< Deteronòm 29 >
1 Sila yo se pawòl akò a ke SENYÈ a te kòmande Moïse pou fè avèk fis Israël yo nan peyi Moab la, anplis akò Li te fè avèk yo nan Horeb la.
這是上主在曷勒布山與以色列子民訂立的盟約以外,在摩阿布地方吩咐梅瑟同以色列子民訂立盟約的言辭。
2 Moïse te konvoke tout Israël e te di yo: “Nou te wè tout sa ke SENYÈ a te fè a Farawon nan peyi Égypte la e a tout sèvitè li yo avèk tout peyi li a;
梅瑟將所有的以色列人召來,對他們說:你們親自看見了上主當著你們的面,在埃及地對法郎,對他的臣僕,對他全國所做的一切,
3 gwo eprèv ke zye nou te wè yo, gwo sign sa yo avèk mèvèy yo.
那些驚人的折磨、神蹟和偉大的奇事,你們都親眼看見過。
4 Men jis rive jodi a, SENYÈ a pa t bannou yon kè pou konnen, ni zye pou nou wè, ni zòrèy pou nou tande.
但是,直到今天,上主還沒有給你們一顆能明瞭的心,能看見的眼,能聽見的耳。
5 Mwen te mennen nou pandan karantan nan dezè a. Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni sandal nou yo pa t epwize nan pye nou.
我在曠野四十年之久領導你們,你們身上的衣服沒有穿壞,腳上的鞋也沒有穿破;
6 Nou pa t manje pen, ni nou pa t bwè bwason ki fò pou nou ta konnen ke Mwen menm, se Senyè a, Bondye nou an.
當時你們沒有吃糧食,也沒有喝清酒醇酒,這是要你們知道,我上主是你們的天主。
7 Lè nou te rive kote sa a, Sihon, wa Hesbon an avèk Og, wa Basan an, yo te sòti pou rankontre nou pou batay, men nou te bat yo.
你們一來到此地,赫市朋王息紅和巴商王敖格出來與我們交戰,我們擊敗了他們,
8 Nou te pran peyi pa yo a pou bay li kòm eritaj a Ribenit yo, a Gadit yo e a mwatye tribi a Manasit yo.
佔領了他們的土地,分給了勒烏本人和加得人以及默納協半個支派作產業。
9 Pou sa, kenbe pawòl akò sa yo pou fè yo, pou nou kapab reyisi nan tout sa ke nou eseye fè.
所以你們應謹守遵行這盟約的話,好使你們在所做的一切事上,都能順利。
10 Nou vin kanpe la a jodi a, nou tout, devan SENYÈ, Bondye nou an: chèf nou yo, tribi nou yo, ansyen nou yo ak ofisye nou yo, tout mesye Israël yo,
今天你們全都站在上主你們的天主面前,──你們的首領、族長、長老、官長、和以色列所有的男子,
11 timoun nou yo, madanm nou yo ak etranje ki demere nan kan nou yo, soti nan sila ki koupe bwa dife nou, jis rive nan sila ki rale dlo nou yo,
你們的幼小和妻子,以及在你營中的外方人,從為你砍柴到為你汲水的人,──
12 pou nou kapab antre an akò avèk SENYÈ a, Bondye nou an, pou sèman ke SENYÈ Bondye nou an, ap fè avèk ou jodi a,
都來同上主你的天主締結盟約。即上主你的天主今天與你所立附有詛咒的誓約,
13 pou Li kapab etabli nou jodi a kòm pèp Li, e pou Li kapab devni Bondye nou, jis jan ke Li te pale nou an ak jan Li te sèmante a zansèt nou yo, a Abraham, Isaac, e a Jacob la.
好叫他今天,有如他向你所許過的,有如他向你祖先亞巴郎、依撒格和雅各伯所誓許的:立你做他的人民,他做你的天主。
14 Alò, se pa avèk nou sèlman ke Mwen ap fè akò sila a avèk sèman sila a,
我不但與你們立這約和這誓,
15 men avèk sila ki kanpe isit yo avèk nou jodi a nan prezans a SENYÈ a, Bondye nou an, e avèk sila ki pa la avèk nou jodi a
而且也與那些今天與我們同站在上主我們的天主面前的人,和那些今天不與我們同在這裏的人立約。
16 (paske nou konnen kijan nou te viv nan peyi Égypte la ak kijan nou te pase nan mitan nasyon kote nou te pase yo;
你們清楚知道,我們怎樣在埃及地住過,怎樣由一些民族中間走過;
17 anplis, nou te wè abominasyon pa yo ak zidòl pa yo an bwa, wòch, ajan ak lò, ki te avèk yo);
你們也見過他們的醜惡之物和他們那裏所有的木、石、金、銀的偶像。
18 pou pa t ap genyen pami nou jodi a ni gason, ni fanm, ni fanmi, ni tribi, ki gen kè ki vire kite SENYÈ a, Bondye nou an, pou ale sèvi lòt dye a nasyon sa yo; pou pa vin gen pami nou yon rasin ki pote fwi pwazon anmè konsa.
