< Deteronòm 32 >

1 “Prete zòrèy nou, O syèl yo; kite mwen pale. Kite tè a tande pawòl a bouch mwen yo.
诸天哪,侧耳,我要说话; 愿地也听我口中的言语。
2 Kite enstriksyon mwen yo tonbe tankou lapli, pawòl mwen yo poze tankou lawouze, tankou ti gout sou zèb fre, ak lapli k ap farinen sou zèb.
我的教训要淋漓如雨; 我的言语要滴落如露, 如细雨降在嫩草上, 如甘霖降在菜蔬中。
3 Paske mwen pwoklame non a SENYÈ a. Bay glwa a Bondye nou an!
我要宣告耶和华的名; 你们要将大德归与我们的 神。
4 Wòch la! Zèv Li yo pafè, paske tout chemen li yo jis. Yon Bondye fidèl e san enjistis, dwat e jis ke Li ye.
他是磐石,他的作为完全; 他所行的无不公平, 是诚实无伪的 神, 又公义,又正直。
5 Yo te fè zak konwonpi anvè Li. Yo pa pitit li akoz defo yo. Yon jenerasyon pèvèti e kwochi,
这乖僻弯曲的世代向他行事邪僻; 有这弊病就不是他的儿女。
6 se konsa nou rekonpanse SENYÈ a, O pèp ki san konprann e ki san sajès? Èske se pa Papa nou, Kreyatè nou an, ki te fè nou e ki te fòme nou?
愚昧无知的民哪,你们这样报答耶和华吗? 他岂不是你的父、将你买来的吗? 他是制造你、建立你的。
7 Sonje jou tan pase yo, konsidere lane a tout jenerasyon yo. Mande papa nou e li va fè nou konnen, ansyen nou yo e yo va di nou.
你当追想上古之日, 思念历代之年; 问你的父亲,他必指示你; 问你的长者,他必告诉你。
8 Lè Pi Wo a te bay nasyon yo eritaj yo, lè Li te separe fis a lòm yo, Li te etabli lizyè a tout pèp la Selon kantite a fis Israël yo.
至高者将地业赐给列邦,将世人分开, 就照以色列人的数目立定万民的疆界。
9 Paske pòsyon SENYÈ a se pèp Li a. Jacob se don eritaj Li a.
耶和华的分本是他的百姓; 他的产业本是雅各。
10 Li te twouve li nan yon peyi dezè, nan savann dezole kote van soufle a. Li te antoure li, Li te pran swen li, Li te pwoteje li tankou de zye nan tèt Li.
耶和华遇见他在旷野— 荒凉野兽吼叫之地, 就环绕他,看顾他, 保护他,如同保护眼中的瞳人。
11 Tankou yon èg ki anvayi nich li, ki pann sou jenn pitit li yo, Li te ouvri zèl li yo pou te kenbe yo. Li te pote yo anwo plim li.
又如鹰搅动巢窝, 在雏鹰以上两翅搧展, 接取雏鹰,背在两翼之上。
12 SENYÈ a sèl te gide li. Li pa t gen dye etranje ki te avè l.
这样,耶和华独自引导他, 并无外邦神与他同在。
13 Li te fè li monte sou wo plas tè yo. Yo te manje pwodwi a chan yo. Li te fè li souse siwo myèl nan wòch la, ak lwil nan wòch ki te di:
耶和华使他乘驾地的高处, 得吃田间的土产; 又使他从磐石中咂蜜, 从坚石中吸油;
14 Bòl lèt a bèf yo ak lèt bann kabrit yo, avèk grès jenn ti mouton yo, Belye a ras Basan yo ak kabrit, Avèk ble ki pi fen yo. Nou te bwè san rezen an, diven an menm nou te bwe.
也吃牛的奶油, 羊的奶,羊羔的脂油, 巴珊所出的公绵羊和山羊, 与上好的麦子, 也喝葡萄汁酿的酒。
15 Men Israël te vin gra e te voye pye. Ou vin gra, gwo e swa. Li te abandone Bondye ki te fè l la, e li te meprize Wòch a delivrans li an.
但耶书 渐渐肥胖,粗壮, 光润,踢跳,奔跑, 便离弃造他的 神, 轻看救他的磐石;
16 Yo te fè Li vin jalou avèk dye etranje yo. Avèk bagay abominab, yo te pwovoke Li a lakòlè.
敬拜别神,触动 神的愤恨, 行可憎恶的事,惹了他的怒气。
17 Yo te fè sakrifis a dyab ki pa t Bondye yo, a dye ke yo pa t janm konnen, dye nèf ki fenk parèt, ke zansèt nou yo pa t janm bay lakrent.
