< Deteronòm 3 >

1 “Alò, nou te vire monte nan wout la vè Basan. Konsa, Og, wa a Basan an avèk tout pèp li a te sòti pou rankontre nou nan batay nan Édréï.
우리가 돌이켜 바산으로 올라가매 바산 왕 옥이 그 모든 백성을 거느리고 나와서 우리를 대적하여 에드레이에서 싸우는지라
2 Men SENYÈ a te di mwen: ‘Pa pè li, paske Mwen te livre li avèk tout pèp li a, ak peyi li a nan men ou; epi ou va fè li menm jan ke ou te fè Sihon, wa Amoreyen yo, ki te rete Hesbon an.’
여호와께서 내게 이르시되 그를 두려워 말라! 내가 그와 그 모든 백성과 그 땅을 네 손에 붙였으니 네가 헤스본에 거하던 아모리 족속의 왕 시혼에게 행한 것과 같이 그에게 행할 것이니라 하시고
3 “Konsa SENYÈ a, Bondye nou an, te livre osi Og, wa Basan an, avèk tout pèp li a nan men nou e nou te frape yo jis nanpwen ki te rete vivan.
우리 하나님 여호와께서 바산 왕 옥과 그 모든 백성을 우리 손에 붙이시매 우리가 그들을 쳐서 한 사람도 남기지 아니하였느니라
4 Nou te pran an kaptif tout vil li yo nan tan sa a; nanpwen vil ke nou pa t pran sou yo: swasant vil, tout rejyon Argob la, wayòm a Og la, nan Basan.
그 때에 우리가 그들에게서 빼앗지 아니한 성읍이 하나도 없이 다 빼앗았는데 그 성읍이 육십이니 곧 아르곱 온 지방이요 바산에 있는 옥의 나라이라
5 Tout vil sa yo te fòtifye avèk miray ki wo, avèk pòtay byen bare; epi osi, anpil vil ki te san miray.
그 모든 성읍에 높은 성벽이 둘려 있고 문과 빗장이 있어 견고하며 그 외에 성벽 없는 고을이 심히 많았느니라
6 Nou te konplètman detwi yo, jis jan ke nou te fè a Sihon, wa Hesbon an, e nou te konplètman detwi gason, fanm ak pitit a chak vil yo.
우리가 헤스본 왕 시혼에게 행한 것과 같이 그 성읍들을 진멸하되 각 성읍의 남녀와 유아를 진멸하였으나
7 Men nou te piyaje tout bèt ak byen a vil yo.
오직 모든 육축과 그 성읍들에서 탈취한 것은 우리의 소유로 삼았으며
8 “Konsa, nou te pran peyi a nan tan sa a nan men wa Amoreyen yo ki te lòtbò Jourdain an, soti nan vale Arnon an jis rive nan Mòn Hermon an.
그 때에 우리가 요단강 이편 땅을 아르논 골짜기에서부터 헤르몬 산에까지 아모리 족속의 두 왕에게서 취하였으니
9 (Sidonyen yo rele Hermon Sirion e Armoreyen yo rele li, Senir.)
(헤르몬 산을 시돈 사람은 [시룐]이라 칭하고 아모리 족속은 [스닐]이라 칭하였느니라)
10 Nou te pran tout vil nan platon yo, tout Galaad ak tout Basan jis rive nan Salca ak Édréï, vil a wayòm Og yo, nan Basan.
우리의 취한 것은 평원의 모든 성읍과 길르앗 온 땅과 바산의 온 땅 곧 옥의 나라 바산의 성읍 살르가와 에드레이까지니라
11 (Paske se sèl Og, wa Basan an ki te rete kòm retay a Rephaïm yo. Gade byen, kabann li te fèt an fè. Èske li pa nan Rabbath, vil a fis Ammon yo? Longè li se te nèf koude e lajè li se te kat koude nan koude a yon moun.)”
(르바임 족속의 남은 자는 바산 왕 옥 뿐이었으며 그의 침상은 철 침상이라 지금 오히려 암몬 족속의 랍바에 있지 아니하냐? 그것을 사람의 보통 규빗으로 재면 그 장이 아홉 규빗이요, 광이 네 규빗이니라)
12 “Konsa, nou te vin pran posesyon a peyi sila nan tan sa a. Soti nan Aroër, ki bò kote vale Arnon an, ak mwatye peyi ti mòn a Galaad yo, avèk vil pa li yo, mwen te bay yo a Ribenit yo e a Gadit yo.
그 때에 우리가 이 땅을 얻으매 아르논 골짜기 곁에 아로엘에서부터 길르앗 산지 절반과 그 성읍들을 내가 르우벤 자손과 갓 자손에게 주었고
13 Rès pati a Galaad la ak tout Basan an, wayòm Og la, mwen te bay a mwatye tribi Manassé a, tout rejyon a Argob la (pa tout Basan, se li yo rele peyi a Rephaïm yo.
길르앗의 남은 땅과 옥의 나라이었던 아르곱 온 지방 곧 온 바산으로는 내가 므낫세 반 지파에게 주었노라 (바산을 옛적에는 [르바임]의 땅이라 칭하더니
14 Jaïr, fis a Manassé a te pran tout rejyon Argob la jis rive nan lizyè Gechiyen yo ak Maakatyen yo, e yo te rele li Basan, selon pwòp non pa li, Havvoth-Jaïr, e se konsa li rele jis jodi a.)
