< Deteronòm 30 >
1 “Konsa li va ye lè tout bagay sa yo fin vini sou nou, benediksyon an avèk madichon an ke mwen te mete devan nou pou nou sonje yo nan tout nasyon kote SENYÈ a va egzile nou yo,
“我所陈明在你面前的这一切咒诅都临到你身上;你在耶和华—你 神追赶你到的万国中必心里追念祝福的话;
2 epi ou retounen kote SENYÈ Bondye ou, pou obeyi vwa Li ak tout ke e tout nanm ou, selon tout sa ke M kòmande ou jodi a, ou menm anplis ak fis ou yo.
你和你的子孙若尽心尽性归向耶和华—你的 神,照着我今日一切所吩咐的听从他的话;
3 Konsa SENYÈ a, Bondye nou an, va restore nou apre kaptivite sila a e Li va vin gen konpasyon sou nou. Li va ranmase nou ankò sòti nan tout pèp kote SENYÈ a, Bondye nou an, te gaye nou yo.
那时,耶和华—你的 神必怜恤你,救回你这被掳的子民;耶和华—你的 神要回转过来,从分散你到的万民中将你招聚回来。
4 Si moun egzil sa yo nan lòt pwent tè a, soti la, SENYÈ a, Bondye nou an, va ranmase nou. Epi soti la, Li va mennen nou tounen.
你被赶散的人,就是在天涯的,耶和华—你的 神也必从那里将你招聚回来。
5 SENYÈ a, Bondye nou an, va mennen nou antre nan peyi ke zansèt nou yo te posede a. Nou va posede li, epi Li va fè nou pwospere e vin miltipliye plis ke zansèt nou yo.
耶和华—你的 神必领你进入你列祖所得的地,使你可以得着;又必善待你,使你的人数比你列祖众多。
6 Anplis, SENYÈ a, Bondye nou an, va sikonsi kè nou ak kè desandan nou yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, pou nou kapab viv.
耶和华—你 神必将你心里和你后裔心里的污秽除掉,好叫你尽心尽性爱耶和华—你的 神,使你可以存活。
7 SENYÈ a, Bondye nou an, va aflije lènmi nou yo avèk tout madichon sa yo ansanm ak sila ki rayi nou yo, ki te pèsekite nou yo.
耶和华—你的 神必将这一切咒诅加在你仇敌和恨恶你、逼迫你的人身上。
8 Konsa, nou va ankò obeyi SENYÈ a e obsève tout kòmandman li yo ke Mwen te kòmande nou jodi a.
你必归回,听从耶和华的话,遵行他的一切诫命,就是我今日所吩咐你的。
9 Epi SENYÈ a, Bondye nou an, va fè nou vin pwospere anpil nan travay men nou, nan fwi zantray nou yo, nan pòtre a bèt nou yo ak nan pwodwi ki sòti nan tè yo; paske SENYÈ a va ankò rejwi de nou pou bonte nou, jis jan ke Li te rejwi de zansèt nou yo,
你若听从耶和华—你 神的话,谨守这律法书上所写的诫命律例,又尽心尽性归向耶和华—你的 神,他必使你手里所办的一切事,并你身所生的,牲畜所下的,地土所产的,都绰绰有余;因为耶和华必再喜悦你,降福与你,像从前喜悦你列祖一样。
10 si nou obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe kòmandman Li yo ak lwa Li yo ki ekri nan liv lalwa sila a, si nou vire vè SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè ak nanm nou.
11 “Paske kòmandman sila ke mwen bannou jodi a pa twò difisil pou nou, ni li pa twò wo pou nou pa rive kote l.
“我今日所吩咐你的诫命不是你难行的,也不是离你远的;
12 Li pa nan syèl la, pou nou ta di: ‘Kilès ki va monte nan syèl la pou pran li pou nou e fè nou tande li, pou nou kapab swiv li?’
不是在天上,使你说:‘谁替我们上天取下来,使我们听见可以遵行呢?’
13 Ni li pa lòtbò lanmè a, pou nou ta di: ‘Kilès k ap travèse lanmè a, pou pran li pou nou e fè nou tande li, pou nou kapab swiv li.’
也不是在海外,使你说:‘谁替我们过海取了来,使我们听见可以遵行呢?’
14 Men pawòl la toupre nou, nan bouch nou ak nan kè nou, pou nou kapab swiv li.
这话却离你甚近,就在你口中,在你心里,使你可以遵行。
15 Nou wè, jodi a Mwen te mete devan nou lavi avèk abondans, oswa lanmò avèk tout sa ki pa bon.
“看哪,我今日将生与福,死与祸,陈明在你面前。
16 Nan tout sa mwen kòmande nou jodi a pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo, epi pou kenbe kòmandman Li yo avèk lwa Li yo ak jijman Li yo, pou nou kapab viv e miltipliye, e pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan peyi kote nou ap antre pou posede a.
吩咐你爱耶和华—你的 神,遵行他的道,谨守他的诫命、律例、典章,使你可以存活,人数增多,耶和华—你 神就必在你所要进去得为业的地上赐福与你。
17 Men si kè nou detounen e nou refize obeyi, men nou mennen akote pou adore lòt dye yo e sèvi yo,
倘若你心里偏离,不肯听从,却被勾引去敬拜事奉别神,
18 Mwen deklare a nou jodi a ke nou va vrèman peri. Nou p ap pwolonje jou nou yo nan peyi kote nou ap travèse Jourdain an pou antre posede a.
我今日明明告诉你们,你们必要灭亡;在你过约旦河、进去得为业的地上,你的日子必不长久。
19 Mwen rele syèl la avèk tè a pou fè temwayaj kont nou jodi a, ke mwen te mete devan nou lavi avèk lanmò, benediksyon avèk malediksyon. Pou sa, chwazi lavi pou nou kapab viv, nou menm avèk desandan nou yo,
我今日呼天唤地向你作见证;我将生死祸福陈明在你面前,所以你要拣选生命,使你和你的后裔都得存活;
20 nan renmen SENYÈ a, Bondye nou an ak nan obeyisans a vwa Li ak nan kenbe fèm a Li. Paske sa se lavi nou ak pwolongasyon a jou nou yo, pou nou kapab viv nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo; a Abraham, Isaac e a Jacob, pou bay yo a.”
且爱耶和华—你的 神,听从他的话,专靠他;因为他是你的生命,你的日子长久也在乎他。这样,你就可以在耶和华向你列祖亚伯拉罕、以撒、雅各起誓应许所赐的地上居住。”