惟願在你們中沒有一個男人或女人,或家族,或支派,今日存心遠離上主我們的天主,去奉事這些民族的神;惟願在他們中沒有一根生出毒草和苦艾的根子,
19 Pou l ta rive ke lè li tande pawòl a madichon sila a, li vin ògeye, e di: ‘Mwen va gen lapè menmlè mwen mache avèk kè di, pou m detwi tè wouze ansanm ak tè sèk.’
以致有人在聽了這咒誓之後心中慶幸說:「我雖隨心所欲地行事,仍平安無事。」這要使濕地與乾地同歸於盡。
20 SENYÈ a p ap janm dakò pou padone li, men pito, lakòlè SENYÈ ak jalouzi Li va brile kont nonm sa a. Konsa, tout madichon ki ekri nan liv sa a, va vin rete sou li, e SENYÈ a va efase non li anba syèl la.
上主決不肯寬恕他;上主的烈怒和憤恨必向這人發作,這書上載的一切詛咒都要降在他身上,上主必由天下抹去他的名字。
21 Epi SENYÈ a va mete li apa pou mechanste l soti nan tout tribi Israël yo, selon tout madichon a akò ki ekri nan liv lalwa sila a.
上主將把他由以色列各支派中分出,照這法律書上所載的一切詛咒,使他遭受災禍。
22 “Alò, jenerasyon k ap vini an—fis nou ki leve apre nou yo, avèk etranje a ki sòti nan yon peyi lwen—lè yo wè toumant a peyi ak maladi avèk sila SENYÈ a te aflije li yo, yo va di:
未來的一代,即繼你們而興起的子孫,和遠地來的外方人,見了這地的災禍和上主所降的災殃,
23 Tout teritwa li se souf avèk sèl, yon kote devaste kap brile nèt. Li pa simen menm, ni pwodwi anyen, li san zèb grandi ladann, tankou boulvèsman Sodome nan avèk Gomorrhe a. Li tankou Adma avèk Tseboïm ke SENYÈ a te boulvèse nan chalè Li avèk kòlè Li.
見了硫磺、鹽鹵和被焚毀的整個地區,不能耕種,沒有出產,寸草不生,正如上主在忿怒和氣憤中消滅的索多瑪、哈摩辣、阿瑪得和責波殷所受的破壞一樣,
24 Tout nasyon yo va di: ‘Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi sila a? Poukisa gwo kòlè sila a?’
各民族要問說:「為什麼上主這樣對待了這地﹖這盛怒為何如此猛烈﹖」
25 “Epi yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone akò SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a te fè avèk yo, lè Li te mennen yo sòti nan peyi Égypte la.’
人必回答說:「這是因為他們離棄了上主他們祖先的天主,領他們出埃及地時,與他們所締結的盟約,
26 Yo te sèvi lòt dye yo e yo te adore yo, dye ke yo pa t konnen e ke Li pa t janm te ba yo.
而去事奉了其他的神,叩拜了他們素不認識,沒有給他們指定的神;
27 Pou sa, kòlè SENYÈ a te brile kont peyi a, pou mennen sou li tout madichon ki ekri nan liv sa a.
上主於是向這地大發忿怒,使這書上記載的一切詛咒都降在這地上。
28 SENYÈ a te dechouke yo nan peyi pa yo a nan kòlè Li. Avèk gwo mekontantman, Li te rache yo soti nan peyi yo pou jete yo nan yon lòt peyi, jan li ye kounye a.”
上主遂在忿怒激忿和烈怒中,將他們由本地拔除,拋棄在異國,就像今天一樣。」
29 Bagay sekrè yo apatyen a SENYÈ a, Bondye nou an. Men bagay ki revele yo se pou nou menm avèk fis nou yo jis pou tout tan, pou nou kapab obsève tout pawòl lalwa sila yo.
隱密的事,屬於上主我們的天主,已啟示的事,卻永遠與我們和我們的子孫有關,為叫我們實行這法律上的一切話。