.
ברזל ונחשת מנעלך וכימיך דבאך
26 Nanpwen lòt ki tankou Bondye Israël la, ki monte sou syèl yo pou rive ede nou, e ki travèse syèl yo nan majeste Li.
אין כאל ישרון רכב שמים בעזרך ובגאותו שחקים
27 Bondye etènèl la se kote pou nou kache. Pa anba, se bwa Li ki la pou tout tan. Li te chase lènmi an devan nou; Li te di: ‘Detwi!’
מענה אלהי קדם ומתחת זרעת עולם ויגרש מפניך אויב ויאמר השמד
28 Konsa, Israël viv ansekirite, sous Jacob ki mete apa a, nan yon peyi sereyal avèk diven nèf. Wi, syèl Li yo vin degoute lawouze a.
וישכן ישראל בטח בדד עין יעקב אל ארץ דגן ותירוש אף שמיו יערפו טל
29 Beni ou ye, O Israël! Kilès ki sanble avèk ou, yon pèp delivre pa SENYÈ a, ki se pwotèj k ap ba ou sekou a ki se nepe a majeste ou? Konsa, lènmi ou yo va vin kraponnen devan ou, e ou va foule wo plas yo.”
אשריך ישראל מי כמוך עם נושע ביהוה מגן עזרך ואשר חרב גאותך ויכחשו איביך לך ואתה על במותימו תדרך

< Deteronòm 33 >