< Deteronòm 27 >

1 Epi Moïse avèk ansyen Israël yo te bay lòd a pèp la. Li te di: “Kenbe tout kòmandman mwen kòmande nou jodi a yo.
Then Moses and the elders of Israel commanded the people: “Keep all the commandments I am giving you today.
2 Se konsa sa va ye nan jou ke nou travèse Jourdain an pou rive nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, pou nou fè kanpe pou nou menm gwo wòch e kouvri yo avèk mòtye lacho.
And on the day you cross the Jordan into the land that the LORD your God is giving you, set up large stones and coat them with plaster.
3 Nou va ekri sou yo tout pawòl a lwa sa yo, lè nou travèse, jis pou nou kapab antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou an, yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl, jan SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te pwomèt nou an.
Write on them all the words of this law when you have crossed over to enter the land that the LORD your God is giving you, a land flowing with milk and honey, just as the LORD, the God of your fathers, has promised you.
4 “Se konsa sa va ye pou nou lè nou travèse Jourdain an. Nou va fè kanpe sou mòn Ébal wòch sa yo, jan mwen ap kòmande nou jodi a, epi nou va kouvri yo avèk lacho.
And when you have crossed the Jordan, you are to set up these stones on Mount Ebal, as I am commanding you today, and you are to coat them with plaster.
5 Anplis, nou va bati la, yon lotèl a SENYÈ a, Bondye nou an, yon lotèl avèk wòch. Nou p ap voye yon zouti fè sou yo.
Moreover, you are to build there an altar to the LORD your God, an altar of stones. You must not use any iron tool on them.
6 Nou va bati lotèl SENYÈ a, Bondye nou an, avèk wòch ki pa taye. Konsa, nou va ofri sou li ofrann brile a SENYÈ a, Bondye nou an.
You shall build the altar of the LORD your God with uncut stones and offer upon it burnt offerings to the LORD your God.
7 Nou va fè sakrifis ofrann lapè yo, e nou va manje la. Konsa, nou va rejwi nou devan SENYÈ a, Bondye nou an.
There you are to sacrifice your peace offerings, eating them and rejoicing in the presence of the LORD your God.
8 Nou va ekri sou wòch yo tout pawòl a lwa sila yo, byen klè.”
And you shall write distinctly upon these stones all the words of this law.”
9 Moïse avèk prèt Levit yo te pale avèk tout Israël. Yo te di: “Fè silans O Israël! Nan jou sa a menm, nou devni yon pèp pou SENYÈ a, Bondye nou an.
Then Moses and the Levitical priests spoke to all Israel: “Be silent, O Israel, and listen! This day you have become the people of the LORD your God.
10 Pou sa, nou va obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va fè kòmandman Li yo avèk règleman Li yo ke mwen te kòmande nou jodi a.”
You shall therefore obey the voice of the LORD your God and follow His commandments and statutes I am giving you today.”
11 Moïse te osi bay lòd a pèp la nan jou sa a. Li te di:
On that day Moses commanded the people:
12 “Lè nou travèse Jourdain an, men sila ki va kanpe sou Mòn Garizim pou beni pèp la: Siméon, Lévi, Juda, Issacar, Joseph avèk Benjamin.
“When you have crossed the Jordan, these tribes shall stand on Mount Gerizim to bless the people: Simeon, Levi, Judah, Issachar, Joseph, and Benjamin.
13 Pou pwononse malediksyon yo, sila yo va kanpe sou Mòn Ébal: Ruben, Gad, Aser, Zabulon, Dan ak Nephtali.”
And these tribes shall stand on Mount Ebal to deliver the curse: Reuben, Gad, Asher, Zebulun, Dan, and Naphtali.
14 “Levit yo va, alò, reponn e di a tout pèp Israël la avèk yon gran vwa:
Then the Levites shall proclaim in a loud voice to every Israelite:
15 ‘Modi se mesye ki fè yon zidòl oswa yon imaj ki fonn, yon bagay abominab a SENYÈ a, zèv a yon ouvriye, e ki monte li an sekrè.’ Epi tout pèp la va reponn pou di: ‘Amen’.
‘Cursed is the man who makes a carved idol or molten image—an abomination to the LORD, the work of the hands of a craftsman—and sets it up in secret.’
16 ‘Modi se sila ki dezonore papa l oswa manman l.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
‘Cursed is he who dishonors his father or mother.’
17 ‘Modi se sila ki deplase limit lizyè vwazen li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
‘Cursed is he who moves his neighbor’s boundary stone.’
18 ‘Modi se sila ki mal gide yon avèg sou wout la.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
‘Cursed is he who lets a blind man wander in the road.’
19 ‘Modi se sila ki tòde lajistis pou yon etranje, òfelen, oswa vèv.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
‘Cursed is he who withholds justice from the foreigner, the fatherless, or the widow.’
20 ‘Modi se sila ki kouche avèk madanm a papa li, akoz li te dekouvri jip papa l.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
‘Cursed is he who sleeps with his father’s wife, for he has violated his father’s marriage bed.’
21 ‘Modi se sila ki kouche avèk nenpòt bèt.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
‘Cursed is he who lies with any animal.’
22 ‘Modi se sila ki kouche avèk sè li, fi a papa li, oswa a manman li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’
‘Cursed is he who sleeps with his sister, the daughter of his father or the daughter of his mother.’
23 ‘Modi se sila ki kouche avèk bèlmè li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’
‘Cursed is he who sleeps with his mother-in-law.’
24 ‘Modi se sila ki frape vwazen li an sekrè.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
‘Cursed is he who strikes down his neighbor in secret.’
25 ‘Modi se sila ki aksepte lajan pou asasine yon moun inosan.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
‘Cursed is he who accepts a bribe to kill an innocent person.’
26 ‘Modi se sila ki pa konfime pawòl a lwa sa yo avèk aksyon li’. Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’”
‘Cursed is he who does not put the words of this law into practice.’

< Deteronòm 27 >