所祭祀的鬼魔并非真神, 乃是素不认识的神, 是近来新兴的, 是你列祖所不畏惧的。
18 Nou te neglije Wòch ki te fè nou an, e nou te bliye Bondye ki te bannou nesans lan.
你轻忽生你的磐石, 忘记产你的 神。
19 SENYÈ a te wè sa e te meprize yo akoz pwovokasyon fis ak fi Li yo.
耶和华看见他的儿女惹动他, 就厌恶他们,说:
20 “Alò, Li te di: ‘Mwen va kache figi Mwen sou yo. Mwen va wè kijan yo fini; Paske yo se yon jenerasyon pèvès, fis ki pa fidèl.
我要向他们掩面, 看他们的结局如何。 他们本是极乖僻的族类, 心中无诚实的儿女。
21 ‘Yo te fè m jalou avèk sa ki pa Bondye yo. Yo te pwovoke Mwen a lakòlè avèk zidòl yo. Konsa tou, Mwen va fè yo jalou avèk sa ki pa yon pèp yo. Mwen va pwovoke yo a lakòlè avèk yon nasyon ki san konprann.
他们以那“不算为神”的触动我的愤恨, 以虚无的神惹了我的怒气。 我也要以那“不成子民”的触动他们的愤恨, 以愚昧的国民惹了他们的怒气。
22 Paske yon dife vin limen nan chalè Mwen, ki brile jis rive nan pati pi fon nan sejou lanmò yo. Li manje latè a avèk tout don li yo, e limen dife a nan fondasyon mòn yo. (Sheol h7585)
因为在我怒中有火烧起, 直烧到极深的阴间, 把地和地的出产尽都焚烧, 山的根基也烧着了。 (Sheol h7585)
23 Mwen va ogmante gwo pil malè sou yo. Mwen va depanse flèch Mwen sou yo.
我要将祸患堆在他们身上, 把我的箭向他们射尽。
24 Mwen va epwize yo ak gwo grangou, e manje yo ak chalè ki brile, e avèk destriksyon anmè. Mwen va voye pami yo bèt voras, avèk pwazon a bèt ki trennen sou vant.
他们必因饥饿消瘦, 被炎热苦毒吞灭。 我要打发野兽用牙齿咬他们, 并土中腹行的,用毒气害他们。
25 Pa deyò, se nepe ki va rache lavi yo, epi pa anndan, gwo laperèz, ni sou jennonm ni vyèj la, tibebe a avèk granmoun cheve blanch lan.
外头有刀剑,内室有惊恐, 使人丧亡,使少男、童女、 吃奶的、白发的,尽都灭绝。
26 Mwen te prèt pou di: “M ap koupe yo an mòso, M ap rache memwa yo soti de lòm,
我说,我必将他们分散远方, 使他们的名号从人间除灭。
27 si M pa t krent ke li t ap pwovoke lènmi an, ke lènmi pa yo ta mal jije pou yo ta di: “Se men nou ki gen viktwa a. Se pa t vrèman SENYÈ a ki fè tout sa.”’
惟恐仇敌惹动我, 只怕敌人错看,说:是我们手的能力, 并非耶和华所行的。
28 Paske yo se yon nasyon ki manke bon konsèy. Yo san konprann.
因为以色列民毫无计谋, 心中没有聪明。
29 Pito ke yo te saj, ke yo te konprann sa, ke yo te konprann avni yo!
惟愿他们有智慧, 能明白这事,肯思念他们的结局。
30 Kijan yon moun ta kapab chase yon milye, pou de sèl grenn fè di mil sove ale, sof ke Wòch pa yo a te vann yo, sof ke SENYÈ a te livre yo bay.
若不是他们的磐石卖了他们, 若不是耶和华交出他们, 一人焉能追赶他们千人? 二人焉能使万人逃跑呢?
31 Anverite, wòch pa yo a pa tankou Wòch nou an. Menm lènmi nou yo kapab jije sa.
据我们的仇敌自己断定, 他们的磐石不如我们的磐石。
32 Paske rezen pa yo sòti nan rezen Sodome, ak chan yo nan Gomorrhe. Rezen pa yo se rezen pwazon. Grap yo anmè.
他们的葡萄树是所多玛的葡萄树, 蛾摩拉田园所生的; 他们的葡萄是毒葡萄, 全挂都是苦的。
33 Diven pa yo se pwazon vipè, pwazon mòtèl koulèv kobra.
他们的酒是大蛇的毒气, 是虺蛇残害的恶毒。
34 Èske M pa mete sa nan depo, byen sele nan trezò Mwen?
这不都是积蓄在我这里, 封锁在我府库中吗?
35 “‘Vanjans se pou Mwen, avèk revandikasyon, nan lè pye yo va glise, Paske jou malè a yo toupre, E rekonpans yo ap kouri vit sou yo.’
他们失脚的时候,伸冤报应在我; 因他们遭灾的日子近了; 那要临在他们身上的必速速来到。
36 Paske SENYÈ a va jije pèp Li a. Li va fè mizerikòd sou sèvitè Li yo, lè Li wè fòs yo fin disparèt, ke pèsòn pa rete, ni esklav, ni lib.