므낫세의 아들 야일이 그술 족속과, 마아갓 족속의 경계까지의 아르곱 온 지방을 취하고 자기의 이름으로 이 바산을 [하봇야일]이라 칭하여 오늘까지 이르느니라)
15 A Makir, mwen te bay Galaad.
내가 마길에게 길르앗을 주었고
16 A Ribenit yo avèk Gadit yo, mwen te bay soti Galaad pou rive jis nan vale Arnon, mitan vale a sèvi kòm yon lizyè e jis nan rivyè Jabbok la, ki se fwontyè a fis Ammon yo;
르우벤 자손과, 갓 자손에게는 길르앗에서부터 아르논 골짜기까지 주었으되 그 골짜기의 중앙으로 지경을 정하였으니 곧 암몬 자손의 지경 얍복강까지며
17 Araba a osi, avèk rivyè Jourdain an kòm yon lizyè soti Kinnéreth jis rive nan lanmè Araba a, Lamè Sale a, nan pye a mòn Pisga nan lès.
또는 아라바와 요단과 그 가요 긴네렛에서 아라바 바다 곧 염해와 비스가 산록에 이르기까지의 동편 지경이니라
18 “Epi mwen te kòmande nou nan tan sa a e te di: ‘SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou peyi sa a pou posede li. Nou tout, mesye vanyan yo, nou va travèse avèk zam devan frè nou yo, fis Israël yo.
그 때에 내가 이 땅을 받은 너희에게 명하여 이르기를 너희의 하나님 여호와께서 이 땅을 너희에게 주어 기업이 되게 하셨은즉 너희 군인들은 무장하고 너희의 형제 이스라엘 자손의 선봉이 되어 건너가되
19 Men madanm nou yo avèk pitit nou yo ak bèt nou yo (mwen konnen ke nou genyen anpil bèt) va rete nan vil ke mwen te bannou yo,’
너희에게 육축이 많은 줄 내가 아노니 너희의 처자와 육축은 내가 너희에게 준 성읍에 머무르라
20 jis SENYÈ a bay repo a sitwayen parèy a nou an, jis tankou nou; epi yo, osi, vin posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, va bay yo lòtbò Jourdain an. Nan moman sa a, nou tout kapab retounen nan pwòp posesyon pa l ke mwen te bannou an’.
여호와께서 너희에게 주신 것 같이 너희 형제에게 안식을 주시리니 그들도 요단 저편에서 너희 하나님 여호와의 주시는 땅을 얻어 기업을 삼기에 이르거든 너희는 각기 내가 준 기업으로 돌아 갈 것이니라 하고
21 “Mwen te kòmande Josué e te di: ‘Zye ou gen tan fin wè tout sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè a dè wa sa yo. Konsa, SENYÈ a va fè nan tout wayòm kote ou prèt pou travèse yo.
그 때에 내가 여호수아에게 명하여 이르기를 너희 하나님 여호와께서 이 두 왕에게 행하신 모든 일을 네가 목도하였거니와 네가 가는 모든 나라에도 여호와께서 이와 같이 행하시리니
22 Pa pè yo; paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li menm k ap goumen pou nou.’
너희는 그들을 두려워하지 말라! 너희 하나님 여호와 그가 너희를 위하여 싸우시리라! 하였노라
23 “Nan tan sa a, osi, mwen te sipliye SENYÈ a, Bondye nou an. Mwen te di:
그 때에 내가 여호와께 간구하기를
24 ‘O SENYÈ BONDYE, Ou te kòmanse montre sèvitè ou a jan Ou gran ak men pwisan Ou. Paske ki dye ki genyen nan syèl la oswa sou tè a, ki kapab fè kalite zèv sa yo, zèv pwisan tankou pa Ou yo?
`주 여호와여! 주께서 주의 크심과 주의 권능을 주의 종에게 나타내시기를 시작하였사오니 천지간에 무슨 신이 능히 주의 행하신 일 곧 주의 큰 능력으로 행하신 일같이 행할 수 있으리이까?
25 Kite mwen pase, mwen priye Ou, travèse wè bèl peyi ki lòtbò Jourdain an, bèl peyi mòn sa a, avèk Liban.’
구하옵나니 나로 건너가게 하사 요단 저편에 있는 아름다운 땅 아름다운 산과 레바논을 보게 하옵소서' 하되
26 “Men SENYÈ a te fache avèk mwen akoz nou menm, e Li pa t koute mwen. SENYÈ a te di mwen: ‘Sa sifi! Pa pale M ankò de zafè sa a.
여호와께서 너희의 연고로 내게 진노하사 내 말을 듣지 아니하시고 내게 이르시기를 그만해도 족하니 이 일로 다시 내게 말하지 말라
27 Monte sou tèt Pisga, leve zye ou vè lwès, nan nò, sid avèk lès, e gade li avèk zye ou, paske ou p ap travèse Jourdain an.
너는 비스가산 꼭대기에 올라가서 눈을 들어 동서 남북을 바라고 네 눈으로 그 땅을 보라 네가 이 요단을 건너지 못할 것임이니라
28 Men pale Josué, ankouraje li e ba li fòs, paske li va ale lòtbò a nan tèt a pèp sa a, e li va bay yo li kòm eritaj pa yo peyi ke ou va wè a.’
너는 여호수아에게 명하고 그를 담대케 하며 그를 강경케 하라 그는 이 백성을 거느리고 건너가서 네가 볼 땅을 그들로 기업으로 얻게 하리라 하셨느니라
29 “Konsa, nou te rete nan vale a anfas Beth-Peor a.”
그때에 우리가 벨브올 맞은편 골짜기에 거하였었느니라

< Deteronòm 3 >