< Deteronòm 26 >

1 “Konsa, li va rive ke lè nou antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou kòm eritaj la, epi nou vin posede li pou viv ladann,
“你进去得了耶和华—你 神所赐你为业之地居住,
2 ke nou va pran kèk nan premye a tout pwodwi latè ke nou mennen antre sòti nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an. Nou va mete li nan yon panyen e ale kote SENYÈ a, Bondye nou an, nan plas SENYÈ Bondye nou va chwazi pou etabli non Li an.
就要从耶和华—你 神赐你的地上将所收的各种初熟的土产取些来,盛在筐子里,往耶和华—你 神所选择要立为他名的居所去,
3 Nou va ale vè prèt ki anplas nan tan sa a, e nou va di li: ‘Mwen deklare nan jou sa a SENYÈ a, Bondye ou, ke mwen te antre nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bannou an.’”
见当时作祭司的,对他说:‘我今日向耶和华—你 神明认,我已来到耶和华向我们列祖起誓应许赐给我们的地。’
4 “Alò, prèt la va pran panyen an soti nan men ou e mete li devan lotèl SENYÈ a, Bondye ou a.
祭司就从你手里取过筐子来,放在耶和华—你 神的坛前。
5 “Ou va reponn e di devan SENYÈ a, Bondye ou a: ‘Papa m te yon vwayajè Arameyen fèt pou peri. Li te desann an Égypte, e li te demere la. Yo te piti an kantite, men la, li te devni yon gran nasyon pwisan avèk anpil moun.
你要在耶和华—你 神面前说:‘我祖原是一个将亡的亚兰人,下到埃及寄居。他人口稀少,在那里却成了又大又强、人数很多的国民。
6 Ejipsyen yo te trete nou byen di e te aflije nou. Yo te enpoze travay fòse sou nou.
埃及人恶待我们,苦害我们,将苦工加在我们身上。
7 Alò, nou te kriye a SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, epi SENYÈ a te tande vwa nou e te wè afliksyon nou avèk travay di ak opresyon yo.
于是我们哀求耶和华—我们列祖的 神,耶和华听见我们的声音,看见我们所受的困苦、劳碌、欺压,
8 Konsa, SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte avèk yon men pwisan, yon bra lonje, avèk gwo krent, avèk sign ak mèvèy.
他就用大能的手和伸出来的膀臂,并大可畏的事与神迹奇事,领我们出了埃及,
9 Li te mennen nou nan kote sa a, e te bannou peyi sa a, yon peyi k ap koule avèk lèt ak siwo myèl.
将我们领进这地方,把这流奶与蜜之地赐给我们。
10 “‘Koulye a, veye byen, mwen te mennen premye pwodwi a tè a, ke Ou menm, O SENYÈ a te ban mwen.’ Ou va mete li la devan SENYÈ a, Bondye ou a, epi adore devan SENYÈ a, Bondye ou a;
耶和华啊,现在我把你所赐给我地上初熟的土产奉了来。’随后你要把筐子放在耶和华—你 神面前,向耶和华—你的 神下拜。
11 epi ou menm avèk Levit la ak etranje ki pami nou an va rejwi nan tout bonte ke SENYÈ a, Bondye ou a, te bannou avèk tout lakay nou.
你和利未人,并在你们中间寄居的,要因耶和华—你 神所赐你和你家的一切福分欢乐。
12 “Lè nou fin peye tout dim a pwodwi yo nan twazyèm ane a, ane a dim nan; alò, nou va bay li a Levit la, a etranje a, a òfelen an, e a vèv la, pou yo kapab manje nan vil nou yo e vin satisfè.
“每逢三年,就是十分取一之年,你取完了一切土产的十分之一,要分给利未人和寄居的,与孤儿寡妇,使他们在你城中可以吃得饱足。
13 “Nou va di devan SENYÈ a, Bondye nou an, ‘Mwen te retire pòsyon sen ki te lakay mwen an; epi osi, mwen te bay li a Levit la ak etranje a, avèk òfelen ak vèv la, selon tout kòmandman Ou yo, ke Ou te kòmande mwen. Mwen pa t vyole ni bliye okenn nan kòmandman Ou yo.
你又要在耶和华—你 神面前说:‘我已将圣物从我家里拿出来,给了利未人和寄居的,与孤儿寡妇,是照你所吩咐我的一切命令。你的命令我都没有违背,也没有忘记。
14 Mwen pa t manje ladann pandan lamantasyon mwen, ni mwen pa t retire anyen ladann pandan mwen pa t pwòp, ni pa t ofri anyen nan li a mò yo. Mwen te koute vwa SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te fè selon tout sa ke Ou te kòmande mwen yo.
我守丧的时候,没有吃这圣物;不洁净的时候,也没有拿出来,又没有为死人送去。我听从了耶和华—我 神的话,都照你所吩咐的行了。
15 Gade anba depi nan abitasyon sen Ou an, depi nan syèl la, e beni pèp Ou a, Israël avèk tè ke Ou te bannou an, yon tè ki koule avèk lèt ak siwo myèl, jan Ou te sèmante a zansèt nou yo.’
求你从天上、你的圣所垂看,赐福给你的百姓以色列与你所赐给我们的地,就是你向我们列祖起誓赐我们流奶与蜜之地。’”
16 “Nan jou sa a, SENYÈ a Bondye nou an, kòmande nou pou fè lwa avèk règleman sila yo. Nou va fè atansyon pou fè yo avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou.
“耶和华—你的 神今日吩咐你行这些律例典章,所以你要尽心尽性谨守遵行。
17 “Jodi a, nou te pwoklame SENYÈ a, se Bondye nou, ke nou ta mache nan chemen Li yo, kenbe lwa Li yo, règleman Li yo ak kòmandman Li yo, e koute vwa Li.
你今日认耶和华为你的 神,应许遵行他的道,谨守他的律例、诫命、典章,听从他的话。
18 “Jodi a, SENYÈ a te pwoklame nou se pèp Li, yon posesyon presye, jan Li te pwomèt nou an, epi nou ta dwe kenbe tout kòmandman Li yo.
耶和华今日照他所应许你的,也认你为他的子民,使你谨守他的一切诫命,
19 Konsa, Li va plase nou wo anwo tout lòt nasyon ke Li te fè yo, pou lwanj, repitasyon ak onè, pou nou kapab yon pèp konsakre a SENYÈ a, Bondye nou an, jan Li te pale a.”
又使你得称赞、美名、尊荣,超乎他所造的万民之上,并照他所应许的使你归耶和华—你 神为圣洁的民。”

< Deteronòm 26 >