耶和华见他百姓毫无能力, 无论困住的、自由的都没有剩下, 就必为他们伸冤, 为他的仆人后悔。
37 Li va di: ‘Kote dye yo ye? Wòch kote yo te pran refij la?
他必说:他们的神, 他们所投靠的磐石,
38 Sila ki te manje grès a sakrifis pa yo a, e ki te bwè diven a bwason pa yo a? Kite yo vin bannou sekou! Kite yo fè kote pou nou kache!
就是向来吃他们祭牲的脂油, 喝他们奠祭之酒的,在哪里呢? 他可以兴起帮助你们, 护卫你们。
39 Vin wè ke Mwen menm se Li. Nanpwen dye sof ke Mwen. Se Mwen ki mete a lanmò, e se Mwen ki bay lavi. Se Mwen ki te fè blese e se Mwen ki fè gerizon. Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.
你们如今要知道: 我,惟有我是 神; 在我以外并无别神。 我使人死,我使人活; 我损伤,我也医治, 并无人能从我手中救出来。
40 Anverite, Mwen leve men M vè syèl la E Mwen di: Menm jan ke Mwen viv pou tout tan an,
我向天举手说: 我凭我的永生起誓:
41 si Mwen file nepe briyan Mwen an, se men M ki kenbe lajistis. Mwen va rann vanjans sou advèsè Mwen yo, epi Mwen va rekonpanse sila ki rayi Mwen yo.
我若磨我闪亮的刀, 手掌审判之权, 就必报复我的敌人, 报应恨我的人。
42 M ap fè flèch Mwen yo vin sou ak san, e nepe Mwen va devore chè avèk san a mò yo ak kaptif yo, k ap sòti nan chèf a lènmi yo.’
我要使我的箭饮血饮醉, 就是被杀被掳之人的血。 我的刀要吃肉, 乃是仇敌中首领之头的肉。
43 Rejwi, O nasyon avèk pèp pa Li a, paske L ap fè vanjans san a sèvitè Li yo. Li va rann vanjans sou advèsè Li yo, e fè ekspiyasyon pou peyi Li avèk pèp Li a.”
你们外邦人当与主的百姓一同欢呼; 因他要伸他仆人流血的冤, 报应他的敌人, 洁净他的地,救赎他的百姓。
44 Alò, Moïse te vin pale tout pawòl a chan sila nan zòrèy a pèp la, li menm avèk Josué, fis a Nun nan.
摩西和嫩的儿子约书亚去将这歌的一切话说给百姓听。
45 Lè Moïse te fin pale tout pawòl sila yo a tout Israël,
摩西向以色列众人说完了这一切的话,
46 li te di yo: “Pran a kè nou tout pawòl avèk sila mwen avèti nou jodi a, ke nou va kòmande fis nou yo pou swiv avèk atansyon, tout pawòl a lalwa sila yo.
又说:“我今日所警教你们的,你们都要放在心上;要吩咐你们的子孙谨守遵行这律法上的话。
47 Paske se pa yon bagay pa aza ke yo ye pou nou. Anverite, se lavi nou yo ye. Pa pawòl sila yo, nou va pwolonje vi nou nan tè ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a.
因为这不是虚空、与你们无关的事,乃是你们的生命;在你们过约旦河要得为业的地上必因这事日子得以长久。”
48 SENYÈ a te pale avèk Moïse nan menm jou sa a. Li te di:
当日,耶和华吩咐摩西说:
49 “Monte sou mòn sila nan Abarim nan, Mòn Nebo, ki nan peyi Moab, anfas Jéricho, e gade sou peyi a Canaan an ke Mwen ap bay a fis Israël yo kòm posesyon an.
“你上这亚巴琳山中的尼波山去,在摩押地与耶利哥相对,观看我所要赐给以色列人为业的迦南地。
50 Epi mouri sou mòn nan kote ou monte a pou vin ranmase a zansèt ou yo, jan Aaron te fè sou Mòn Hor a, e te vin ranmase pa pèp li a;
你必死在你所登的山上,归你列祖去,像你哥哥亚伦死在何珥山上,归他的列祖一样。
51 akoz ou te peche kont Mwen nan mitan fis Israël yo nan dlo a Meriba-Kadès yo, nan dezè Tsin nan; akoz ou pa t trete Mwen tankou sen nan mitan fis Israël yo.
因为你们在寻的旷野,加低斯的米利巴水,在以色列人中没有尊我为圣,得罪了我。
52 Donk, ou va wè peyi a yon distans, men ou p ap ale la, nan peyi ke Mwen ap bay fis Israël yo.”
我所赐给以色列人的地,你可以远远地观看,却不得进去。”

< Deteronòm 32 >